Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ANNOU PWOCHE BÒ KOTE BONDYE

“Li se Bondye moun ki vivan”

“Li se Bondye moun ki vivan”

Èske lanmò gen plis pouvwa pase Bondye? Jamè! Kòman lanmò oubyen nenpòt lòt “ènmi” ta fè gen plis pouvwa pase “Bondye ki gen tout pouvwa a”? (1 Korentyen 15:26; Egzòd 6:3.) Bondye gen pouvwa pou l elimine lanmò pa mwayen rezirèksyon an. E se sa menm li pwomèt li pral fè nan monn nouvo a *. Kòman nou fè konnen sa ap fèt toutbonvre? Pawòl Jezi, pwòp Pitit Bondye a, te di yo fè n gen espwa sa ap fèt vre. — Li Matye 22: 31, 32.

Lè Jezi t ap pale ak Sadiseyen yo ki pa t kwè nan rezirèksyon, men sa l te di yo: “Anrapò ak rezirèksyon mò yo, èske nou pa t li sa Bondye te di nou, lè l te di: ‘Mwen se Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb’? Li pa Bondye moun ki mouri, men li se Bondye moun ki vivan.” Lè Jezi te di pawòl sa yo, li t ap fè referans ak konvèsasyon Bondye te gen ak Moyiz devan ti touf raje ki te pran dife a nan ane 1514 anvan epòk nou an (Egzòd 3:1-6). Dapre Jezi, pawòl Jewova te di Moyiz la montre pwomès rezirèksyon an ap reyalize kanmenm. Men sa Jewova te di Moyiz: “Mwen se Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb” la. Kòman pawòl Jewova te di a montre rezirèksyon an ap fèt vre?

Toudabò, annou konsidere kontèks la. Lè Jewova t ap pale ak Moyiz la, patriyach yo, tankou Abraram, Izarak ak Jakòb, te gentan mouri byen lontan. Men kantite ane yo te genyen depi yo te mouri: Abraram, 329 ane; Izarak, 224 ane; Jakòb, 197 ane. Malgre sa, Jewova te di “mwen se” Bondye yo, li pa t di “mwen te” Bondye yo. Jewova t ap pale de toule twa patriyach sa yo kòmsi yo te toujou vivan. Poukisa?

Men sa Jezi te esplike: “Li [Jewova] pa Bondye moun ki mouri, men li se Bondye moun ki vivan.” Fè yon ti reflechi sou sa pawòl sa yo vle di. Si pa gen rezirèksyon, ebyen ni Abraram, ni Izarak, ni Jakòb pap janm leve sot nan lanmò. Si se ta sa, Jewova t ap Bondye moun ki mouri yo. Konsa, sa t ap vle di lanmò gen plis pouvwa pase Jewova, kòmkwa Jewova pa gen ase pouvwa pou l retire sèvitè l yo anba grif lanmò.

Ebyen, ki sa n ta ka di pou Abraram, Izarak, Jakòb ak tout sèvitè fidèl Jewova yo ki deja mouri? Men pawòl Jezi te di ki gen anpil fòs: “Pou li, yo tout vivan.” (Lik 20:38). Etandone objektif Jewova genyen pou l resisite sèvitè fidèl li yo ap reyalize vre, pou Jewova se kòmsi yo vivan (Women 4:16, 17). Jewova ap kenbe tout moun sa yo nan memwa l ki san limit jiskake moman l fikse a rive pou l leve yo sot nan lanmò.

Jewova gen tout pouvwa pou l leve moun ki mouri sot nan lanmò.

Èske posiblite pou w rewè moun pa w yo ki mouri pa fè kè w kontan? Si se sa, toujou sonje Jewova gen tout pouvwa pou l leve moun ki mouri sot nan lanmò. Anyen pa ka anpeche l reyalize pwomès li fè pou l leve moun ki mouri sot nan lanmò. Poukisa ou pa aprann plis sou rezirèksyon ki pral fèt la? E poukisa ou pa aprann plis sou Bondye ki pral fè rezirèksyon an? Lè w fè sa, se sèten sa ap fè w vin pi pwòch Jewova, li menm ki se “Bondye moun ki vivan” yo.

Lekti Labib ou ka fè pou fevriye:

Matye 22 Mak 8

^ § 3 Pou w ka aprann plis sou pwomès Bondye fè pou moun mouri leve sot nan lanmò pou yo viv nan yon monn nouvo ki jis, gade chapit 7 liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.