Al gade sa k anndan l

Biwo tradiksyon adistans pou lang siy sid afriken.

29 AVRIL 2022
AFRIK DISID

LDC fè renovasyon nan biwo tradiksyon ki pou lang siy sid afriken an

LDC fè renovasyon nan biwo tradiksyon ki pou lang siy sid afriken an

Biwo plan ak konstriksyon (LDC) ann Afrik disid la pa lwen fin fè renovasyon nan yon biwo nan Douban k ap gen pou sèvi kòm biwo tradiksyon adistans (RTO) nan lang siy sid afriken (SASL). Filyal la te achte bilding nan an mas 2020, e annapre li te achte plizyè apatman toupre a. Tradiktè yo pral kòmanse deplase al nan apatman yo an me 2022.

Ekip ki nan RTO a gen 17 Betelit ak 25 volontè k ap travay adistans pou RTO a. Nouvo kote yo mete RTO a ap ede yo pi byen tradui piblikasyon nou yo pou 283 pwoklamatè ki soud oswa ki pa tande byen ki ann Afrik disid, ansanm ak 450 000 lòt moun ki soud oswa ki tande di k ap viv nan peyi a. Pifò moun ki soud oswa ki tande di ki ann Afrik disid ap viv nan pwovens Kwazoulou-Natal. Douban se pi gwo vil ki nan pwovens la.

Frè Sibusiso Mzizi, k ap travay ak ekip tradiksyon nan lang siy sid afriken an, di: “Nou gen konfyans nouvo biwo sa a ap vrèman ede travay predikasyon k ap fèt nan lang siy ann Afrik disid la epi fòtifye kongregasyon yo.”

N ap di Jewova mèsi paske li beni efò nou fè nan SASL e paske li pèmèt pwojè sa a vanse. — Sòm 127:1.