Al gade sa k anndan l

Frè Royal Karimov ak frè Seymur Mammadov nan Azèbayidjan.

4 JANVYE 2023
AZÈBAYIDJAN

Azèbayidjan: Yo libere frè Royal Karimov ak frè Seymur Mammadov

Azèbayidjan: Yo libere frè Royal Karimov ak frè Seymur Mammadov

Yo libere frè Royal Karimov ak frè Seymur Mammadov sot nan prizon nan peyi Azèbayidjan. Konsyans toude frè sa yo pa t pèmèt yo al nan lame.

Jan nou te fè konn sa deja, yon tribinal nan peyi Azèbayidjan te rejte demann frè Seymur te fè pou yo te ba l fè yon lòt fòm sèvis sivil nan plas sevis militè. Nan dat ki te 22 septanm 2022 a, yo te kondane l pou l pase nèf mwa nan prizon. Desizyon sa a pa respekte de desizyon Lakou ewopeyen dwa moun te pran kont peyi Azèbayidjan. Avoka frè Seymur lan te fè apèl desizyon an, e nan dat ki te 12 desanm 2022 a Lakou dapèl Ganja te chanje desizyon an. Frè Seymur pa t ap gen pou l al nan prizon ankò, men Lakou dapèl la te kondane l pou l al nan prizon si yo arete l pou menm bagay yo ankò. Byenke frè Seymour lib kounye a, li fè apèl desizyon an devan Lakou siprèm Azèbaydijan pou yo ta chanje desizyon enjis sa a.

Se vre frè Seymur pa t kapab genyen yon Bib e li pa t ka resevwa lèt pandan l nan prizon an, Jewova te soutni l. Men sa l esplike : “Yon jou anvan mwen t al nan nan tribinal la jou yo t ap bay santans lan, mwen te ekri pawòl ki nan Jozye 1:5, 6 yo sou yon moso papye. Men sa l di: ‘Menm jan m te avèk Moyiz, se konsa m ap avè w tou. Mwen pap ni kite w ni abandone w.’” Pawòl sa yo te bay frè Seymur fòs lè yo te fin arete l e yo te mete l nan prizon. Men sa li di: “Vèsè sa yo te tounen tèks pou jounen m.”

Nan dat ki te 30 me 2022 a, otorite yo te konvoke frè Royal nan Sèvis Leta pou mobilizasyon ak enskripsyon nan rejyon Gadabay. Frè Royal te refize fè sèvis militè paske konsyans li pa pèmèt li fè sa, e li te mande pou yo ba l fè lòt sèvis sivil nan plas sèvis militè. Yo te rejte demann li an. Nan dat ki te 25 jiyè 2022 a, militè yo te arete l san rezon valab e yo te mete l nan prizon nan yon baz militè rive jis nan dat 1ye novanm 2022 a. Frè Royal mande pou otorite yo mennen yon ankèt sou aksyon sa a Sèvis Leta pou mobilizasyon ak enskripsyon nan rejyon Gadabay te fè a.

Men sa frè Royal fè konnen: “Lè yo te di m yo pap retire m nan baz militè a, sa te fè m mal anpil. Men mwen te sonje sitiyasyon sa a se yon tès pou lafwa m.”

Pandan tan frè Royal pase nan prizon an, otorite yo te pèmèt sè li a vizite l, li te ba li yon bib. Frè Royal di sa te ede l pou lafwa l rete djanm. Frè Royal di: “Pafwa m te konn santi m dekouraje. Men nan moman sa yo, Jewova te fè m rejwenn fòs. Lè m li Bib la e lè m priye Jewova, sa fè m gen yon lapè estrawòdinè.”

N ap kontinye priye pou otorite yo ki nan Azèbayidjan sispann mete frè nou yo nan prizon paske konsyans yo pa pèmèt yo fè sèvis militè, men pito, pou ba yo fè lòt sèvis sivil nan plas sèvis militè, jan sa fèt nan lòt peyi. — 1 Timote 2:1, 2.