Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Laverite

Laverite

Ki kote ou ka jwenn li?

Kòman li ka pwofitab ni pou ou ni pou fanmi w?

Nou kontan envite w vin asiste kongrè Temwen Jewova yo ap fè ane sa a, l ap dire twa jou.

MEN TÈM KONGRÈ A:

‘Pawòl Bondye a se laverite!’

li baze sou pawòl Jezi te di nou jwenn nan Jan 17:17 la.

KÈK PATI ENTERESAN:

Bèl diskou ki gen tit “Sa k laverite a?” pral montre poukisa nou ka kwè nan Labib, Pawòl Bondye a.

Y ap jwe de dram k ap fè istwa biblik yo vin pi enteresan e k ap ede n tire leson ladan yo.

KI MOUN KI KA ASISTE L:

Tout moun. Ou pap peye pou w antre, e yo pap fè lakòlèt

DAT AK ADRÈS:

Pou w ka jwenn yon kongrè k ap fèt toupre kote w rete a e pou w li plis enfòmasyon sou kongrè nou yo, al sou sit www.pr418.com/ht. (Gade anba ribrik ENFÒMASYON SOU NOU/KONGRÈ YO)

Al sou sit wèb www.pr418.com pou w ka wè pwogram nan. (Gade anba ribrik PIBLIKASYON/LIV & BWOCHI)