Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A

Ki sa Bondye fè pou ou?

Ki sa Bondye fè pou ou?

“Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p’ap pèdi lavi yo. Okontrè y’a gen lavi ki p’ap janm fini an.” — Jan 3:16, Bib La.

Vèsè sa a se youn nan vèsè moun pi byen konnen e se li yo plis site pami tout vèsè ki nan Bib la. Yo menm di pa gen okenn lòt vèsè “ki pi byen rezime relasyon Bondye genyen ak lèzòm ak fason l ap delivre yo” pase vèsè sa a. Pou rezon sa a, nan kèk peyi, byen souvan, yo make vèsè sa a kote y ap fè rasanbleman, yo ekri l sou machin, sou mi, sou pankat ak lòt kote ankò oswa yo konn annik make “Jan 3:16”.

Li pwobab pou moun ki make vèsè a gen konviksyon lanmou Bondye gen pou yo ba yo garanti y ap jwenn delivrans pou toutan. E ou menm? Ki sa lanmou Bondye vle di pou ou? Ki sa w panse Bondye fè ki demontre li gen lanmou pou ou?

“BONDYE SITÈLMAN RENMEN LÈZÒM”

Gen anpil moun ki dakò se Bondye ki kreye linivè, lanati ak lèzòm. Pou yo, òganis vivan yo tèlman konplike e yo tèlman byen fèt, fòk gen yon Moun ki entèlijan anpil ki fè yo. Gen yon bon kantite moun ki di Bondye mèsi chak jou pou lavi li ba yo kòm kado. Anplis de sa, yo rekonèt yo depann totalman de li pou yo jwenn bagay ki nesesè pou yo viv tankou lè, sik natirèl ki gen sou tè a, dlo ak manje, yon fason pou yo ka kontinye viv e pou yo ka pran plezi nan sa y ap fè.

Li bon pou n di Bondye mèsi pou tout bagay sa yo paske se li ki kreye nou e se li ki fè nou rete an vi (Sòm 104:10-28; 145:15, 16; Travay 4:24). Lè n reflechi sou tout bagay Bondye fè pou l rann lavi posib, sa fè n apresye lanmou li gen pou nou. Men sa apot Pòl te ekri sou sa: “Se [Bondye] menm ki bay tout moun lavi ak souf ak tout bagay. Paske, se grasa li nou gen lavi, nou fè mouvman ak kò nou e nou egziste.” — Travay 17:25, 28.

Sepandan, se pa lè Bondye pran swen nou sèlman li montre li renmen nou, men li fè sa plizyè lòt fason ankò. Mete sou sa, li fè nou siperyè parapò ak bèt yo, li ban nou posiblite pou n gen relasyon avè l epi li ede n satisfè bezwen sa a (Matye 5:3). Konsa, moun ki obeyisan yo gen espwa pou yo vin fè pati fanmi Bondye, sa vle di y ap vin “pitit” li. — Women 8:19-21.

Jan nou ka wè sa nan Jan 3:16, Bondye te montre li gen lanmou pou nou lè l te voye Jezi, pitit li a sou tè a pou l te aprann nou konnen Bondye ki se Papa l e pou l te ka mouri pou nou. Men, gen anpil moun ki admèt yo pa vrèman konprann poukisa li te nesesè pou Jezi mouri pou lèzòm ni yo pa wè nan ki sans lanmò Jezi se yon fason Bondye demontre lanmou li gen pou nou. Annou wè kòman Bib la esplike rezon ki fè Jezi te mouri ak enpòtans lanmò sa a genyen.

“LI BAY SÈL PITIT LI A”

Pa gen moun ki imòtèl e yo youn pa ka chape anba flewo maladi, vyeyès ak lanmò. Men, se pa objektif sa a Jewova te genyen okòmansman. Jewova te bay premye mesyedam yo posiblite pou yo viv pou toutan nan yon paradi sou tè a. Men te gen yon kondisyon: Yo te dwe obeyi l. Bondye te di y ap mouri si yo pa chwazi obeyi l (Jenèz 2:17). Premye gason an te rebele kont otorite Bondye, e sa te lakòz ni li menm ni desandan l yo mouri. Men sa apot Pòl esplike: “Akoz yon sèl moun peche antre nan monn nan, e akoz peche lanmò antre, e konsa lanmò blayi sou tout moun paske yo tout te peche”. — Women 5:12.

