Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ipokrizi! Èske sa ap janm fini?

Ipokrizi! Èske sa ap janm fini?

PANAYIOTA grandi nan yon zile nan Lanmè Meditèrane. Antanke adolesan, li te enterese anpil nan politik. Annapre, li te sèvi kòm sekretè yon pati politik nan vilaj kote l t ap viv la. Li te konn menm al kay an kay pou l ranmase lajan pou pati a. Men, tank tan ap pase Panayiota te vin wè sa l te panse a se pa sa. Te toujou gen moun k ap favorize fanmi yo ak zanmi yo, te toujou gen anbisyon, chirepit ak jalouzi nan pati a menmsi manm yo te konn rele youn lòt kamarad.

Daniel te leve nan peyi Ilann nan yon fanmi ki atache anpil ak relijyon. Sepandan, malerezman, li byen sonje jan prèt yo te montre yo ipokrit, yo te konn bwè anpil alkòl, yo te konn jwe aza e yo te konn vòlè nan plato yo te ranmase lakòlèt yo, toutpandan yo t ap preche l si l fè peche li pral boule nan lanfè.

Jeffery te pase pifò tan l ap travay nan fè maketing epi li te konn vann pwodui pou moun ki gen bato nan Wayòm Ini ak Etazini ki fè komès entènasyonal. Li sonje anpil ka kote kliyan yo ak moun ki t ap fè konkirans yo te konn fè fwod lè y ap negosye ak moun ki reprezante gouvènman yo. Avèk ipokrizi, yo te prèt pou yo di prèske nenpòt bagay pou yo ka jwenn yon kontra.

Malerezman, eksperyans konsa pa yon seri ka ki izole. Jodi a, ipokrizi toujou la nan prèske tout aktivite lèzòm ap fè, tankou aktivite ki gen rapò ak politik, relijyon ak komès. Mo anglè lè yo tradui l ki bay “ipokrit” la soti nan rasin yon mo grèk ki vle di yon moun k ap pale oswa yon aktè nan teyat souvan ki mete yon mas. Avèk letan, yo vin sèvi ak mo sa a pou tout moun k ap aji yon fason pou twonpe moun oswa pou chèche pwòp enterè yo.

Ipokrizi ka leve yon seri gwo emosyon lakay moun ki sibi l yo, sa gen ladan l rankin, kòle ak resantiman. Viktim yo ki gendwa fache anpil ka mande: “Ipokrizi! Èske sa ap janm fini?” Erezman, Pawòl Bondye a ban nou kèk rezon ki fè nou kwè sa ap fini.

FASON BONDYE AK PITIT LI A KONSIDERE IPOKRIZI

Dapre Bib la, ipokrizi pa t kòmanse pami lèzòm, men li te kòmanse ak yon kreyati espirityèl ki envizib. Nan kòmansman istwa limanite, Satan te sèvi ak yon sèpan kòm mas epi li te fè tèt li pase pou yon bon moun pou l te ka twonpe Èv, premye fi a (Jenèz 3:1-5). Depi lè sa a, anpil moun fè menm jan an, yo fè tèt yo pase pou sa yo pa ye, e yo fè sa pou yo twonpe lòt moun e pou yo ka atenn objektif egoyis yo genyen.

Lè nasyon Izrayèl tan lotan an te tonbe nan pyèj fo adorasyon ak nan ipokrizi nan domèn espirityèl, plizyè fwa Bondye te fè yo konnen konsekans sa t ap genyen. Men sa Jewova te sèvi ak pwofèt Ezayi pou l di: “Se nan bouch pèp sa a pwoche kote m, e se nan bouch yo onore m, men, kè yo byen lwen m.” (Ezayi 29:13). Lè nasyon Izrayèl la te vire do bay Bondye, Bondye te kite yon seri lòt nasyon ki pisan detwi sant relijyon yo a ki se Jerizalèm ak tanp li an. Toudabò, Babilonyen yo te detwi l nan ane 607 anvan epòk nou an. Finalman, lame women an te detwi l nan ane 70 epòk nou an. Li klè, Bondye pap tolere ipokrizi nètale.

Yon lòt bò, Bondye ak Jezi, Pitit li a, bay moun ki onèt e ki sensè yo anpil valè. Pa egzanp, nan kòmansman ministè Jezi sou tè a, gen yon mesye ki rele Natanayèl ki te pwoche bò kote Jezi. Lè Jezi wè l, li di: “Gade! Men yon Izrayelit ki vrèman pa gen riz nan li.” (Jan 1:47). Natanayèl, ki te rele Batèlmi tou, te vin youn nan 12 apot Jezi yo. — Lik 6:13-16.

