Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Repons Bib la bay

Repons Bib la bay

Kiyès k ap dirije monn nan vre?

Si se Bondye ki t ap dirije monn nan, èske t ap gen tout soufrans sa yo?

Gen anpil moun ki kwè se vrè Dye a k ap dirije monn nan. Men, si sa yo panse a ta vre, èske tè a t ap chaje ak soufrans konsa (Detewonòm 32:4, 5)? Dapre Bib la, monn nan anba pouvwa yon mechan. — Li 1 Jan 5:19.

Ki jan yon mechan fè rive pran kontwòl limanite? Nan kòmansman listwa lèzòm, gen yon zanj ki te rebele kont Bondye e l te pouse de premye mesyedam yo rebele tou (Jenèz 3:1-6). Mesyedam yo te chwazi obeyi Satan, zanj rebèl la, konsa yo te fè l vin dirijan yo. Se Bondye Toupisan an sèlman ki gen dwa dirije limanite, men li vle se lèzòm ki pou chwazi dominasyon pa l la paske yo renmen l (Detewonòm 6:6; 30:16, 19). Malerezman, Satan twonpe pifò moun, li fè yo fè menm move chwa ak de premye mesyedam yo. — Li Revelasyon 12:9.

Kiyès k ap rezoud pwoblèm lèzòm yo?

Èske Bondye ap kite Satan kontinye dominasyon l lan ki chaje ak mechanste? Non! Bondye ap sèvi ak Jezi pou l repare tout bagay mal Satan fè yo. — Li 1 Jan 3:8.

Grasa pisans Bondye, Jezi pral detwi Satan (Women 16:20). Apre sa, Bondye ap dirije lèzòm epi l ap fè yo viv nan lapè ak kè kontan jan li te vle yo viv okòmansman an. — Li Revelasyon 21:3-5.