Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

 ANSEYE PITIT OU

Ki sa nou dwe sonje sou Jezi?

Ki sa nou dwe sonje sou Jezi?

Nan mwa desanm moun toupatou sou tè a wè foto Jezi oubyen imaj li lè l te tibebe. Yo montre li kouche nan yon manjwa, yon gwo bwat kote yo konn met zèb pou bèt manje. Men èske nou dwe sonje Jezi kòm yon tibebe sèlman?  * Ann pale sou yon fason ki pi enpòtan toujou pou nou sonje Jezi. Nou ka aprann anpil bagay nan sa k te rive yon gwoup bèje ki te nan jaden toupre Jerizalèm yon jou swa.

Gen yon zanj ki parèt bridsoukou devan bèje yo. Li di yo: “Gen yon Sovè ki fèt pou nou. Li se Kris, Seyè a.” Anplis de sa, zanj lan te di yo t ap jwenn Jezi ‘vlope ak twal e li kouche yon kote yo konn bay bèt manje’. Menm kote a, gen yon pakèt lòt zanj ki parèt epi yo “bay Bondye louwanj”.

Ki jan w t ap santi w si w ta tande yon pakèt zanj ap bay Bondye louwanj? — Bèje yo te kontan! Yo di: “Ann al Betleyèm dwat pou nou ka wè bagay sa a ki fèt la.” Lè yo rive yo jwenn ‘Mari ak Jozèf, e yo jwenn tibebe a kouche yon kote yo konn bay bèt manje’.

Yon ti tan apre, gen lòt moun ki te vin Betleyèm kote Mari ak Jozèf te ye a. Lè bèje yo te rakonte yo sa k te pase a, yo tout te sezi. Èske w pa kontan aprann bèl istwa sa a? — Nou tout kontan paske nou renmen Bondye. Kounye a ann gade rezon ki fè lè Jezi te fèt sa te bay moun kè kontan konsa. Pou nou fè sa, nou bezwen retounen nan epòk anvan Mari te marye.

Yon jou, gen yon zanj ki rele Gabriyèl ki te vin vizite Mari. Zanj Gabriyèl te pwomèt Mari li pral fè yon tibebe. Tibebe a “ap vin yon moun enpòtan, y ap rele l Pitit Trèwo a. Li va dirije antanke wa, pou toutan, e wayòm li an pap janm fini”.

Mari te vle konnen kòman sa ap fè rive, paske li pa t janm gen relasyon ak okenn gason. Konsa, men sa zanj Gabriyèl te esplike l: “Pisans Trèwo a ap kouvri w. Se pou rezon sa a tou, timoun k ap fèt la, y ap  rele l sen e y ap rele l Pitit Bondye.” Se yon gwo mirak Bondye te fè lè l te pran lavi Pitit li a nan syèl la pou l te mete l nan vant Mari pou l vin yon tibebe!

Èske w konn wè foto oubyen fim ki montre twa “moun saj yo” ki te vin vizite Jezi ki te tibebe ansanm ak bèje yo? — Nan epòk Nwèl li kouran pou yo montre bagay sa yo. Men, sa yo rakonte nan istwa sa yo pa egzak. Anfèt, “moun saj” sa yo se astwològ yo te ye, se moun ki t ap pratike bagay Bondye kondane. Gade sa k te pase lè yo te rive. Bib la di: “Lè yo antre nan kay la, yo wè tipitit la avèk Mari, manman l.” Kidonk, lè sa a Jezi pa t yon tibebe ki te nan yon manjwa ankò. Li te yon timoun ki t ap viv ak Jozèf ansanm ak Mari nan yon kay.

Ki jan astwològ yo te fè jwenn Jezi? — Se yon “zetwal” ki te dirije yo, li pa t mennen yo Betleyèm, men anvan, li te mennen yo Jerizalèm, kote wa Ewòd. Bib la di Ewòd te bezwen jwenn Jezi pou l te ka touye l. Kounye a, reflechi sou kesyon sa a. Selon ou menm, ki moun ki te fè swadizan zetwal sa a parèt nan syèl la pou l gide astwològ yo al kot Ewòd? — Se pa t Jewova, vrè Dye a, ki te fè sa, men se te advèsè l la, ènmi l lan, Satan Ledyab.

Jodi a, Satan fè tout sa l kapab pou l fè moun panse Jezi se yon tibebe san defans. Men, zanj Gabriyèl te di Mari: “Li va dirije antanke wa, [...] e wayòm li an pap janm fini.” Kounye a Jezi ap dirije antanke Wa nan syèl la, talè konsa, li pral detwi tout ènmi Bondye yo. Se sa nou dwe sonje sou Jezi e nou dwe fè lòt moun konn sa.

^ § 3 Si w ap li atik sa a ak yon timoun, tirè a ap fè w sonje pou w fè yon poz e pou w kite timoun nan di sa l panse.