Al gade sa k anndan l

8 DESANM 2020
BILGARI

Tribinal ewopeyen pou dwa moun pran desizyon an favè Temwen Jewova yo nan peyi Bilgari

Tribinal ewopeyen pou dwa moun pran desizyon an favè Temwen Jewova yo nan peyi Bilgari

Nan dat ki te 10 novanm 2020 an, Cour européenne des droits de l’homme (CEDH) te fè konnen gouvènman peyi Bilgari a te vyole dwa frè nou yo genyen pou yo adore lib e libè. Sou baz desizyon sa a, otorite yo ta dwe pèmèt konstriksyon Sal Wayòm nan vil Vana a kontinye. Frè yo pa t kapab fini pwojè konstriksyon sa a akoz opozisyon yo te jwenn sa fè plis pase dizan. CEDH bay peyi Bilgari lòd pou l peye frè yo 11 500 dola ameriken kòm dedomajman.

Ka a te konsène konstriksyon yon Sal Wayòm sou yon teren frè nou yo te achte an janvye 2006. Nan mwa me 2007, otorite nan gouvènman yo nan vil Vana te bay otorizasyon pou konstriksyon an fèt. San pèdi tan, frè nou yo te kòmanse pwojè a. Men, nan mwa jiyè 2007, majistra a te fè kanpe chantye a paske li te di frè yo pap fè konstriksyon Sal Wayòm nan jan sa dwe fèt. Nan menm mwa a, yon politisyen nasyonalis moun byen konnen nan peyi Bilgari te mete afich sou chantye konstriksyon an, e li te pouse yon foul moun fè manifestasyon kont konstriksyon an.

Selon jijman CEDH la, otorite nan gouvènman yo nan vil Vana te fè soti yon deklarasyon piblik kote yo bay manti sou Temwen Jewova yo, e yo te montre y ap “soutni manifestasyon ki fèt yo”. Majistra a t al nan medya yo tou pou l fè konnen l ap soutni manifestasyon yo.

Malgre majistra a ak lòt otorite yo te montre aklè yo gen prejije kont Temwen Jewova yo, yo te fè konnen se pa paske yo gen anyen ak Temwen Jewova yo ki fè yo bloke pwojè a, men se paske konstriksyon an pap fèt jan lwa nan zòn nan mande sa.

Frè nou yo te fè anpil apèl devan tribinal peyi Bilgari yo, sa gen ladan l Lakou siprèm administrativ la, men yo pa t ba yo otorizasyon pou yo fini pwojè a. Pandan kèk tan, kongregasyon nan zòn nan te oblije lwe yon lokal pou yo fè reyinyon yo.

CEDH te vin konprann otorite yo pa t gen okenn rezon pou yo aji konsa. Tribinal la te pran yon desizyon (sis moun te dakò e yon moun pa t dakò) ki fè konnen lefètke otorite yo nan vil Vana te bloke konstriksyon Sal Wayòm nan, yo vyole “dwa moun genyen pou yo panse, pou yo gen yon konsyans e pou yo adore”, jan atik 9 ak atik 11 Konvansyon ewopeyen dwa moun nan montre sa.

Frè nou yo swete otorite yo nan vil Vana yo pral obeyi desizyon CEDH la pran, e finalman y ap kite yo fin konstwi lokal pou yo adore Jewova a, yon lokal k ap itil moun ki nan vil la e k ap bay non Jewova glwa. Nou di Jewova mèsi paske li pa janm lage nou. — Sòm 54:4.