Al gade sa k anndan l

An 2019, ouragan Dorian te kraze sèl Sal Wayòm ki sou zile Great Abaco, nan peyi Bahamas. Yo fèk inogire Sal Wayòm yo rekonstwi a.

26 JANVYE 2023
BAHAMAS

Bahamas: Inogirasyon yon Sal Wayòm yo rekonstwi

Bahamas: Inogirasyon yon Sal Wayòm yo rekonstwi

Frè Mark Sanderson k ap bay diskou inogirasyon an.

Nan dat ki te 7 janvye 2023 a, frè Mark Sanderson, yon manm Kolèj santral la, te inogire yon Sal Wayòm yo te rekonstwi sou zile Great Abaco nan peyi Bahamas. An septanm 2019, ouragan Dorian te kraze Sal Wayòm nan. Yo te pwograme pou yo fin rekonstwi Sal Wayòm nan an mas 2020, men sèlman twa semèn anvan yo fini, yo te kanpe travay la akoz pandemi COVID-19 la. Volontè konstriksyon yo te retounen an 2021 pou yo fini pwojè a.

Men sa frè Sanderson te di avèk anpil chalè nan diskou inogirasyon an: “Lè ouragan an te frape zile a, li t al ak anpil bagay. Men, sa ki sèten li pa t al ak lafwa nou, e li pa t pote relasyon nou ak Bondye ale.”

Sal Wayòm nan se sèl konstriksyon sou zile a ki te reziste ak ouragan an. Gen 49 pwoklamatè nan de kongregasyon, yon kongregasyon anglè ak yon kongregasyon kreyòl ayisyen, ki sèvi ak Sal Wayòm sa a. Te gen 175 moun ki te asiste inogirasyon an, e te gen 167 moun ki te suiv li pa mwayen videyo konferans. Nan pwogram inogirasyon an, yo te kite yon jounen kote moun ki Temwen Jewova ak moun ki pa Temwen Jewova te ka vin vizite Sal la.

Frè Jake Majure se youn nan volontè konstriksyon yo ki te la lè travay sekou a te kanpe, li di: “Sa te jis kraze nou. Nou te fin konstwi kay yo byen vit, e nou t ap planifye pou nou fin konstwi Sal Wayòm nan pou l te ka pare pou Memoryal la lè travay la te kanpe a.” Li te rive retounen an 2021 pou l ede yo fin konstwi Sal Wayòm nan epi repare lòt kay yo.

Inogirasyon Sal Wayòm nan te bay anpil kè kontan.

Jan frè Sanderson di sa: “Sal Wayòm sa a vrèman montre, antanke pèp Jewova, nou travay byen ansanm e nou renmen youn lòt. Sa vrèman estrawòdinè pou kounye a nou la an janvye 2023 e nou wè konstriksyon an fini, e pou nou wè jan frè ak sè yo kontan!”

Nou gen konfyans nouvo Sal Wayòm sa a yo rekonstwi a pral bay Jewova, Bondye nou an, louwanj. — Esdras 3:10.