Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou imite lafwa yo

“Kote ou prale, mwen prale avè ou”

“Kote ou prale, mwen prale avè ou”

RIT t ap mache bò kote Nawomi nan yon wout ki travèse gwo plèn Mowab yo. Gen anpil van ki t ap vante sou wout la. Kounye a, de medam yo pou kont yo, yo lage nan yon gwo savann. Imajine Rit ki wè l ap ta nan aprèmidi, li pral kòmanse fè nwa. L ap gade bèlmè l epi l ap mande tèt li si se pa moman pou l ta chèche yon kote pou yo pase nuit lan. Li renmen Nawomi anpil e li dispoze fè tout sa l kapab pou l pran swen l.

Toule de medam yo te gen gwo lapèn. Nawomi te pèdi mari l depi plizyè ane. Men kounye a, li nan gwo tristès, paske li fèk pèdi de pitit gason l yo, Kilyòn ak Malòn. Rit tou te gen gwo chagren, paske se Malòn ki te mari l. Li menm ak Nawomi t apral menm kote, nan vil Betleyèm ann Izrayèl. Men vwayaj la pa t vle di menm bagay pou yo. Nawomi t ap retounen lakay li. Tandiske Rit t apral yon kote li potko janm konnen. Li te kite fanmi l, peyi l, ak tout koutim ki gen nan peyi l ansanm ak dye li te konn adore yo. — Rit 1:3-6.

Ki sa k te pouse Rit, yon jèn dam, fè yon gwo chanjman konsa nan lavi l? Ki kote Rit t apral jwenn fòs pou l refè vi l e pou l pran swen Nawomi? Lè nou egzamine repons yo bay pou kesyon sa yo, n ap vin gen plis rezon toujou pou nou imite lafwa Rit, mowabit la. Pou kòmanse, ann gade ki sa k te fè de medam sa yo twouve yo sou wout long sa a ki mennen Betleyèm.

Yon fanmi ki dechire akoz gwo trajedi

Rit te grandi Mowab, yon ti peyi ki twouve l nan lès lanmè Sale. Se yon zòn ki te gen anpil gwo plèn men ki pa t gen anpil pye bwa, li te gen kèk ravin fon ki travèse l. Tè “peyi Moab” yo te konn pwodui anpil menm lè te gen gwo grangou ann Izrayèl. Anfèt, se sa k te fè Rit rankontre ak Malòn ansanm ak fanmi l pou premye fwa. — Rit 1:1.

Te gen yon gwo grangou ann Izrayèl. Sa te fè Elimelèk, mari Nawomi an, kite peyi l epi li pran madanm li ak de pitit gason l yo y al nan peyi Mowab pou y al chèche lavi miyò antanke etranje. Demenajman sa a t apral pase lafwa chak moun nan fanmi an anba eprèv, paske Izrayelit yo te dwe al adore Jewova regilyèman kote ki sakre a, yon kote Jewova te chwazi (Detewonòm 16:16, 17). Nawomi te pran tout dispozisyon pou lafwa l te rete solid. Sepandan, sa pa t anpeche l gen gwo chagren lè mari l te mouri. — Rit 1:2, 3.

Kèk tan apre, lè Nawomi te wè de pitit gason l yo marye ak fi Mowabit, petèt sa te fè l soufri ankò (Rit 1:4). Nawomi te konnen jan Abraram, zansèt nasyon l lan, te fè gwo efò pou l te jwenn yon madanm pou pitit li, Izarak, pami pèp li a ki t ap adore Jewova (Jenèz 24:3, 4). Pi devan, Lwa Moyiz la te bay Izrayelit yo mizangad pou yo pa kite ni pitit gason yo ni pitit fi yo marye ak moun lòt nasyon pou moun sa yo pa fè pèp Bondye a tonbe nan idolatri. — Detewonòm 7:3, 4 *.

