Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

 KONVÈSASYON AK YON MOUN NAN VWAZINAJ LA

Ki lè Wayòm Bondye a te kòmanse dirije? — Premye pati

Ki lè Wayòm Bondye a te kòmanse dirije? — Premye pati

Konvèsasyon ki vin apre a se stil konvèsasyon yon Temwen Jewova te ka genyen avèk yon moun nan vwazinaj li. Ann imajine gen yon Temwen Jewova ki rele Kamelo ki rive lakay yon mesye ki rele Jan.

‘KONTINYE CHÈCHE’ POU NOU GEN ENTÈLIJANS

Kamelo: Jan, mwen vrèman kontan konvèsasyon nou toujou fè sou Bib la *. Nan dènye konvèsasyon nou te genyen an, ou te poze m yon kesyon sou Wayòm Bondye a. Ou te mande m poukisa Temwen Jewova yo kwè Wayòm nan te kòmanse dirije nan ane 1914.

Jan: Wi, m t ap li youn nan piblikasyon w yo, e li te di Wayòm Bondye a kòmanse dirije an 1914. Sa te atire atansyon m paske w di tout sa w kwè nèt baze sou Bib la.

Kamelo: Se vre, tout sa nou kwè yo baze sou Bib la.

Jan: Bon, mwen li tout Bib la. Men, m pa sonje m janm wè yo site ane 1914 nan yon vèsè. Donk, m t al fè rechèch sou “1914” nan yon bib sou Entènèt. Men, yo di m li pa parèt okenn kote nan Bib la.

Kamelo: Jan, m felisite w pou de rezon. Premyèman, paske w li tout Bib la nèt. Ou vrèman renmen Pawòl Bondye a.

Jan: Mèwi. M panse pa gen okenn lòt liv ki tankou l.

Kamelo: M dakò. Dezyèmman, m vle felisite w paske se nan Bib la w ale lè w ap eseye jwenn repons pou kesyon w lan. Ou fè egzakteman sa Bib la ankouraje nou fè a, sètadi pou nou ‘kontinye chèche’ pou nou gen entèlijans *. Li bon lè w ap fè efò konsa.

Jan: Mèsi. Mwen vle kontinye aprann. Anfèt, m te fè yon ti rechèch ankò e m te jwenn kèk enfòmasyon konsènan 1914 nan liv n ap etidye a. Li pale de yon rèv yon wa te fè kote l te wè yon gwo pyebwa yo te koupe, apre sa, pyebwa a repouse ankò, m panse se sou yon bagay konsa li pale.

Kamelo: An, oke. Se pwofesi nou jwenn nan Dànyèl chapit 4 la. Li pale de yon rèv yon wa Babilòn ki rele Neboukadnetsa te fè.

Jan: Wi, se rèv sa a. M li pwofesi sa a plizyè fwa. Men, pou m onèt avè w, m toujou pa wè ki rapò li gen ak Wayòm Bondye a oswa ak ane 1914.

Kamelo: An reyalite, Jan, menm pwofèt Dànyèl pa t konprann tout siyifikasyon sa Bondye te enspire l pou l ekri yo!

Jan: Vrèman?

Kamelo: Wi. Men sa l di nan Dànyèl 12:8: “Mwen tande sa l te di a, men mwen pa t konprann.”

Jan: Kifè, se pa mwen menm sèlman ki pa konprann. Sa fè m santi m soulaje.

Kamelo: Pou byen di w, Dànyèl pa t konprann paske moman Bondye te fikse pou lèzòm konprann tout siyifikasyon pwofesi ki nan liv Dànyèl  la potko rive. Men, kounye a, nan epòk nou an, nou kapab konprann yo pi byen.

Jan: Poukisa w di sa?

Kamelo: Ebyen, gade sa nou li nan vèsè ki vin tousuit apre a. Dànyèl 12:9 (NW) di: “Yo kache pawòl sa yo e yo sele yo pou jiskaske tan lafen an rive.” Donk, se jis annapre, sa vle di nan “tan lafen an”, yo t ap rive konprann pwofesi sa yo. Jan nou pral wè sa nan etid la talè konsa, tout prèv yo montre n ap viv kounye a nan epòk sa a *.

Jan: Bon, èske w ka esplike m pwofesi ki nan liv Dànyèl la?

Kamelo: Dakò, m ap eseye.

