Al gade sa k anndan l

Sè Annemarie Kusserow, ki te parèt nan dokimantè (Purple Triangles) ki te fèt an 1991 lan, ak yon pati nan plis pase 1000 dokiman li te rasanble kòm prèv sou pèsekisyon fanmi l te jwenn nan men gouvènman Nazi a.

27 DESANM 2022
ALMAY

Almay: Yon lòt fwa ankò, Temwen Jewova yo ap mennen ka ki gen rapò ak dosye Annemarie Kusserow te rasanble yo devan tribinal

Gen yon seri nouvo prèv ki montre dosye Annemarie te rasanble yo ta dwe nan men Temwen Jewova yo

Almay: Yon lòt fwa ankò, Temwen Jewova yo ap mennen ka ki gen rapò ak dosye Annemarie Kusserow te rasanble yo devan tribinal

Jan sa te parèt deja sou jw.org ak nan jounal The New York Times lan, Mize istwa militè Bundeswehr ki nan Dresden, ann Almay, refize bay Temwen Jewova yo dosye sè Annemarie Kusserow te rasanble yo, sa ki pa ann amoni ak sa sè Kusserow te deside anvan l mouri. Men, gen yon nouvo prèv ki montre yon lòt fwa ankò se Temwen Jewova yo ki ta dwe gen dokiman yo. Se pou rezon sa a òganizasyon nou an deside mennen ka a devan tribinal ankò.

Pandan plis pase sèt ane, Temwen Jewova yo te eseye jwenn yon antant amikal ak mize a pou yo te ka jwenn dokiman yo, men sa pa t bay rezilta. Se sa k fè, òganizasyon nou an te pote ka a devan tribinal. Malerezman, an 2021, nou te pèdi ka a paske tribinal la te fè konnen mize a te achte dokiman yo nan bon kondisyon.

Yon istwa san parèy

Lè Annemarie te gen 26 an, li te kòmanse byen rasanble dokiman ki gen rapò ak Temwen Jewova yo nan peryòd Olokos la. Menmsi sa te ka lakòz yo touye l, li te konsève yo pandan plis pase 65 an pou jis li mouri an 2005. Dokiman sa yo li te konsève pou jenerasyon apre yo, sitou pou kwayan parèy li yo, vin tounen yon trezò yo apresye nan plizyè peyi.

Annemarie te rasnable dokiman sa yo paske li te vrèman vle pou anpil moun, sa vle di ni Temwen Jewova, ni lòt moun, aprann sa ki te rive fanmi l ak lafwa yo te demontre. Pou sa rive fèt, li te fè konnen se sèlman Temwen Jewova yo ki ta dwe gen dokiman sa yo kòm eritaj. Sa l te vle a poko janm reyalize.

Gen yon dokimantè yo te fè nan peyi Angletè (Purple Triangles), ki te pale sou Annemarie ansanm ak kat nan frè l ak sè l yo an 1991. Dokimantè a te pale sou eksperyans fanmi Kusserow pou montre fason rejim Nazi a te pèsekite Temwen Jewova yo paske yo pa t vle abandone lafwa yo e yo pa t vle pran pozisyon pou Hitler. Nan dokimantè a, nou wè Annemarie ak dokiman ak foto l te ransanble yo ki gen anpil valè.

Nan yon entèvyou Annemarie te fè yon ti tan anvan l mouri, li te rakonte ki jan li te manke pèdi yon seri pyès enpòtan nan dokiman yo lè Gestapo a te vin arete l nan apatman l lan. Men sa l te di: “Mwen te gen ti valiz sa a ki te nan antre a. Li te gen lèt anba l ak tout lòt dokiman ki te rete yo.” Li te plen valiz la ak yon pakòt pòm yon fason pou ofisye yo pa t menm chèche sa ki te anba yo. Li te di tèt li si plan sa a pa mache, omwen la gen kèk bagay pou l manje pandan l nan prizon an. Erezman plan l lan te mache.

Yo vann yo san pèmisyon

Tousuit apre lanmò Annemarie, dokiman yo te disparèt lakay li. Annapre, yo te vin dekouvri youn nan frè Annemarie yo ki pa t Temwen te vann mize a dokiman yo. Annemarie pa t janm bay frè l la otorizasyon pou l fè yon bagay konsa. Frè l la mouri kounye a.