Poutan, ni Malòn ni Kilyòn te marye ak fi Mowabit. Menmsi Nawomi te enkyè e li te pran yon desepsyon pou sa k te pase a, li klè, li te fè efò pou l demontre vrè bonte a ak vrè lanmou an pou de bèl fi l yo, Rit ak Òpa. Petèt, li te toujou gen espwa yon jou de medam yo t ap vin sèvi Jewova menm jan avè l. Kèlkeswa jan sa te ye, toule de medam yo te apresye Nawomi anpil. Bon relasyon yo te genyen te ede yo lè gwo malè te frape. Anvan de jèn medam yo te fè pitit, yo te gentan pèdi mari yo. — Rit 1:5.

Èske relijyon Rit te ye anvan an te prepare l pou l fè fas ak yon kalamite konsa? Li pwobab pou repons lan se non. Mowabit yo te konn adore anpil dye. Dye ki te pi enpòtan pami yo se te Kemòch (Nonb 21:29). Sanble, moun ki te nan relijyon Mowabit yo te konn fè vyolans sou moun e yo te konn fè lòt zak terib ki te kouran nan epòk la, tankou yo te konn sakrifye timoun. Se sèten, tout sa Rit te aprann nan men Malòn ak Nawomi sou bonte ak mizèrikòd Jewova, Bondye Izrayèl la genyen, te ede l wè jan Jewova pa menm ak lòt dye yo. Jewova egzèse dominasyon l avèk amou, li pa fè sa nan simen laterè (Detewonòm 6:5). Apre Rit te fin pèdi mari l, li te vin pi pwòch ak Nawomi. Li te pi dispoze koute Nawomi ki te aje lè l t ap pale l de Jewova, Bondye toupisan an. Li te koute Nawomi tou lè l t ap rakonte l bèl travay Jewova fè, jan Jewova demontre lanmou ak mizèrikòd nan fason li boule ak pèp li a.

Nawomi, bò kote pa l, te renmen tande nouvèl sou sa k ap pase nan peyi l. Yon jou, petèt te gen yon komèsan ki konn fè vwayaj ki te fè l konnen gwo grangou a te fini ann Izrayèl. Jewova te voye je gade pèp li a. Betleyèm te repran non li te genyen an ankò, non ki vle di “Kay ki gen pen”. Nawomi te deside retounen nan peyi l. — Rit 1:6.

Kounye a, ki sa Rit ak Òpa t apral fè (Rit 1:7)? Eprèv yo te pase ansanm yo te fè yo vin pwòch ak Nawomi. Sanble bonte Nawomi te gen lakay li ak lafwa solid li te gen nan Jewova te atire Rit sitou. Twa vèv yo te pati, yo pran wout pou y al Jida ansanm.

Liv Rit la fè nou sonje trajedi ak lanmò frape ni bon moun ni move moun (Eklezyas 9:2, 11). Anplis de sa, istwa sa a montre nou lè nou gen moun pa nou ki mouri e soufrans lan rèd pou nou, li bon pou nou chèche rekonfò ak konsolasyon nan men lòt moun, sitou moun ki chèche refij bò kote Jewova, Bondye Nawomi t ap adore a. — Pwovèb 17:17.

Lanmou fidèl Rit te genyen

Pandan twa vèv yo t ap kraze wout, gen yon lòt bagay ki t ap trakase Nawomi. Li t ap panse ak de jèn medam yo ki ansanm ak li. Li t ap reflechi sou lanmou yo gen pou li ak lanmou yo te genyen pou pitit gason l yo. Li pa t vle kounye a pou se li menm ki pral ajoute sou pwoblèm medam yo deja genyen. Si medam yo kite peyi yo epi yo vini avè l Betleyèm, nan peyi pa l, ki sa l pral fè pou yo lè yo rive?

