Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Evanjil Jida”: Ki sa l ye?

“Evanjil Jida”: Ki sa l ye?

NAN mwa avril 2006, kèk jounal nan lemonnantye te rapòte yon istwa ki te fè anpil moun sezi. Jounal yo te anonse yo te dekouvri yon ansyen dokiman yo rele “Evanjil Jida” e gen yon ekip espè ki t apral pibliye l bay piblik la. Selon jounal yo, espè yo te fè konnen tèks yo te dekouvri a pral fè moun wè Jida, disip ki te trayi Jezi a, yon lòt jan. Dapre sa yo di, Jida se te yon moun ki merite pou yo onore l, li te apot ki te pi byen konprann Jezi e li te livre Jezi pou yo touye l paske Jezi te mande l fè sa.

Èske dokiman sa a se yon fo dokiman ki pa di laverite? Èske l revele nou kèk bagay nou pa t konnen sou Jida Iskaryòt, sou Jezi Kris ak sou premye kretyen yo? Èske l ap fè nou chanje fason nou wè Kris ak fason nou wè ansèyman l yo?

FASON YO JWENN “EVANJIL JIDA” A

Jan yo te vin jwenn “Evanjil Jida” a pa fin twò klè. Olye se akeyològ ki te jwenn li e ki te anrejistre l, dokiman sa a te parèt bridsoukou sou mache antikite a nan fen ane 1970 yo oubyen nan kòmansman ane 1980 yo. Sanble yo te jwenn li ann Ejip nan ane 1978, nan yon tonm ki abandone, li pwobab se te nan yon gwòt. Dokiman sa a te youn nan kat tèks ki te nan yon kodèks (yon dokiman sou fòm liv ki te egziste lontan) ki te ekri nan lang kòp (yon lang ki soti nan lang Ejipsyen yo te konn pale nan tan lontan).

Lefètke kodèks la te ekspoze pandan plizyè syèk nan klima sèk ki gen ann Ejip la, po kodèks la ki te fèt an kui te frajil e li t ap depafini rapidman. Kèk espè te fè yon ti gade dokiman sa a nan ane 1983, men pri yo t ap mande pou dokiman an te tèlman chè, pa t gen moun ki te achte l. Apre sa, yo te neglije kodèks la pandan plizyè ane e yo pa t byen pwoteje l. Sa te vin lakòz kodèks la te depafini pi vit toujou. Nan ane 2000, te gen yon suis ki te konn achte ak vann objè antik ki te achte l. Apre yon ti tan, komèsan sa a te vin bay yon ekip espè entènasyonal yon travay difisil pou yo fè: restore kodèks la. Nan moman sa a, yo te jwenn kèk pati nan kodèks la ki te fè plizyè moso. Ekip sa a t ap travay anba sipèvizyon de òganizasyon (Maecenas Foundation for Ancient Art ak National Geographic Society). Li te gen pou l chèche konnen konbyen ane kodèks la genyen depi l egziste. Ekip la te gen pou l tradui sa ki ekri ladan l e pou yo entèprete l.

Ekip la te itilize metòd kabòn 14 la pou yo ka konnen depi ki lè l egziste. Travay la te montre dokiman an sanble egziste depi twazyèm oubyen katriyèm syèk epòk nou an. Sepandan, espè yo te panse “Evanjil Jida” a ki ekri nan lang kòp la se yon tradiksyon tèks grèk orijinal la, yon tèks ki te deja ekri depi byen lontan. Nan ki epòk yo te ekri tèks grèk “Evanjil Jida” a e nan ki sikonstans yo te ekri l?

“EVANJIL JIDA” A: YON EVANJIL NOSTIK

Premye fwa yo pale de “Evanjil Jida” a, se te nan yon liv Irene, yon ekriven ki te di l se kretyen, te ekri nan fen dezyèm syèk epòk nou an. Nan yon liv li te ekri ki rele Contre les Hérésies, men sa l di konsènan youn nan gwoup li pa t dakò ak ansèyman l yo: “Yo fè konnen Jida, trèt la [...] se sèl moun ki te konnen verite a pami disip yo, konsa li te fè zak trayizon an ki se yon mistè pou lòt yo. [...] Yo fabrike istwa sa a, e yo rele istwa sa a Evanjil Jida.”

