Al gade sa k anndan l

Sal Wayòm kote yo te tire sou frè ak sè yo. Sitwayen nan Anbou yo ak otorite nan gouvènman yo te mete flè nan antre a pou yo montre senpati anvè nou.

20 MAS 2023
ALMAY

Yo tire sou moun ki t ap asiste reyinyon nan yon Sal Wayòm nan vil Anbou ann Almay

Yo tire sou moun ki t ap asiste reyinyon nan yon Sal Wayòm nan vil Anbou ann Almay

Jan yo te fè konn sa, nan dat ki te 9 mas 2023 a, gen yon moun ak zam ki te atake kongregasyon Anbou-Wintèrid apre reyinyon semèn nan te fini. Li touye plizyè frè ak sè e li blese plizyè lòt. Men, lè lapolis te debake nan Sal Wayòm nan, sa te fè l sispann tire sou moun yo e l te tire tèt li. Temwen Jewova ann Almay e toupatou sou tè a gen anpil rekonesans pou jès lanmou, bonte ak senpati otorite yo, plizyè òganizasyon ak moun toupatou sou tè a te demontre anvè yo.

Sitiyasyon frè ak sè nou yo

  • Malerezman, gen 4 frè, 2 sè ak yon tibebe nan vant ki mouri.

  • Gen 2 frè ak 7 sè ki blese.

Dispozisyon pou pote sekou

  • Frè ak sè yo jwenn konsolasyon ak èd nan men reprezantan filyal Ewòp santral, de siveyan sikonskripsyon ak ansyen yo.

Antanke yon fanmi frè ak sè ki ini, n ap priye pou tout moun ki viktim nan trajedi sa a. Jewova se “yon fòtrès nan jou malè” e l ap ede nou andire moman difisil sa yo toutpandan n ap kontinye adore Jewova yon fason ki pezib. — Nawoum 1:7.