Lè Nawomi wè sa, li di yo: “Pito nou tounen lakay nou al jwenn manman nou. Mwen mande Senyè a pou l aji byen ak nou menm jan nou te aji byen avè m ansanm ak defen yo.” Mete sou sa, li di yo li swete pou Jewova beni yo, pou l fè yo jwenn yon lòt mari pou yo ka refè vi yo. Men sa istwa a di: “Lè li fin di yo sa, li bo yo, li di yo l ale. Men, de medam yo pete rele.” Li pa difisil pou nou konprann poukisa Rit ak Òpa te santi yo atache ak Nawomi konsa, yon moun ki gen bon kè e ki pa egoyis. Toule de medam yo te kontinye ensiste, yo di l konsa: “Non! Nou prale avè ou nan peyi ou.” — Rit 1:8-10.

Li pa t fasil pou yo konvenk Nawomi. Avèk fèmte, Nawomi te kontinye rezone ak medam yo. Li te esplike yo si y al ann Izrayèl li pap ka fè anyen pou yo, piske li pa gen mari pou pran swen l, li pa gen pitit gason ankò pou marye avèk yo e li pa gen okenn espwa sitiyasyon an ap chanje. Li te di yo piske li konnen li pap ka pran swen yo sa te vrèman ba l gwo tètchaje. — Rit 1:11-13.

Òpa te rann li kont sa Nawomi te di a se vre. Li gen fanmi nan peyi l, Mowab, manman l la e li gen yon kay k ap tann li. Li t ap pi bon pou li si l rete Mowab. Konsa, ak kè l tou sere, li bo Nawomi, li di l orevwa, epi li tounen lakay li. — Rit 1:14.

Bon, e Rit menm? Pawòl Nawomi te di yo te pou li tou. Poutan, men sa nou li: “Men, Rit menm te refize kite l.” Petèt, Nawomi te rekòmanse mache sou wout la, men lè l gade li wè Rit kontinye suiv li, li di l: “Rit machè! Gade bèlsè ou la! Li tounen l’al jwenn moun li yo ansanm ak bondye l’ap sèvi yo. Fè menm jan an tou. Tounen ansanm avè l non!” ​(Rit 1:15). Pawòl Nawomi te di yo bay yon detay ki gen anpil enpòtans pou moun k ap li istwa a. Òpa pa t tounen al jwenn moun lakay li sèlman men li te tounen al jwenn “bondye l’ap sèvi yo” tou. Li te vle rete pou l te ka sèvi Kemòch ak lòt fo dye yo. Èske se chwa sa a Rit te fè tou?

Pandan Rit te sou wout ak Nawomi, yon wout ki te san moun, santiman li te gen nan kè l pou Nawomi yo te byen klè, li pa t gen dout sou yo. Kè l te chaje ak lanmou ni pou Nawomi, ni pou Bondye Nawomi t ap sèvi a. Se sa k fè li te di Nawomi konsa: “Pa fòse m kite ou! Tanpri, kite m ale avè ou. Kote ou prale, mwen prale avè ou. Kote ou rete, m’a rete avè ou. Se moun pa ou yo ki va moun pa m. Bondye w’ap sèvi a, se li m’a sèvi tou. Kote w’a mouri a, se la m’a mouri tou. Epi se la y’a antere m tou. Mwen mande Senyè a pou l ban mwen pi gwo madichon ki ka genyen, si se pa lanmò ki pou separe nou.” — Rit 1:16, 17.

Pawòl Rit te di yo tèlman remakab, menm apre li fin mouri sa gen 3 000 an, moun kontinye ap repete pawòl li te di a. Lanmou Rit te gen pou Nawomi an te tèlman fò, li te tèlman fidèl, sa te fè l rete atache ak Nawomi, li te suiv Nawomi tout kote l ale. Se sèl lanmò ki te ka separe yo. Pèp Nawomi an t ap vin pèp pa l tou. Rit te dispoze kite tout bagay ki te enpòtan pou li nan peyi Mowab, li te kite menm dye mowabit yo tou. Kontrèman ak Òpa, Rit te ka di ak tout kè l li vle pou Jewova, Bondye Nawomi ap sèvi a, vin Bondye pa l tou *.