Sepandan, Bondye “renmen jistis”. (Sòm 37:28, NW.) Byenke li pa t fèmen je sou peche premye gason an te chwazi fè a, li pa t kondane tout moun pou yo soufri e pou yo mouri pou toutan akoz dezobeyisans yon sèl moun. Okontrè, lè l aplike prensip ki di “lavi pou lavi” a, li ekilibre balans jistis la e yon lòt fwa ankò, li fè l posib pou moun ki obeyisan yo gen posiblite pou yo gen lavi ki pap janm fini an (Egzòd 21:23). Kounye a, kesyon nou ka poze se: Ki jan lèzòm ka jwenn lavi pafè Adan te pèdi a? Men repons lan: Yon moun ki pafè menm jan ak Adan te dwe bay lavi l oswa sakrifye lavi l.

Jezi te aksepte vin sou tè a pou l te bay lavi l pou l sove limanite anba peche ak lanmò.

Li klè, pa gen okenn desandan Adan ki te ka fè yon sakrifis konsa piske yo enpafè, men Jezi te ka fè sa (Sòm 49:6-9). Piske Jezi te fèt san l pa t eritye peche, li te pafè menm jan ak Adan. Konsa, lè Jezi te bay lavi l, li te rachte lèzòm anba esklavaj peche. Lefètke l te aji konsa, li te bay desandan Adan ak Èv yo posiblite pou yo gen yon lavi pafè tou (Women 3:23, 24; 6:23). Èske gen yon bagay nou dwe fè pou n ka benefisye kokenn aksyon sa a ki montre lanmou Bondye gen pou nou?

‘TOUT MOUN KI METE KONFYANS YO NAN LI’

Lè n tounen nan Jan 3:16, n ap remake li di ‘tout moun ki mete konfyans yo nan Jezi pap pèdi lavi yo, men y ap gen lavi ki pap janm fini an’. Sa vle di, gen kondisyon pou yon moun jwenn lavi ki pap janm fini an kòm kado. Si nou vle ‘gen lavi ki pap janm fini an’, nou dwe kwè nan Jezi epi nou dwe obeyi l.

Ou gendwa ap mande tèt ou: ‘Poukisa m dwe obeyi? Èske Jezi pa t di ‘tout moun ki mete konfyans yo nan li pap pèdi lavi yo, men y ap gen lavi ki pap janm fini an’? Wi, li esansyèl pou yon moun kwè nan Jezi oswa pou l gen lafwa nan li. Men, li enpòtan pou n sonje nan Bib la, lafwa vle di plis pase annik kwè. Selon yon diksyonè, mo grèk Jan itilize nan lang orijinal la vle di “konte sou, sa pa vle di annik kwè”. (Vine’s Expository Dictionary of Old and New Testament Words.) Pou yon moun jwenn favè Bondye, li bezwen fè plis pase annik aksepte Jezi kòm sovè pèsonèl li. Mete sou sa, moun ki kwè a dwe fè anpil efò pou l aplike sa Jezi te anseye yo, e li dwe fè sa ak tout kè l. Si yon moun di l gen lafwa, men li pa fè okenn aksyon ki montre sa, lafwa sa a pa gen valè. Bib la di: “Lafwa ki pa gen bon aksyon mache avè l la mouri.” ​(Jak 2:26). Sa vle di, moun ki kwè nan Jezi a dwe demontre li gen lafwa nan Jezi, sètadi li dwe viv ann amoni ak kwayans li ansanm ak lafwa l.

Men fason Pòl esplike pwen sa a: “Lanmou Kris la genyen an oblije nou fè sa, paske men sa nou rive konprann: yon sèl moun [Jezi] te mouri pou tout moun. [...] Li te mouri pou tout moun, yon fason pou moun k ap viv yo pa viv pou tèt yo ankò, men pou yo viv pou sila a ki te mouri pou yo a e ki te leve a.” ​(2 Korentyen 5:14, 15). Lè nou gen bonjan rekonesans pou sakrifis Jezi a, sa ap pouse n fè chanjman nan lavi nou. Sa ap pouse n sispann viv pou tèt nou pou nou ka viv pou Jezi ki te mouri pou nou. Sa vle di, sa k dwe priyorite nou se pratike bagay Jezi te anseye yo nan lavi nou. Pa gen dout nan sa, yon chanjman konsa ap gen efè sou bagay nou bay valè, sou chwa nou ak sou tout sa n ap fè. Ki rekonpans moun ki kwè nan Jezi e ki demontre yo gen lafwa nan li yo ap jwenn?