RÈV NEBOUKADNETSA TE FÈ A

Kamelo: Pou kòmanse, kite m fè yon ti rezime sou sa wa Neboukadnetsa te wè nan rèv li te fè a. Apre sa, nou ka pale sou siyifikasyon rèv sa a genyen.

Jan: Oke.

Kamelo: Nan rèv la, Neboukadnetsa te wè yon gwo pyebwa ki gen pwent li rive jis nan syèl la. Apre sa, li te tande mesaje Bondye a ki te bay lòd pou yo koupe pyebwa a. Sepandan, Bondye te di pou yo kite chouk la nan tè a. Apre yon peryòd ki t ap dire “sèt tan”, pyebwa a t ap pouse ankò *. Premye akonplisman pwofesi sa a te genyen se te sou wa Neboukadnetsa. Byenke li te yon wa ki gen gwo renome, menm jan ak pyebwa sa a ki te rive nan syèl la, yo te koupe l e chouk la te ret la pandan “sèt tan”. Èske w sonje sa k te pase?

Jan: Non, m pa sonje.

Kamelo: Pa gen pwoblèm. Bib la di Neboukadnetsa te pèdi bonsans li pandan setan. Pandan epòk sa a, li pa t ka dirije antanke wa. Men, nan fen sèt tan an, Neboukadnetsa te retounen nan bonsans li e l te kòmanse dirije ankò *. Èske w konprann?

Jan: Wi, m konprann ou jiska prezan. Men, ki rapò tout bagay sa yo genyen ak Wayòm Bondye a ansanm ak ane 1914?

Kamelo: M ap esplike w sa yon fason ki senp, pwofesi sa a gen de akonplisman. Premye fwa li te akonpli se lè dominasyon wa Neboukadnetsa a te sispann. Dezyèm fwa li te akonpli se lè dominasyon Bondye a te sispann. Kidonk, se dezyèm akonplisman an ki gen rapò ak Wayòm Bondye a.

Jan: Ki jan w fè konnen pwofesi a gen yon dezyèm akonplisman ki gen rapò ak Wayòm Bondye a?

Kamelo: Sa k fè nou konn sa se paske nou jwenn yon endis nan pwofesi a menm. Dapre Dànyèl 4:17 (NW), yo te bay pwofesi a “pou vivan yo ka konnen Trèwo a se Chèf nan wayòm lèzòm e se moun li vle li bay li”. Èske w te note ekspresyon “wayòm lèzòm” nan?

Jan: Wi, vèsè a di “Trèwo a se Chèf nan wayòm lèzòm”.

Kamelo: Byen. Ki moun ou panse ki “Trèwo a”?

Jan: M panse se Bondye.

Kamelo: Se sa. Donk, pawòl sa yo fè nou konnen pwofesi sa a pa gen rapò ak Neboukadnetsa sèlman. Men tou, li gen rapò ak “wayòm lèzòm” nan, sètadi, dominasyon Bondye egzèse sou lèzòm nan. E sa fè sans lè nou egzamine pwofesi a nan kontèks li.

Jan: Ki sa w vle di?

TÈM SANTRAL LIV LA

Kamelo: Se pa ni youn ni de fwa, liv Dànyèl la ki nan Bib la pale sou menm sijè a. Liv la kontinye atire atansyon nou sou Wayòm Bondye a ki etabli ki anba dominasyon Jezi, Pitit Bondye a. Pa egzanp, ann retounen nan de chapit anvan sa. Silvouplè, èske w ka li Dànyèl 2:44 (NW)?

Jan: Mèwi. Li di: “Nan jou wa sa yo, Bondye nan syèl la ap tabli yon wayòm ki pap janm kraze. E yo pap pase wayòm nan bay okenn lòt  pèp. Li pral kraze tout wayòm sa yo, e l ap mete yon fen nan yo, epi li menm l ap la pou tan endefini.”

Kamelo: Mèsi. Èske w panse vèsè sa a ap fè referans ak Wayòm Bondye a?

Jan: Hmm. M pa sèten.

Kamelo: Ebyen, w ap remake li di Wayòm sa a “ap la pou tan endefini”. Nou ka di sa pou Wayòm Bondye a, men nou pa ka di sa pou okenn gouvènman lèzòm, pa vre?

Jan: Non, nou ka di sa pou yo.