Kounye a, se yo de a sèlman k ap mache sou wout la, yon wout byen long ki mennen Betleyèm. Selon yon estimasyon, vwayaj la te ka dire jiska yon semèn. Se sèten, youn te jwenn rekonfò nan konpayi lòt pou yo te ka fè fas ak gwo tristès yo te genyen.

Gen anpil moun ki nan gwo tristès nan monn nan. Nan epòk nou an, yon epòk Bib la rele ‘tan ki di, e ki difisil pou moun sipòte’, nou fè fas ak tout kalite sitiyasyon ki ban nou chagren e nou pèdi moun pa nou tout jan (2 Timote 3:1). Se sa k fè, kalite Rit te genyen an, se yon kalite ki enpòtan anpil pou nou genyen jodi a plis pase tout lòt lè. Lanmou fidèl, jan de lanmou ki pouse yon moun rete atache ak yon lòt moun e ki fè l refize kite moun nan, se yon fòs pisan ki ede nou fè byen nan monn fènwa n ap viv jodi a. Nou bezwen kalite sa a nan maryaj nou, nan fanmi nou, nan amitye nou gen ak lòt moun, nan kongregasyon an. Lè nou kiltive kalite lanmou sa a, nou imite bèl egzanp Rit te kite a.

Rit ak Nawomi rive Betleyèm

Natirèlman, di nou gen lanmou fidèl nan bouch se youn, demontre nou gen kalite sa a nan aksyon nou se de. Rit te gen posiblite pou l montre lanmou fidèl li genyen nonsèlman pou Nawomi men tou pou Jewova, Bondye li te chwazi pou Bondye pa l la.

Finalman, de medam yo rive Betleyèm, yon ti vil ki te nan yon distans anviwon dis kilomèt, nan sid Jerizalèm. Sanble, gen yon epòk Nawomi ak fanmi l te enpòtan nan ti vil sa a, paske tout moun nan zòn nan t ap pale de Nawomi ki retounen an. Medam yo t ap plede gade l epi yo t ap di: “Ou kwè se Naomi sa?” Li klè, tan Nawomi te fè nan peyi Mowab la te chanje l anpil. Vizaj li, fason li te mache fason li kanpe, te montre lavi a pa t fasil pou li pandan ane ki te pase yo, li te gen anpil tristès. — Rit 1:19.

Nawomi te fè medam ki te fanmi l yo ak vwazin li te gen lontan yo konnen jan lavi a te vin difisil pou li. Li te menm panse fò yo ta chanje non l. Li te di pa rele l Nawomi ankò, non sa a vle di “cham” men se pou yo rele l “Mara” pito, non sa a vle di “anmè”. Pòv Nawomi! Menm jan ak Jòb ki te viv anvan l, li te panse se Jewova Dye ki te fè malè sa yo rive l. — Rit 1:20, 21; Jòb 2:10; 13:24-26.

Piske de medam yo te rete Betleyèm, Rit t ap reflechi sou pi bon mwayen ki genyen pou l pran swen tèt li ak Nawomi. Li te vin aprann nan lwa Jewova te bay pèp li a ann Izrayèl, te gen yon dispozisyon li te pran pou moun ki malere yo. Yo te pèmèt moun sa yo antre nan jaden lòt moun nan moman rekòt la pou yo suiv moun k ap rekòlte yo, pou yo ka ranmase sa moun yo kite dèyè nan jaden an, sa ki nan lizyè yo ak sa ki nan kwen jaden an *. — Levitik 19:9, 10; Detewonòm 24:19-21.