‘YO PAP PÈDI LAVI YO, MEN Y AP GEN LAVI KI PAP JANM FINI AN’

Nan dènye pati Jan 3:16 la, nou jwenn pwomès Bondye fè moun ki demontre yo gen lafwa nan ranson an e ki viv ann amoni ak prensip Bondye yo. Bondye pa vle pou moun fidèl sa yo ‘pèdi lavi yo, men li vle pou yo gen lavi ki pap janm fini an’. Sepandan, tout moun k ap benefisye lanmou Bondye yo pa gen menm esperans.

Gen yon premye gwoup moun Jezi te pwomèt lavi etènèl nan syèl la. Li te di disip li yo aklè li pral prepare yon plas pou yo pou yo ka dirije ansanm avè l nan laglwa (Jan 14:2, 3; Filipyen 3:20, 21). Moun ki resisite pou y al viv nan syèl la “pral sèvi kòm prèt pou Bondye e pou Kris, e yo pral dirije antanke wa avèk Kris pandan 1 000 an”. — Revelasyon 20:6.

Pami disip Kris yo, se sèlman yon kantite moun byen presi k ap resevwa yon privilèj konsa. Anfèt, Jezi te di: “Nou pa bezwen pè, nou menm ti twoupo a, paske Papa nou twouve li bon pou li ban nou wayòm nan.” ​(Lik 12:32). Ki kantite moun k ap fè pati “ti twoupo” sa a? Men sa Revelasyon 14:1, 4 di: “Mwen gade, mwen wè Timouton an [Jezi Kris ki resisite] ki kanpe sou mòn Siyon [nan syèl la]. Li gen 144 000 moun avè l, e yo gen non l ak non Papa l ki ekri sou fwon yo [...] Bondye te achte yo pami limanite kòm premye fwi pou li e pou Timouton an.” Lè n konpare 144 000 moun ak plizyè milya moun ki viv sou tè a, 144 000 moun nan reprezante yon “ti twoupo” parapò ak kantite moun sa yo. Bib la di yo pral dirije antanke wa, men ki moun yo pral dirije?

Jezi te pale de yon dezyèm gwoup moun ki fidèl ki pral resevwa benediksyon dominasyon Wayòm syèl la pral pote yo. Jan nou ka wè sa nan Jan 10:16, Jezi te fè konnen: “Mwen gen lòt mouton ki pa nan pak sa a. Yo menm tou, fòk mwen vin avèk yo, y ap tande vwa m, e yo tout ap vin yon sèl twoupo ki gen yon sèl bèje.” Esperans “mouton” sa yo genyen se resevwa lavi etènèl sou tè a menm jan Adan ak Èv te gen posiblite sa a okòmansman. Ki jan n fè konnen se sou tè a yo pral viv?

Gen yon pakèt kote nan Bib la yo pale de tè a ki pral tounen yon paradi. Pou w ka wè sa, ou ka ouvri Bib la epi li vèsè ki vin apre yo: Sòm 37:9-11; 46:8, 9; 72:7, 8, 16; Izayi 35:5, 6; 65:21-23; Matye 5:5; Jan 5:28, 29; Revelasyon 21:4. Vèsè sa yo predi lagè, grangou, maladi ak lanmò ap fini. Yo pale de yon epòk kote bon moun yo pral gen lajwa pou yo bati pwòp kay yo, pou yo fè pwòp jaden yo e pou yo leve pitit yo nan lapè *. Èske yon bèl pwomès konsa pa atire w? Nou gen bonjan rezon pou n kwè pwomès sa yo pap pran tan pou yo reyalize.

BONDYE FÈ ANPIL BAGAY

Si w pran yon ti tan pou w reflechi sou tout bagay Bondye fè pou ou ak pou lèzòm an jeneral, w ap wè aklè Bondye deja fè anpil bagay. Nou gen lavi, entèlijans, nou gen sante nan yon sèten mezi e nou jwenn sa ki nesesè pou nou rete an vi. Anplis de sa, jan nou te aprann sa nan Jan 3:16, ranson Bondye ban nou kòm kado grasa Jezi ki te mouri pou nou an, ka fè n jwenn pi gwo benediksyon toujou.

Se sèten, lavi etènèl la ap ban nou posiblite pou n gen kè kontan pou toutan e n ap jwenn anpil benediksyon piske ap gen lapè, pap gen ni maladi, ni lagè, ni grangou, ni lanmò. Pou w jwenn benediksyon sa yo, oubyen pou w pa jwenn yo, sa depann de ou sèlman. Kesyon ki vrèman enpòtan an se: Ki sa w ap fè pou Bondye?

^ § 24 Pou w ka jwenn plis enfòmasyon sou pwofesi sa yo, gade chapit 3 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.