“Evanjil sa a se pa yon moun ki te konnen Jida e ki te viv nan menm epòk avè l ki te ekri l.”

Irene te sitou detèmine pou l konbat divès ansèyman kretyen nostik ki te pretann yo posede yon konesans espesyal. Mouvman nostik la se yon mouvman ki gen plizyè gwoup relijye ladan l, e chak gwoup sa yo konprann “verite” kretyen yo kwè ladan l lan fason pa yo e yo entèprete l fason pa yo. Pou nostik yo te fè moun konnen entèpretasyon pa yo sou sa “verite” kretyen yo kwè ladan l lan ye, yo te ekri anpil liv e liv sa yo te gaye pandan dezyèm syèk epòk nou an.

Gen kèk nan Evanjil nostik sa yo ki fè konnen apot Jezi pifò moun te konnen yo pa t byen konprann mesaj Jezi te bay la. Selon sa yo di, Jezi te gen yon ansèyman li te kache, e se te kèk grenn moun sèlman ki te resevwa ansèyman sa a e ki te rive konprann li *. Kèk nan nostik sa yo te kwè monn fizik n ap viv ladan l lan se yon prizon. Se sa k fè “bondye kreyatè” a, bondye Ekriti nan lang ebre yo pale de li a se yon ti dye, ki te opoze ak pakèt dye siperyè nostik sa yo gen lafwa ladan yo. Yo te kwè yon moun ki rive gen “konesans” espesyal sa a ap konprann “sekrè” sa a e l ap chèche libere anba kò fizik li genyen an.

Se sa k te fèt tou pou evanjil yo rele “Evanjil Jida” a. Men pawòl nou jwenn nan entwodiksyon an: “Men ansèyman Jezi te kache li te revele Jida nan yon konvèsasyon li te gen avè l pandan uit jou e ki te fini twa jou anvan yo te fete fèt pak la.”

Èske kodèks sa a se vrè tèks Irene te fè kòmantè sou li a, tèks yo te panse ki te pèdi pandan plizyè syèk la? Marvin Meyer, youn nan moun ki te nan premye ekip ki te egzamine kodèks sa a e ki te tradui l, te di: “Ti pale tou kout Irene te fè sou sa nostik yo te ekri a sanble ak sa nou jwenn nan tèks ki gen tit Evanjil Jida a ki ekri nan lang kòp la.”

ESPÈ YO PA FIN DAKÒ SOU SA KI DI NAN “EVANJIL JIDA” A

Dapre sa yo di nan “Evanjil Jida” a, lè Jezi wè disip li yo pa t ka konprann sa l t ap anseye yo, li ri yo byen ri. Se sèl Jida pami 12 apot yo ki te montre li konprann mesaj Jezi a vre. Konsa, Jezi pran Jida apa e li fè Jida konnen “bagay ki kache sou wayòm nan”.

Sa Irene te di sou “Evanjil Jida” a te gen anpil enfliyans sou premye ekip espè ki te travay sou tèks la. Dapre tradiksyon espè sa yo te fè, nan tout disip yo se Jida sèlman Jezi te fè favè pou l konprann bagay kache sou “wayòm” nan e se Jida ki t ap gen pou “rive jwenn” wayòm nan. Lòt apot yo ki pa t ka konprann mesaj Jezi a t ap chwazi yon lòt moun pou ranplase Jida. Konsa, Jida t ap vin “trèzyèm espri” ki t ap gen pou l “depase yo tout [lòt disip yo]”, paske Jezi di Jida: “Moun ki abiye m nan, se li ou pral livre.”

Bart Ehrman ak Elaine Pagels se de ekriven ki vann anpil liv. Moun konnen yo kòm espè sou sijè Krisyanis lan lè l t ap fèk kòmanse e yo se espè tou sou mouvman nostik la. Ekriven sa yo te prese prese pibliye pwòp analiz pa yo ak kòmantè yo te fè sou “Evanjil Jida” a ki ale nan menm sans ak sa premye ekip espè ki te travay sou tèks la te di. Sepandan, yon ti tan annapre, lòt espè, tankou April DeConick ak Birger Pearson, te fè konnen kèk enkyetid yo genyen. Yo fè konnen te gen yon òganizasyon (National Geographic Society) ki te vle pou se li ki mete enfòmasyon sou evanjil sa a nan lari an premye. Se sa k fè li te kouri pibliye ansyen tèks sa a. Anplis de sa, yo pa t suiv tout etap yo te dwe suiv yo, tankou pou yo byen analize tèks la e pou plizyè espè egzamine liv yo vle pibliye a anvan yo pibliye l.

