Al gade sa k anndan l

29 SEPTANM 2020
AZÈBAYIDJAN

Azèbayidjan: Tribinal Ewopeyen dwa moun nan pran de desizyon an favè Temwen Jewova yo

Azèbayidjan: Tribinal Ewopeyen dwa moun nan pran de desizyon an favè Temwen Jewova yo

Nan dat 24 septanm 2020 an, Tribinal Ewopeyen dwa moun nan pran de gwo desizyon an favè Temwen Jewova yo nan Azèbayidjan. Premye desizyon an se anrapò ak ka Valiyev ak lòt moun kont Azèbayidjan, e dezyèm nan se anrapò ak ka Kominote relijye Temwen Jewova yo kont Azèbayidjan. Desizyon sa yo la pou pwoteje dwa frè nou yo genyen pou yo lib pou yo pratike relijyon yo.

Nan toude ka yo, gouvènman Azèbayidjan an rekonèt li te vyole dwa frè nou yo. Gouvènman an dakò tou pou l bay frè yo 19 000 ewo (22 146 dola ameriken) kòm domaj enterè. Desizyon sa yo Tribinal Ewopeyen an pran yo montre li dakò ak deklarasyon gouvènman Azèbayidjan an te fè a.

Frè Valiyev k ap kondui yon reyinyon nan yon kay prive.

Frè nou yo nan vil Ganja te depoze dosye Valiyev ak lòt moun kont Azèbayidjan nan Tribinal Ewopeyen an nan ane 2011. Pandan plizyè ane, otorite nan vil Ganja yo te refize anrejistre òganizasyon an. Kòm rezilta, lapolis te toujou ap entèwonp reyinyon nou yo, arete moun ki la yo epi fè yo peye yon pakèt kòb amann. Gen yon frè yo te arete plizyè fwa e a chak fwa yo te kondane l pou l peye amann. Antou, li te peye 9 450 manat azèbayidjanè (11 375 dola ameriken nan epòk la). Gen kèk frè ak sè yo te menm arete paske yo pa t ka peye gwo amann yo te mande yo peye yo.

An 2013, frè yo te pote ka Kominote relijye Temwen Jewova yo kont Azèbayidjan tou paske gouvènman Azèbayidjan an te mete yon limit sou kantite piblikasyon yo te ka fè antre nan peyi a.

Malgre gouvènman an poko anrejistre òganizasyon an nan Ganja, sitiyasyon an amelyore anpil pou frè yo. Pandan dènye ane ki sot pase yo, frè yo te fè reyinyon ak ti gwoup moun nan kay prive san lapolis pa vin entèwonp yo. Epitou, menmsi gouvènman an verifye piblikasyon k ap antre yo, yo kite yon bon kantite piblikasyon antre.

Men sa frè Kiril Stepanov, k ap travay nan Biwo enfòmasyon Temwen Jewova yo nan Azèbayidjan, fè konnen: “Nou espere gwo desizyon sa a Tribinal Ewopeyen an pran an pral fè vil Ganja ak lòt vil nan Azèbayidjan anrejistre òganizasyon an anvan lontan. Nou espere rive yon lè, gouvènman an pap verifye piblikasyon k ap antre yo ankò.”

Nou gen Jewova rekonesans dèske l soutni nou. Desizyon sa yo se yon lòt prèv ki montre ‘nenpòt zam yo fè kont pèp Bondye a pap itil anyen’. — Ezayi 54:17.