Kamelo: Men yon lòt pwofesi nan liv Dànyèl la ki gen rapò ak Wayòm Bondye a. Se pwofesi nou jwenn nan Dànyèl 7:13, 14 la (NW). Konsènan yon dirijan ki pral genyen alavni, men sa pwofesi a di: “Yo te ba li dominasyon, diyite ak yon wayòm, dekwa pou pèp, nasyon ak gwoup ki pale tout lang, yo tout sèvi l. Dominasyon l lan se yon dominasyon ki la pou toutan, ki pap janm pase, e wayòm li an, se yon wayòm ki pap kraze.” Èske gen yon bagay nan pwofesi sa a ou konn tande pale de li deja?

Jan: Wi, vèsè a pale de yon wayòm.

Kamelo: Trè byen. E se pa nenpòt ki wayòm. Remake li di Wayòm sa a ap gen otorite sou “pèp, nasyon ak gwoup ki pale tout lang”. Sa vle di, Wayòm sa a ap gen pou l dirije tout tè a.

Jan: M pa t konprann vèsè a konsa, men ou gen rezon. Se sa vèsè a di.

Kamelo: Anplis de sa, gade yon lòt bagay pwofesi a di ankò: “Dominasyon l lan se yon dominasyon ki la pou toutan, ki pap janm pase, e wayòm li an, se yon wayòm ki pap kraze.” Pawòl sa yo sanble anpil ak pawòl nou sot li nan pwofesi ki nan Dànyèl 2:44 la, pa vre?

Jan: Wi, se vre.

Kamelo: Kounye a, ann fè yon ti revizyon sou sa nou sot pale a. Bondye te bay pwofesi ki nan Dànyèl chapit 4 la pou lèzòm ka konnen “Trèwo a se Chèf nan wayòm lèzòm”. Sa montre pwofesi a gen yon pi gwo akonplisman pase akonplisman li te gen sou Neboukadnetsa a. Epi nan tout liv Dànyèl la, nou jwenn pwofesi konsènan Wayòm Bondye a ki etabli ki anba dominasyon Pitit li a. Kounye a, èske w panse li rezonab pou n kwè pwofesi ki nan Dànyèl chapit 4 la gen yon rapò ak Wayòm Bondye a tou?

Jan: Sanble l rezonab pou n kwè sa. Men, m toujou pa wè ki rapò li gen ak 1914.

“SE POU SÈT TAN PASE SOU LI”

Kamelo: Kounye a, ann retounen nan rèv wa Neboukadnetsa a. Nan premye akonplisman pwofesi a, se Neboukadnetsa ki te reprezante pyebwa a. Dominasyon l lan te sispann lè yo te koupe pyebwa a e yo te kite chouk la pandan sèt tan, sa vle di lè li te pèdi bonsans li pandan yon kantite tan an. Peryòd sèt tan sa a te fini lè Neboukadnetsa te retounen nan bonsans li e li te kòmanse dirije ankò. Nan dezyèm akonplisman pwofesi a, dominasyon Bondye a t ap sispann pandan yon kantite tan, men se pa paske Bondye te echwe nan okenn sans.

Jan: Ki sa w vle di?

Kamelo: Nan tan biblik yo, yo te di wa Izrayelit ki te dirije Jerizalèm yo te chita sou “twòn Jewova” a *. Wa sa yo te reprezante Bondye paske yo te gouvène pèp li a. Kidonk, dominasyon wa sa yo te reprezante dominasyon Bondye a. Sepandan,  rive yon lè, pifò wa sa yo te vin dezobeyi Bondye e pifò moun yo t ap dirije yo te suiv move egzanp yo te bay. Piske Izrayelit yo te dezobeyi Bondye, Bondye te kite Babilonyen yo venk yo nan ane 607 anvan epòk nou an. Depi lè sa a, pa gen okenn lòt wa ki te reprezante Jewova nan Jerizalèm. Nan sans sa a, dominasyon Bondye a te sispann. Èske w konprann mwen jiska prezan?

Jan: Wi.

Kamelo: Konsa, se nan ane 607 anvan epòk nou an sèt tan yo te kòmanse. Sèt tan yo se peryòd kote dominasyon Bondye a t ap sispann. Nan fen sèt tan yo, Bondye t ap enstale yon nouvo dirijan pou reprezante l, men fwa sa a se t ap yon moun ki nan syèl la. Se nan epòk sa a lòt pwofesi nou te li nan liv Dànyèl la t ap jwenn akonplisman yo. Kidonk, kesyon ki pi enpòtan an se: Ki lè sèt tan yo te fini? Si nou ka reponn kesyon sa a n ap konnen ki lè Wayòm Bondye a te kòmanse dirije.