Pa gen yon espè ki te egzamine tèks sa a ki ka di enfòmasyon ki ladan l lan kòrèk e li egzak.

Ni DeConick ni Pearson te rive fè menm konklizyon an alòske yo pa t ap travay ansanm. Yo te rive nan konklizyon sa a: espè ki te travay sou kèk pati prensipal nan kodèks la ki te fè ti moso yo te mal tradui tèks la. Dapre jan DeConick te ranje tèks la ansanm, Jezi pa t rele Jida “trèzyèm espri” *, men pito li te rele l “Trèzyèm Demon”. Anplis de sa, Jezi te fè Jida konnen aklè li pap monte al nan “wayòm” nan. Olye Jida t ap gen pou l “depase” lòt disip yo, Jezi di l: “W ap fè pi mal pase tout lòt yo. Moun ki abiye m nan, se li ou pral livre.” Selon jan DeConick wè bagay yo, moun ki te ekri “Evanjil Jida” a ap pase tout apot yo nan rizib. Dapre sa Deconick ak Pearson rive wè lè yo fin egzamine “Evanjil Jida” a, Jida pa yon moun ki merite pou yo onore l.

KI SA NOU KA APRANN SOU “EVANJIL JIDA” A?

Anrapò ak Evanjil Jida a, kit espè yo te konsidere Jida kòm yon moun ki merite pou yo onore l kit yo te konsidere l kòm yon demon, pa gen yon espè ki te egzamine tèks sa a ki ka di enfòmasyon ki ladan l lan kòrèk e li egzak. Men sa Bart Ehrman esplike: “Evanjil sa a se pa Jida ki te ekri l, tèks la pa fè konprann sa nonplis... Evanjil sa a se pa yon moun ki te konnen Jida e ki te viv nan menm epòk avè l ki te ekri l... Li pa yon liv ki t ap ka ban nou plis enfòmasyon sou sa ki te pase nan lavi Jezi.”

“Evanjil Jida” a se yon tèks nostik ki te ekri anvan nan lang grèk nan dezyèm syèk epòk nou an. Menmsi “Evanjil Jida” a, yo dekouvri sa pa gen twò lontan, sanble tèt koupe ak tèks Irene te pale de li a, sa pa anpeche espè yo pa fin dakò de tèks sa yo se menm tèks la. Men, “Evanjil Jida” a montre aklè te gen yon epòk “Krisyanis” lan te divize akoz te gen anpil doktrin ki te gaye e te gen anpil ti gwoup ki te nan konpetisyon youn ak lòt. Olye pou “Evanjil Jida” a pwouve pawòl ki nan Bib la pa laverite, tèks sa a montre pito enpòtans avètisman apot yo te bay yo, tankou sa apot Pòl te ekri nan Travay 20:29, 30. Men sa l di: “Mwen konnen apre m fin ale, [...] gen yon seri mesye k ap leve nan mitan nou, y ap pale bagay kwochi pou yo rale disip yo vin suiv yo.”

^ § 11 Souvan, evanjil nostik sa yo pote non moun ki te swadizan pi byen konprann vrè ansèyman Jezi yo. Se konsa gen evanjil nostik ki gen tit “Evanjil Toma”, “Evanjil Mari, moun Magdala”. Antou, gen anviwon 30 tèks konsa ki egziste.

^ § 18 Gen espè ki dakò ak ide Jida, moun ki te pi byen konprann kiyès Jezi ye pase tout lòt disip yo, se yon demon selon tèks sa a. Rezon ki fè espè yo pale de Jida kòm demon se paske yo remake konesans Jida te genyen sou kiyès Jezi ye a te sanble ak fason demon yo te konn fè konnen kiyès Jezi ye nan Bib la. — Mak 3:11; 5:7.