Al gade sa k anndan l

Anwo: Frè ak sè Vlorë, nan peyi Albani, an 1930. Anlè adwat: Yon ekspozisyon bwochi ki te genyen nan istwa teyokratik peyi Albani. Anba adwat: David Splane, yon manm Kolèj santral la, k ap anonse Labib — Tradiksyon monn nouvo a an 2005, nan kongrè distri ki te gen tit: “Obeyisans ki onore Bondye.”

7 JANVYE 2022
ALBANI

Sa gen 100 an depi y ap preche bon nouvèl la nan peyi Albani malgre anpil ane entèdiksyon

Sa gen 100 an depi y ap preche bon nouvèl la nan peyi Albani malgre anpil ane entèdiksyon

Ane 2022 a fè 100 an depi gen Temwen Jewova nan peyi Albani.

Nasho Idrizi se youn nan premye albanè ki te vin Temwen Jewova. Pandan li t ap viv Ozetazini pandan kòmansman ane 1920 yo, li te etidye Labib ak Etidyan Labib entènasyonal yo (se konsa yo te rele Temwen Jewova yo).

Nasho te retounen nan peyi Albani an 1922. Rive yon lè, lòt albanè ki te vin Etidyan Labib pandan yo Ozetazini te retounen nan peyi yo pou yo pale ak lòt moun sou sa yo te aprann.

Thanas Duli

Thanas Duli se youn nan premye Etidyan Labib nan peyi Albani. Men sa l di: “Nan ane 1925, nan tout peyi a, te gen twa kongregasyon ann Albani ak plizyè Etidyan Labib ak moun ki enterese ki te gaye pasipala nan peyi a.”

Pandan ane sa yo, te gen plizyè piblikasyon yo te tradui ann albanè, tankou Hap Bondye a (anglè) ak Yon bon gouvènman (anglè). Toudegad 1ye desanm 1925 (anglè) fè konnen “te gen anpil [piblikasyon ann albanè] ki te disponib pou albanè yo, e yo te kontan aprann verite ki nan Bib la”.

Argjiro ak Nasho Dori

Moun yo te kòmanse pale de Temwen yo kòm ungjillorë, sa vle di “evanjelizatè” paske Temwen yo te preche avèk zèl. Nasho Dori, ki te batize an 1930, di: “An 1935, te gen yon gwoup nan nou ki te lwe yon bis pou nou preche nan vil Këlcyrë. Apre sa, nou te òganize yon gwo vire won nan peyi Albani, pou nou vizite plizyè vil: Përmet, Leskovik, Ersekë, Korçë, Pogradec, ak Elbasan. Nou te fini kanpay la nan vil Tirana nan bon moman an, paske nou t apral selebre Memoryal lanmò Kris.”

An 1939, rejim bout di peyi Itali a te pran kontwòl peyi Albani e yo te entèdi aktivite Temwen Jewova yo. Kòm frè ak sè yo pa t vle mele nan politik e yo pa t vle pran zam pou al goumen nan lagè peyi Lagrès ak Itali t ap fè a, yo te pèsekite yo a. Pandan ane sa yo, yo te mete 15 frè nan prizon. Yo te voye frè Nikodhim Shyti nan yon kan konsantrasyon e yo pa t janm pran nouvèl Ii ankò.

Pandan Dezyèm Gè mondyal la, pati kominis la te pran pouvwa a ann Albani an 1944. Pèsekisyon an te kontinye. Yo te mete anpil nan frè nou yo nan prizon e yo te tòtire yo. Gen lòt yo te voye byen lwen fanmi yo nan kan travo fòse. Pandan ane sa yo, peyi Albani pa t gen kontak ak lòt peyi nan monn nan. Men sa Liv aktivite Temwen Jewova yo pou ane 1959 la (anglè) di: “Se vre dirijan yo nan peyi a te separe frè Albani yo ak frè yo ki nan Sosyete monn nouvo a, men yo pa ka anpeche lespri sen Bondye ede yo.” An 1967, peyi Albani te fè konnen li se premye Eta nan monn nan ki pa kwè nan kèlkeswa Dye a. Ti gwoup Temwen Jewova ki te rete lòtbò a te kontinye montre yo pridan pandan yo t ap pratike lafwa yo.

Apre rejim kominis la te fin tonbe, Temwen Jewova yo te ranpòte laviktwa devan tribinal nan dat ki te 22 me 1992 la, apre yo te fin fè plis pase 50 an anba entèdiksyon.

Kounye a, gen 5 550 Temwen ann Albani, e yo nan 89 kongregasyon. Nou rejwi ak frè nou yo paske “pawòl Jewova a te kontinye gaye avèk pisans e se li ki te gen plis fòs” malgre gwo pèsekisyon ki te genyen. — Travay 19:20.

a Lagè ant Lagrès ak Itali a te fèt soti 28 oktòb 1940 pou rive 23 avril 1941. Lagè a se te kòmansman kanpay Balkan an nan Dezyèm Gè mondyal la.