Jan: M konprann. Ban m wè, sèt tan yo te fini an 1914?

Kamelo: Se sa! Ou bay bon repons lan.

Jan: Men, ki jan nou fè konn sa?

Kamelo: Ebyen, pandan ministè Jezi sou tè a, Jezi te montre sèt tan yo potko fini *. Donk, sèt tan yo se yon peryòd ki long anpil. Yo te kòmanse plizyè santèn ane anvan Jezi te vin sou tè a, e yo te kontinye kèk tan apre li te retounen nan syèl la. Mete sou sa, sonje siyifikasyon pwofesi ki nan liv Dànyèl la t ap parèt aklè jis nan “tan lafen an *”. Yon bagay ki enteresan, nan fen ane 1800 yo, etidyan Labib ki sensè yo te santi yo pouse pou yo egzamine pwofesi sa a ak anpil lòt pwofesi ankò avèk anpil atansyon. Yo te kòmanse disène sèt tan yo t ap fini nan ane 1914. Depi lè sa a, gen anpil gwo evènman ki pase nan monn nan ki montre se nan ane 1914 la vre Wayòm Bondye a te kòmanse dirije nan syèl la. Se nan ane sa a monn nan te antre nan dènye jou yo, oswa nan tan lafen an. Kounye a, m konnen sa fè anpil nouvo enfòmasyon ou gen pou w reflechi sou yo.

Jan: Se vre. Mwen dwe tounen sou enfòmasyon sa yo pou m ka pi byen konprann yo.

Kamelo: Pa enkyete w. Sa te pran m yon ti tan tou pou m te rive konprann pwofesi sa yo ak akonplisman yo. Men, omwen mwen swete konvèsasyon nou an te ede w wè tout sa Temwen Jewova yo kwè sou Wayòm nan baze sou Bib la.

Jan: Se sèten. M toujou sezi wè jan kwayans nou yo baze sou Bib la.

Kamelo: E m remake ou ta renmen sa tou. Jan m te di w sa, enfòmasyon sa yo twòp pou w ta rive konprann yo yon sèl kou. Petèt ou toujou gen lòt kesyon. Pa egzanp, nou te wè sèt tan yo gen rapò ak Wayòm Bondye a e yo te kòmanse nan ane 607 anvan epòk nou an. Men, ki jan nou fè konnen se egzakteman an 1914 sèt tan sa yo te fini *?

Jan: Se vre, m poze tèt mwen kesyon sa a.

Kamelo: Bib la ede n detèmine kantite tan egzak sèt tan yo dire. Èske w ta renmen pale sou sijè sa a pwochèn fwa mwen vin la a *?

Jan: Dakò.

Èske gen yon sijè nan Bib la ou konn ap poze tèt ou kesyon sou li? Èske w ta renmen jwenn enfòmasyon sou nenpòt kwayans Temwen Jewova yo genyen oswa sou fason yo adore Bondye? Si repons lan se wi, pa ezite poze yo kesyon pwochèn fwa ou rankontre yo. Y ap byen kontan pale sou sijè sa yo avè w.

^ § 5 Temwen Jewova yo toujou gen konvèsasyon ak vwazen yo sou Bib la nan kad pwogram etid Labib gratis yo fè ak moun yo lakay yo.

^ § 21 Gade chapit 9 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

^ § 63 Nan pwofesi Jezi te bay konsènan dènye jou yo, men sa li te di: “Y ap tonbe anba kout epe e y ap mennen yo kòm prizonye nan tout nasyon. E nasyon yo pral pilonnen Jerizalèm [ki reprezante dominasyon Bondye a] anba pye jiskaske tan ki fikse pou nasyon yo fini.” (Lik 21:24). Kidonk, dominasyon Bondye a te toujou sispann nan epòk Jezi a e sa t ap kontinye jis rive nan dènye jou yo.

^ § 67 Gade apendis ki gen tit: “1914: yon ane ki gen anpil enpòtans nan pwofesi biblik yo.” Li nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a.

^ § 69 Pwochen atik ki nan seri sa a pral egzamine kèk vèsè nan Bib la ki esplike kantite tan egzak sèt tan yo dire.