Se te epòk rekòt lòj. Petèt nan mwa avril selon kalandriye pa nou. Rit t al nan jaden pou l wè si gen moun ki t ap kite l vin ranmase grap nan jaden pa yo ann amoni ak lwa Bondye te bay sou grapiyay la. Paraza, l al tonbe nan jaden Bowaz, yon grandon ki rich e ki fanmi Elimelèk, mari Nawomi ki te mouri a. Menmsi Lalwa te bay Rit dwa pou l ranmase pwovizyon ki rete nan jaden nenpòt moun, li pa t pran sa pou yon bagay nòmal kòmsi moun yo dwe l. Li te mande jèn mesye ki te responsab moun k ap rekòlte yo pèmisyon pou l travay nan jaden an. Mesye a te ba l otorizasyon pou l fè sa. Konsa, menm kote a Rit te kòmanse travay. — Rit 1:22–2:3, 7.

Imajine Rit k ap suiv moun k ap rekòlte yo! Pandan y ap koupe grap lòj ak sèpèt ann silèks yo, Rit bese pou l ranmase grap ki tonbe oubyen grap moun yo kite dèyè yo. Apre sa, li rasanble branch yo li mare yo ansanm. Li pote yo al met yon kote pou l ka bat yo pou l retire grenn yo pita. Se yon travay ki te pran tan e travay la te fatigan, li te vin pi difisil toujou nan fen jounen an. Malgre sa, Rit te kontinye travay. Li te fè yon ti kanpe sèlman pou l siye swe ki nan fwon l e pou l pran yon ti manje tou senp nan poz midi a nan “kay la”, sanble se yon ti kay yo te fè pou travayè yo ka jwenn lonbray.

Sanble Rit pa t vle moun wè l ni li pa t swete sa tou. Poutan, gen moun ki te remake l. Bowaz te wè l. Li t al mande jèn mesye ki responsab travay la enfòmasyon sou li. Bowaz te gen yon lafwa remakab nan Jewova. Li toujou salye moun k ap travay ak li yo, gen kèk nan yo ki te konn vann li jounen, gen lòt ki te menm etranje. Li te konn di yo: “Jewova avèk nou.” Yo te konn reponn li avèk jantiyès yo te di l menm bagay la tou. Mesye aje sa a ki te renmen Jewova te enterese nan Rit tankou yon papa. — Rit 2:4-7, NW.

Bowaz te rele Rit “mafi”, li te di Rit li mèt kontinye vin ranmase bagay nan jaden pa l yo e li mèt rete toupre jèn medam ki lakay li yo dekwa pou mesye k ap travay yo pa ba l pwoblèm. Bowaz te veye pou Rit gen manje pou l manje nan poz midi a. Men sa k pi enpòtan ankò sèke li te chèche okazyon pou l felisite Rit e pou l ankouraje l. Kòman li te fè sa? — Rit 2:8, 9, 14.

Lè Rit te mande Bowaz ki sa li te fè pou l merite favè li antanke etranje, Bowaz te di l li tande tout sa l te fè pou bèlmè l, Nawomi. Sanble Nawomi te konn fè lwanj pou Rit devan medam Betleyèm yo e pawòl la t al tonbe nan zòrèy Bowaz. Anplis de sa, Bowaz te konnen Rit te vin sèvi Jewova, paske men sa Bowaz te di: “Se pou Jewova rekonpanse w pou fason w aji a, e se pou w jwenn yon salè ki total nan men Jewova, Bondye Izrayèl la, Bondye w vin chèche refij anba zèl li a.” — Rit 2:12, NW.

Pawòl sa yo dwe te ankouraje Rit! Li te deside pran refij anba zèl Jewova Dye, menm jan yon ti zwazo antre anba zèl manman l pou l ka jwenn pwoteksyon. Li te remèsye Bowaz paske li te pale avèk li yon fason ki ba li asirans. Rit te kontinye travay jis nan aswè. — Rit 2:13, 17.

