Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Repons Bib la bay

Repons Bib la bay

Èske nou ka konnen laverite sou Bondye?

Poukisa Bondye vle w konnen laverite? Li Jan 17:3.

Bondye te konn kominike ak lèzòm. Li te sèvi ak lespri sen li oubyen fòs aktif li a pou l mete panse li nan lespri moun ki t ap ekri Bib la (2 Pyè 1:20, 21). Nou ka vin konnen laverite sou Bondye lè nou li Bib la. — Li Jan 17:17; 2 Timote 3:16.

Nan Bib la, Bondye fè nou konnen anpil bagay sou li. Li aprann nou poukisa li te kreye lèzòm, ki sa li pral fè pou limanite e li fè nou konnen ki jan li vle pou nou viv (Travay 17:24-27). Jewova vle nou konnen laverite sou li. — Li 1 Timote 2:3, 4.

Poukisa Bondye atire moun ki renmen laverite yo?

Jewova se Bondye verite a, epi li te voye Jezi, Pitit li a, sou tè a pou l anseye limanite laverite. Konsa, Jezi te atire moun ki renmen laverite yo (Jan 18:37). Bondye vle pou moun sa yo vin adore l. — Li Jan 4:23, 24.

Satan Ledyab anpeche anpil moun aprann konnen Bondye lè l gaye fo ansèyman sou Bondye (2 Korentyen 4:3, 4). Fo ansèyman sa yo atire moun ki pa renmen sa ki byen (Women 1:25). Men, gen plizyè milyon moun ki sensè ki jwenn laverite sou Bondye lè yo etidye Bib la. — Li Travay 17:11.