Jezi te konn pase tan ak disip li yo, e li te konn anseye yo fason Bondye panse. Pa t gen ipokrizi nan mitan yo. Kòm avètisman, yon fason ki fèm, Jezi te kondane chèf relijye yo nan epòk sa a ki t ap fè yon seri bagay ki montre yo se moun ki ipokrit. Annou konsidere kèk bagay chèf relijye yo te konn fè ki montre sa.

Yo t ap pratike “sa ki jis” pou fè moun wè. Men sa Jezi te di moun ki t ap koute l yo: “Fè atansyon pou se pa devan lèzòm n ap pratike sa ki jis, nan entansyon pou nou fè yo wè nou [...] jan ipokrit yo fè.” Anplis de sa, li te di yo lè y ap bay kado ki montre yo gen mizèrikòd se pou yo fè sa “an sekrè”, oswa san moun pa wè. Yo te dwe priye an prive, yon fason pou lòt moun pa t wè yo. Konsa, adorasyon yo t ap Bondye a pa t ap yon bagay yo fè pou lafòm, e Papa yo ki nan syèl la t ap pran plezi ladan l. — Matye 6:1-6.

Yo te renmen kouri kritike lòt moun. Men sa Jezi te di: “Ipokrit! Retire gwo bout bwa ki nan je w la anvan, apre sa, w a wè klè ki jan pou w retire pay ki nan je frè w la.” (Matye 7:5). Lè yon moun ap atire atansayon sou defo lòt moun alòske li gen pi gwo defo lakay li, moun sa a ap fè tèt li pase pou sa l pa ye. An reyalite, “tout moun peche, e yo pa rive reflete glwa Bondye”. — Women 3:23.

Yo te gen move entansyon. Yon lè, disip farizyen yo ak patizan Ewòd yo te pwoche bò kote Jezi pou yo poze l yon kesyon sou zafè taks. Yon fason pou flate Jezi, yo te di l: “Anseyan, nou konnen ou toujou di laverite, ou anseye chemen Bondye a ann amoni ak laverite.” Apre sa, yo eseye pran l nan pyèj lè yo poze l kesyon sa a: “Èske yon moun dwe peye enpo Seza egzije pou chak moun peye a, oubyen èske l pa dwe peye l?” Men sa Jezi te reponn yo: “Bann ipokrit, poukisa n ap teste m?” Jezi te byen fè lè l te rele yo ipokrit paske se pa t yon repons yo t ap chèche vre pou kesyon yo te poze l la, men yo t ap eseye “pran l nan pyèj nan sa l ap di”. — Matye 22:15-22.

Vrè kretyen yo toujou gen yon “lanmou ki soti nan yon kè ki pwòp, nan yon konsyans ki klè ak nan yon lafwa ki san ipokrizi”. — 1 TIMOTE 1:5

Lè kongregasyon kretyen an te etabli nan ane 33 epòk nou an, te gen yon bon anbyans kote moun te onèt e youn te di lòt laverite. Vrè kretyen yo te fè efò pou yo derasinen tout tandans ipokrit yo te genyen nan pèsonalite yo. Pa egzanp, Pyè, youn nan 12 apot Jezi yo, te ankouraje kretyen parèy li yo pou yo kontinye ‘obeyi laverite, e konsa y ap gen yon afeksyon ki san ipokrizi pou frè yo’. (1 Pyè 1:22.) Apot Pòl te egzòte konpayon travay li yo pou yo toujou gen yon “lanmou ki soti nan yon kè ki pwòp, nan yon konsyans ki klè ak nan yon lafwa ki san ipokrizi”. — 1 Timote 1:5.

POUVWA PAWÒL BONDYE A GENYEN

Ansèyman Jezi ak apot li yo, ansèyman nou jwen nan Bib la, toujou pisan jodi a menm jan l te pisan nan premye syèk la. Men sa apot Pòl te ekri sou sa: “Pawòl Bondye a vivan e li pisan, li pi file pase yon epe ki file de bò, epi li pèse fon jis li separe nanm nan ak lespri a, jwenti yo ak mwèl yo, e li kapab rive wè panse ak entansyon ki nan kè yon moun.” (Ebre 4:12). Lefètke anpil moun vin konnen sa Bib la anseye e yo fè efò pou yo viv ann amoni ak sa yo aprann, sa ede yo vire do bay ipokrizi e sa ede yo chèche vin moun ki sensè e ki onèt. Annou egzamine eksperyans twa moun nou te mansyone nan kòmansnman atik la.

