Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lektè nou yo ta renmen konnen

Lè moun fimen èske Bondye bay sa enpòtans?

Lè moun fimen èske Bondye bay sa enpòtans?

▪ Yon moun ki sensè ka poze tèt li kesyon sa a, piske pa gen okenn lwa nan Bib la ki pale de tabak. Èske sa vle di li difisil pou moun konnen pwennvi Bondye sou sa? Non, pa ditou.

Men sa Bib la di: “Tout sa ki nan Ekriti yo se Bondye ki enspire yo.” ​(2 Timote 3:16). Nan Bib la, nou jwenn prensip ki klè ak pawòl ki montre jan Bondye vle pou nou pran swen tèt nou pou nou ka viv an sante. Toudabò, ann gade sa moun ki fè rechèch yo te dekouvri sou efè tabak gen sou sante moun ki itilize l. Apre sa, n ap egzamine jan sa moun ki fè rechèch yo jwenn tonbe daplon ak prensip ki nan Bib la.

Tabak bay moun pwoblèm sante e sa ka fè yo mouri alòske yo te ka anpeche sa. Nan peyi Etazini, sou chak senk moun ki mouri gen youn ladan yo ki mouri akoz li te sèvi ak tabak. Selon rapò yon enstitisyon te bay, nan peyi sa a, chak ane, kantite moun ki mouri paske yo te sèvi ak tabak yo plis pase kantite “moun ki touye tèt yo, moun yo touye, moun ki mouri nan pran dwòg, nan sida, nan aksidan machin ak nan alkòl”. — National Institute on Drug Abuse.

Moun k ap fimen an fè lòt moun ditò. Kèlkeswa kantite lafimen sigarèt yon moun respire l ap gen move konsekans sou sante l. Moun ki pa fimen, men ki respire lafimen sigarèt gen 30 pousan plis risk pou yo fè kansè nan poumon e pou yo fè maladi kè. Nan denye ane yo, doktè yo jwenn yon lòt danje ki gen nan lafimen sigarèt, se pwodui chimik ki rete nan rad moun, nan kapèt, ak lòt kote ankò apre yon moun fin fimen, e pwodui sa yo rete byen lontan apre lafimen sigarèt la fin disparèt. Pwodui chimik sa yo ki se pwazon bay timoun yo sitou pwoblèm sante e yo ka diminye kapasite timoun yo genyen pou yo aprann.

Moun ka vin esklav sigarèt. Lè moun sèvi ak tabak yo vin esklav yon move abitid ki ba yo pwoblèm sante. Moun ki fè rechèch yo kwè moun ki esklav nikotin, youn nan prensipal pwodui ki nan tabak, vin esklav youn nan pwodui ki pi difisil pou moun soti anba l.

Ki jan sa moun ki te fè rechèch yo te jwenn tonbe daplon ak prensip ki nan Bib la? Reflechi sou pwen ki vin apre yo:

Bondye vle nou respekte lavi. Nan Lwa Bondye te bay pèp Izrayèl la, li te di moun ki vle fè l plezi dwe respekte lavi (Detewonòm 5:17). Izrayelit yo te dwe fè yon balistrad oubyen yon ti mi toutotou do kay yo. Poukisa? Paske do kay yo te plat yo te konn itilize yo pou yo fè lòt aktivite. Ti mi an te anpeche moun nan fanmi an ak lòt moun ki te sou do kay la tonbe anba konsa yo pa t ap blese oubyen yo pa t ap mouri (Detewonòm 22:8). Izrayelit yo te dwe veye pou bèt yo te genyen pa blese lòt moun (Egzòd 21:28, 29). Yon moun ki sèvi ak tabak vyole prensip ki nan lwa sa yo. Li chwazi bay tèt li pwoblèm sante. Lè yon moun fimen li mete sante lòt moun ki bò kote l yo an danje.

Bondye atann pou nou renmen ni li ni pwochen nou. Jezi Kris te fè konnen disip li yo dwe obeyi de pi gwo kòmandman yo. Yo dwe renmen Bondye ak tout kè yo, tout nanm yo, tout lespri yo ak tout fòs yo e yo dwe renmen pwochen yo jan yo renmen tèt yo (Mak 12:28-31). Piske lavi se yon kado Bondye bay, yon moun ki fimen oubyen ki pran tabak montre li pa gen respè pou kado sa a e konsa li montre li pa renmen Bondye (Travay 17:26-28). Move abitid moun sa a genyen ka bay lòt moun gwo pwoblèm, konsa lè l di li renmen pwochen l se manti li bay.

Bondye mande nou evite abitid k ap sal kò nou. Bib la fè kretyen yo konnen yo dwe pirifye tèt yo ‘anba tout sa ki ka sal kò yo ak lespri yo’. (2 Korentyen 7:1.) Li klè, lè yon moun fimen oubyen li pran tabak li sal kò l. Moun ki vle kite fimen pou yo fè Bondye plezi gen yon gwo defi pou yo leve. Men, grasa èd Bondye, yo ka venk move abitid sa a k ap sal kò yo.