Al gade sa k anndan l

4 JANVYE 2022
BREZIL

Anpil lapli lakòz gwo dega nan nòdès peyi Brezil

Anpil lapli lakòz gwo dega nan nòdès peyi Brezil

Soti 24 desanm pou rive 26 desanm 2021, te gen anpil lapli ki tonbe sou eta Baya, nan peyi Brezil, sa ki te gen efè sou plis pase 640 000 moun. Inondasyon ki te genyen te kraze baraj yo, sa ki te lakòz anpil vil inonde e yo pa t ka kominike ak moun lòt kote.

Sitiyasyon frè ak sè nou yo

  • Pa gen frè ak sè ki blese.

  • 273 pwoklamatè oblije kite kay yo.

  • 109 kay gen ti domaj.

  • 3 Sal Wayòm gen ti domaj.

Dispozisyon pou pote èd

  • Yo te nome yon komite sekou pou ede frè ak sè yo jwenn manje, dlo ak rad.

  • Pwoklamatè ki te oblije kite kay yo pou yon ti tan ap viv ak fanmi yo oswa ak lòt pwoklamatè.

  • Tout moun ki patisipe nan travay pote sekou a respekte prekosyon yo dwe pran kont COVID-19 la.

Frè Marcelo Ambrósio, ki nan komite sekou a, di: “Lè nou wè lanmou ki gen pami frè ak sè yo, sa ankouraje nou anpil e sa fè nou vin gen plis detèminasyon pou nou sèvi Jewova plis toujou.”

Nou konnen Jewova ap vin “yon refij” pou frè ak sè ki viktim akoz gwo lapli a. — Sòm 9:9.