Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Pwoteje kè nou!”

“Pwoteje kè nou!”

“Pwoteje kè nou!”

Kongrè distri Temwen Jewova yo

TÈM JOUNEN VANDREDI A

“Jewova, li menm, li wè sa kè a ye” — 1 SAMYÈL 16:7.

TÈM JOUNEN SAMDI A

“Pawòl ki sot nan bouch yon moun montre sa k ranpli kè l” — MATYE 12:34.

TÈM JOUNEN DIMANCH LAN

“Sèvi Jewova ak yon kè ki konplè” — 1 KWONIK 28:9.

Labib pale de kè anviwon mil fwa. Men, pifò fwa yo, li pa pale de kè fizik yon moun, li pale de kè senbolik la. Ki sa kè senbolik la ye? Mo sa a ka fè referans ak moun nou ye pa anndan an, sa vle di panse nou, santiman nou ak anvi nou genyen.

Poukisa li enpòtan pou n pwoteje kè senbolik nou an? Bondye te enspire wa Salomon pou l ekri pawòl ki vin annapre yo: “Plis pase tout lòt bagay ou dwe pwoteje, pwoteje kè w, paske se nan li sous lavi a ye.” ​(Pwovèb 4:23). Kalite lavi n ap mennen kounye a ak esperans nou genyen pou lavi k ap vini an depann nan ki kondisyon kè senbolik nou an ye. Poukisa? Paske Bondye wè sa ki nan kè nou (1 Samyèl 16:7). Se moun nou ye pa anndan nou an, “moun nou ye nan fon kè nou an”, ki detèmine ki jan Bondye konsidere nou. — 1 Pyè 3:4.

Ki jan nou ka pwoteje kè nou? W ap jwenn detay sou kesyon sa a nan kongrè Temwen Jewova yo ap fè toupatou sou tè a apati mwa me a. Nou byen kontan envite w asiste toule twa jou kongrè sa a *. Sa w pral aprann yo ap ede w aji yon fason k ap fè kè Jewova Dye kontan. — Pwovèb 27:11.

[Nòt anba paj]

^ § 11 Pou w konnen ki kongrè k ap fèt pi pre lakay ou, tanpri al sou sit www.pr418.com la. Ou ka kontakte Temwen Jewova ki nan zòn bò lakay ou yo tou oswa ou ka ekri òganizasyon ki pibliye peryodik sa a.

[Liy kredi pou foto nan paj 32]

Foto ki adwat la: Aus dem Fundus der MÜNCHNER OLYMPIAPARK GMBH, München