Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIT ENTÈNÈT JW.ORG

Pataje lyen pou yon atik, yon videyo oswa yon piblikasyon

Pataje lyen pou yon atik, yon videyo oswa yon piblikasyon

Gen yon opsyon Pataje nan sit Entènèt jw.org la ki pèmèt ou pataje lyen pou atik, videyo oswa piblikasyon ak lòt moun.

  • Ou ka chwazi ti desen Pataje ki nan fen yon atik oubyen anba yon videyo pou w ka pataje lyen an.

  • ka chwazi ti desen Pataje ki toupre opsyon ki pèmèt ou telechaje yon piblikasyon pou w ka pataje piblikasyon sa a.

Lè w chwazi fenèt Pataje ki parèt la, w ap jwenn de opsyon:

  • Yon kote ou jwenn lyen pou w pataje fichye a. Ou ka kopye lyen an epi ou mete l nan yon imel oubyen yon mesaj tèks.

  • Yon lyen Pataje pa mwayen imel. Klike soul yen sa a pou w ka voye yon imel ki gen tit atik la oswa piblikasyon an nan espas sijè a ak lyen pou atik la oswa piblikasyon an nan mesaj la. (Nòt: Ou ka chwazi ki kalite imel ou vle pou w pataje fichye a.)