Lòt moun ki rete nan fanmi Kusserow, ki te byen konnen ki sa Annemarie te vle fè ak dokiman yo, te sezi lè yo te tande tribinal la te deside pou mize a kontinye kenbe dokiman yo. Depi lè sa a, gen moun nan fanmi Kusserow, kèk zanmi fanmi an ak lòt Temwen Jewova ki ekri plizyè santèn lèt bay mize a ak Ministè defans lan k ap sipèvize aktivite mize a. Yo mande pou yo remèt Tewmen Jewova yo dokiman Annemarie yo, jan l te vle sa.

Yon seri dokiman san parèy

Pami dokiman enpòtan sa yo, gen dènye lèt Wilhelm, frè Annemarie a te ekri 26 avril 1940 anvan l te mouri. Piske frè a se yon Temwen Jewova, li te refize fè sèvis militè. Se sa k fè, Nazi yo te kondane l pou l mouri.

Men sa ki parèt nan lèt Wilhelm te ekri a: “Paran m yo, frè m ak sè m yo, nou tout konnen jan m renmen nou anpil, e m toujou sonje sa chak fwa mwen gade foto fanmi an. M sonje jan nou te toujou byen viv ansanm. Men, avan tout bagay, se Bondye nou dwe renmen, jan Jezi Chèf nou an mande nou sa. Si nou pran pozisyon pou li, l ap rekonpanse nou.” Yo te touye l ak bal nan jou ki te 27 avril la, li te gen 25 an.

Franz ak Hilda, paran Annemarie yo, te gen 11 timoun. Menm jan ak Wilhelm, Franz ak pi gran pitit gason yo a t al nan prizon paske yo te refize patisipe nan lagè. Pi piti yo yo menm te refize fè salitasyon Hitler a, e yo te pran yo nan men paran yo, yo te voye yo nan lekòl ki fè moun chanje fason yo panse, e yo te mete yo nan lòt fanmi annapre.

Lè yo te mennen Wolfgang, youn nan ti frè yo, devan yon tribinal militè, men sa l te di avèk kouraj: “Mwen te leve antanke Temwen Jewova, jan pawòl Bondye a di sa nan Ekriti sakre yo. Pi gwo lwa li bay lèzòm se: ‘Nou dwe renmen Bondye plis pase tout bagay e nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou.’ Gen lòt kòmandman ki di: ‘Ou pa dwe touye moun.’ Èske se pou pyebwa Kreyatè nou an ekri bagay sa yo oubyen pou moun?”

Nan jou ki te 28 mas 1942 a, yo te koupe tèt Wolfgang ak yon giyotin. Li te gen 20 an.

Yo te demontre lafwa

Lefètke Annemarie ak fanmi l te demontre yo gen lafwa e yo te montre yo pa t soutni gouvènman Nazi a, yo te peye sa chè. Gen nan yo ki te menm mouri paske yo pa t vle al nan lagè. Antou, tout fanmi an te fè 47 an nan prizon.

Dokiman yo ede moun byen konprann egzanp san parèy fanmi an te kite. Sa ki nan dokiman yo montre aklè ki jan lafwa bay moun fòs pou yo andire gwo pèsekisyon e pou yo yo pa fè bak menm lè yo devan lanmò. Mesaj enpòtan sa a ki nan dokiman yo ap gen tout sans yo sèlman si yo nan mize Temwen Jewova yo.

Nan mwa oktòb 2022, Paul Gerhard Kusserow, dènye pitit gason ki te vivan nan fanmi an mouri. Li te swete wè lè mize militè a t ap fè sa sè l te vle fè ak dokiman yo. Li te pale aklè ak anpil moun sou sa pou jis li mouri. Men sa l te esplike: “Frè m yo te mouri paske yo te refize fè sèvis militè. Kidonk, pou tout kote ki genyen, m pa panse se nan yon mize militè yo ta dwe kenbe dokiman sa yo.”

Temwen Jewova yo dakò ak sa l di a. Se pa ti enjistis Mize a fè lefètke li pa respekte volonte klè Annemarie te genyen. Anvan sa, gouvènman sosyalis la pa t respekte volonte fanmi Kusserow, e jodi a tou, nan Almay modèn nan, yo pa respekte volonte fanmi an ankò.

Malerezman, mize a pa menm itilize dokiman an jan yo ta dwe a. Gen plis pase 1000 dokiman nan dosye a, men se sèlman 6 ladan yo mize a ekspoze. Mize a kenbe tout rès dokiman yo nan achiv mize a, kote moun pa ka wè yo.

N ap priye pou tribinal la rive remèt Temwen Jewova yo dokiman yo, yo menm ki gen dwa legal ak moral sou dokiman sa yo. — Lik 18:7.