Lafwa Rit te genyen an, yon lafwa li demontre nan aksyon l, se yon bèl egzanp pou nou tout k ap debat anba pwoblèm ekonomik ki gen jodi a. Rit pa t janm met nan tèt li lòt moun dwe l anyen. Li te apresye nenpòt bagay lòt moun te ba li. Li pa t wont travay anpil ni pou l travay di pou l te pran swen yon moun li renmen, menmsi travay li t ap fè a te parèt rabesan. Avèk rekonesans, li te aksepte bon konsèy yo te ba li sou fason pou l travay an sekirite e pou l travay avèk moun k ap bon konpayi pou li. Sa k te pi enpòtan, sèke li pa t janm bliye ki kote vrè refij li ye, li te konnen se bò kote Jewova Dye, Papa k ap pwoteje l la.

Si nou montre nou gen lanmou fidèl menm jan ak Rit, e si nou suiv egzanp imilite li gen lakay li, jan li renmen travay, e jan li rekonesan dèske li aprann konnen Jewova, n ap remake lòt moun ap pran plezi pou yo imite lafwa pa nou tou paske n ap vin yon bèl egzanp pou yo.

[Nòt anba paj]

^ § 22 Li enpòtan pou nou remake, Rit pa t itilize tit enpèsonèl “Bondye” a sèlman, jan anpil etranje te ka fè sa, men tou li te itilize non pèsonèl Bondye genyen an ki se Jewova. Men kòmantè yon diksyonè biblik fè sou pwen sa a: “Konsa, ekriven an montre etranje sa a se yon moun ki t ap suiv vrè Dye a.” — The Interpreter’s Bible.

^ § 29 Se te yon lwa ki remakab, se sèten, li pa t sable ak okenn lwa Rit te konnen nan peyi l. Nan epòk sa a, nan ansyen Pwòch Oryan, moun yo pa t byen trete vèv yo. Men sa yon liv referans rapòte: “Lè mari yon fi te mouri, nòmalman vèv la te dwe konte sou pitit gason l pou ede l. Si l pa t gen okenn pitit gason, li te ka oblije vann tèt li kòm esklav oubyen li te ka oblije fè pwostitisyon pou l viv oubyen li t ap mouri.”

[Kare nan paj 30]

Yon ti liv ki yon chedèv

Yo pale de liv Rit la kòm yon ti bijou, kòm yon ti liv ki yon chedèv. Se vre, li pa yon gwo liv menm jan ak liv Jij la. Yo te ekri liv Jij la anvan liv Rit la e li ede nou konnen nan ki epòk evènman yo rapòte nan liv Rit la te pase (Rit 1:1). Li klè, se pwofèt Samyèl ki te ekri toule de liv sa yo. Pandan n ap li Bib la, n ap dakò liv Rit la fè pati kanon Bib la, e li byen plase kote li ye a. Apre nou fin li istwa yo rapòte nan liv Jij la sou lagè, sou atak lòt nasyon te fè sou pèp Bondye a ak kont atak pèp la te fè, n ap rive nan ti liv Rit la. Liv sa a fè n sonje Jewova pa janm sispann voye je sou moun ki byen pezib yo k ap debat anba tout kalite pwoblèm y ap rankontre chak jou nan lavi a. Ti dram sa a ki te rive nan yon fanmi gen kèk gwo leson ladan l sou lanmou, sou moun ki pèdi moun pa yo, sou lafwa ak fidelite, e leson sa yo ka pwofitab pou nou tout.

[Foto nan paj 28]

Avèk sajès, Rit te vin pwòch ak Nawomi nan moman yo te nan tristès e yo te gen lanmò.

[Foto nan paj 28, 29]

“Se moun pa ou yo ki va moun pa m. Bondye w’ap sèvi a, se li m’a sèvi tou.”

[Foto nan paj 31]

Rit te aksepte travay di, li te fè travay ki parèt rabesan, pou l te ka pran swen tèt li ak Nawomi.