Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w te konnen?

Èske w te konnen?

Kòman Juif nan premye syèk la te konn prepare kò yon moun mouri pou yo antere l?

Juif yo pa t pran tan pou yo antere moun pa yo ki mouri. Nòmalman yo te antere l menm jou a. Te gen de rezon ki fè yo te aji prese prese konsa. Premye rezon an se paske kò moun ki mouri a te dekonpoze vit akoz li te fè cho anpil nan Mwayenn Oryan. Dezyèm rezon an se paske, selon pwennvi moun yo te genyen nan epòk sa a, lè yon moun kite plizyè jou pase anvan yo antere yon moun ki mouri, li montre li pa respekte ni moun ki mouri a ni fanmi mò a.

Evanjil yo ak liv Travay la pale de omwen kat moun yo te antere menm jou yo te mouri (Matye 27:57-60; Travay 5:5-10; 7:60–8:2). Plizyè syèk anvan, Rachèl, madanm Jakòb te plis renmen an, te mouri pandan Jakòb ak fanmi l t ap vwayaje. Olye Jakòb te tounen lakay li pou l te antere madanm li nan tonm fanmi an, Jakòb te antere Rachèl nan yon gwòt “sou wout lavil [...] yo rele Betleyèm”. — Jenèz 35:19, 20, 27-29.

Dapre sa Bib la fè konnen, Juif yo te konn byen pran swen kò yon moun ki mouri anvan yo antere l. Fanmi ak zanmi te lave kò moun mouri a, yo pase fèy santi bon ak luil sou li epi yo vlope kò a ak twal (Jan 19:39, 40; Travay 9:36-41). Vwazen ak lòt moun te ka vin pataje lapenn yo ak fanmi an epi konsole yo. — Mak 5:38, 39.

Èske fason yo te prepare kò Jezi a te fèt jan Juif yo te konn prepare kò pou antèman?

Plizyè fanmi juif te antere moun pa yo ki mouri nan kav ak tonm ki te fèt nan yon kalite wòch ki te fasil pou moun jwenn nan anpil kote ann Izrayèl. Konsa, yo te suiv menm koutim patriyach yo te suiv yo. Yo te antere Abraram, Sara, Izarak, Jakòb ak lòt moun ankò nan gwòt Makpela a ki toupre Ebwon. — Jenèz 23:19; 25:8, 9; 49:29-31; 50:13.

Yo te antere Jezi nan yon kavo yo te fouye nan yon karyann (Mak 15:46). Souvan, antre yon tonm konsa te konn jis anpil. Anndan kavo a, te gen plizyè etajè yo te fouye nan wòch la, kote yo te konn depoze kadav moun nan fanmi an. Apre yon kò fin dekonpoze, yo te konn vin ranmase zosman yo e yo te konn mete yo nan yon kòf ki fèt an wòch, jan se te koutim nan nan epòk Jezi a. Konsa, fanmi an t ap jwenn plas nan tonm nan pou mete lòt moun.

Selon lwa Moyiz la, Juif yo pa t gen dwa regle afè antèman nan jou saba a. Etandone Jezi te mouri twazèdtan anvan saba a kòmanse, Jozèf Arimate ak lòt moun te antere Jezi san yo pa t fin prepare kò Jezi (Lik 23:50-56). Se pou rezon sa a kèk nan zanmi Jezi yo t al nan kavo a apre saba a pou yo fin prepare kò a, jan sa te dwe fèt. — Mak 16:1; Lik 24:1.