“Mwen wè vrè lanmou an ak bonjan enterè moun demontre pou pwochen yo.” — PANAYIOTA

Te gen yon gwo chanjman ki te fèt nan lavi Panayiota lè l te aksepte yon envitasyon yo te fè l pou l asiste reyinyon nan yon Sal Wayòm Temwen Jewova. Li pa t wè okenn moun ki te pran pòz yo jis yon fason pou yo te enpresyone lòt moun. Men sa li di: “Se la mwen wè vrè lanmou an ak bonjan enterè moun demontre pou pwochen yo, yon bagay mwen pa t wè anvan sa, pandan tout ane mwen te zele nan aktivite politik.”

Panayiota te kòmanse etidye Labib e li te pwogrese jiskaske li batize. Sa gen 30 an depi l batize. Men sa l di kounye a: “Se pa lè mwen te konn al kay an kay pou m fè pwopagann pou yon pati politik mwen te jwenn vrè sans lavi a, men se lè mwen te kòmanse preche konsènan Wayòm Bondye a ki se sèl mwayen pou nou jwenn yon monn ki jis.”

“Mwen pa t ka kite kretyen parèy mwen yo kwè mwen se yon bon moun, alòske mwen pa t sa vre.” — DANIEL

Daniel te fè bon pwogrè nan kongregasyon kretyen an e yo te ba li kèk responsablite. Kèk ane apre, li te fè yon erè e konsyans li te kòmanse twouble l. Men sa li di: “Lè m sonje ipokrizi mwen te konn wè nan legliz yo anvan, m te santi sèl bagay mwen dwe fè se kite privilèj sèvis mwen te genyen yo. Mwen pa t ka kite kretyen parèy mwen yo kwè mwen se yon bon moun, alòske mwen pa t sa vre.”

Erezman, apre Daniel te fin fè chanjman nan lavi l pandan yon sèten tan, li te panse l ka rejwenn privilèj li yo avèk yon bon konsyans, e li te kontan aksepte kèk responsablite nan kongregasyon an ankò. Se kalite onètete sa a nou jwenn lakay moun k ap sèvi Bondye san ipokrizi yo, e sa bay fòs. Yo aprann pou yo “retire gwo bout bwa” ki nan je yo anvan yo mande pou yo “retire pay” ki nan je frè yo.

“Mwen pa t ka nan mètdam ankò, mwen pa t ka yon vandè ki gen bouch dous [...]. Gen kèk vèsè ki te touche konsyans mwen.” — JEFFERY

Jeffery, ki te pase pifò tan l ap fè biznis nan monn nan, di: “Pandan m t ap pwogrese nan konesans mwen genyen nan Bib la, mwen te rann mwen kont mwen pa t ka nan mètdam ankò, mwen pa t ka yon vandè ki gen bouch dous e ki prepare pou l di nenpòt bagay pou l ka jwenn yon kontra. Gen kèk vèsè ki te touche konsyans mwen, youn ladan yo se Pwovèb 11:1 ki di ‘fo balans bay Jewova degoutans’.” Pa gen dout nan sa, kontrèman ak moun ki te poze Jezi kesyon sou zafè taks la, Jeffery te aprann aji ni ak kretyen parèy li, ni ak moun ki pa kretyen san l pa gen okenn move entansyon nan lide l.

Nan lemonnantye, gen plizyè milyon Temwen Jewova k ap fè tout sa yo kapab pou yo aplike sa yo aprann nan Bib la. Yo pa sispann fè efò pou yo “abiye ak nouvo pèsonalite a ki te kreye selon volonte Bondye e ki konfòm ak sa vrè jistis ak vrè fidelite a mande”. (Efezyen 4:24.) Nou ankouraje w pou w chèche konnen kiyès Temwen Jewova yo ye, nan ki sa yo kwè e ki fason yo ka ede w aprann konsènan monn nouvo Bondye pwomèt la. Nan monn sa a, “jistis ap abite” e ipokrizi pap la ankò. — 2 Pyè 3:13.