Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay — Videyo

Devlope kalite k ap ede w fè lekti epi anseye devan anpil moun.

LESON 1

Fè yon bon entwodiksyon

Ki jan w ka fè oditwa a anvi tande sa w pral di a?

LESON 2

Pale tankou lè w ap fè konvèsasyon

Ki sa w ka fè pou w mete moun k ap koute w yo alèz?

LESON 3

Sèvi ak kesyon

Ki jan w ka sèvi ak kesyon pou w rezone ak moun k ap koute w yo, pou w kapte atansyon yo, e pou w met aksan sou pwen enpòtan yo?

LESON 4

Byen entwodui vèsè yo

Ki jan w ka prepare moun k ap koute w yo pou yo pi byen pwofite vèsè w ap li nan Bib la?

LESON 5

Li yon fason ki egzak

Ki teknik konsa k ap ede w li egzakteman sa w wè ki ekri a awotvwa?

LESON 6

Aplike vèsè yo yon fason ki klè

Ki sa w dwe fè apre w fin li yon vèsè pou w ede moun k ap koute w yo konprann rezon ki fè w li vèsè a?

LESON 7

Bay enfòmasyon ki egzak e ki konvenk moun

Ki jan w ka asire w ou pa defòme laverite?

LESON 8

Sèvi ak egzanp ki touche kè moun

Menm jan ak Gran Anseyan an, ki jan w ka sèvi ak egzanp yon fason ki efikas?

LESON 9

Byen sèvi ak bagay moun yo ka wè

Ki jan w ka sèvi ak imaj oswa ak lòt bagay moun k ap tande w yo ka wè pou w ede yo konprann pwen prensipal yo?

LESON 10

Fè varyasyon nan son vwa w

Ki jan n ka fè varyasyon nan son vwa nou pou n ka bay ide yo yon fason ki klè e pou n ka touche kè moun k ap koute n yo?

LESON 11

Mete vi nan sa w ap di

Ki jan w ka mete vi nan sa w ap di pou w chofe moun k ap koute w yo e pou w motive yo?

LESON 12

Pale ak tout kè w epi mete w nan plas moun yo

Ki jan w ka pale ak tout kè w epi mete w nan plas moun k ap koute w yo?

LESON 13

Montre moun yo aklè ki jan sa yo aprann nan ap itil yo

Ki jan w ka prezante yon sijè yon fason pou moun k ap koute w yo konprann ki jan sa yo aprann nan ap itil yo epi ankouraje yo aji?

LESON 14

Fè pwen prensipal yo parèt byen klè

Lè n fè pwen prensipal yo parèt byen klè, nou ede moun k ap koute nou yo pou yo suiv, pou yo konprann e pou yo sonje sa nou di yo.

LESON 15

Pale ak konviksyon

Ki jan w ka pale ak konviksyon lè w ap bay yon diskou oswa lè w nan travay predikasyon an?

LESON 16

Se pou w ankourajan e se pou w pozitif

Ki twa bagay nou dwe fè pou nou pale yon fason k ap ede lòt moun e k ap ba yo espwa?

LESON 17

Sa w ap di yo dwe fasil pou moun konprann

Ki sa w dwe evite fè si w vle pou moun k ap koute w yo konprann sa w ap di a?

LESON 18

Enstwi moun k ap koute w yo

Ki jan w ka ankouraje moun k ap koute w yo pou yo reflechi epi anseye yo yon bagay ki gen anpil valè?

LESON 19

Fè efò pou w touche kè moun yo

Ki jan w ka ankouraje moun k ap koute w pou yo fè sa k bon?

LESON 20

Fè yon bon konklizyon

Kit ou nan kongregasyon an oswa nan travay predikasyon an, ki sa w dwe fè lè w ap fè yon konklizyon?

Lòt sijè ki enteresan

LIV & BWOCHI

Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay

Yo fè bwochi sa a pou ede w amelyore kapasite w genyen pou w fè lekti an piblik, pou w aprann byen pale ak anseye.