Al gade sa k anndan l

25 JEN 2020
BREZIL

Frè nou yo nan Amazòn nan resevwa èd

Frè nou yo nan Amazòn nan resevwa èd

Pandemi kowonaviris la lakòz gwo pwoblèm ekonomik nan peyi Brezil. Pou ede pwoklamatè yo fè fas ak sitiyasyon difisil sa a, komite filyal peyi Brezil te fòme 18 komite sekou. Komite sekou yo ap ede anviwon 12 000 kongregasyon toupatou nan peyi a, sa ki gen ladan l frè ak sè ki abite yon seri kote ki byen lwen e ki izole nan zòn rivyè Amazòn nan. Rive jounen jodi a, gen 131 fanmi nan Amazòn nan ki gentan resevwa èd.

Komite sekou nan Manawous, kapital eta Amazòn nan, prepare yon seri kit ki gen ladan yo bagay ki nesesè yon fanmi ap bezwen pou tout yon mwa. Yo gen ladan yo bagay pou manje tankou pwa, farin manyòk, diri, lèt an poud, ak bagay tankou savon, papye ijyenik, bwòs dan ak pat. Frè yo te fè livre kit sa yo nan pò Manakapouwou a ki toupre, epi yo pran bato pou yo distribye yo nan divès zòn ki izole, sa gen ladan l Menmbeka ak Lago do Castanho.

Men sa sè Marinelma, k ap viv nan rejyon Lago do Castanho, te di apre l fin resevwa pwovizyon pa l: “Pou kòmanse, mwen vle di Jewova mèsi paske li pran swen nou. Nou te vrèman bezwen èd nan zòn nan paske nou pa gen ase lajan pou n achte manje. Men tou, mwen vle di frè yo mèsi pou jenewozite yo ak lanmou yo. Pandan m t ap ouvri pake yo epi ranje pwovizyon yo yon kote, tipitit gason m nan ki gen sizan t ap gade, m te pwofite esplike l jan Jewova sèvi ak frè yo pou l ede nou. Apre sa, ti gason m nan di: ‘Manmi, èske n ka fè yon priyè pou n di Jewova mèsi?’”

Frè Jonas Monteiro, k ap viv nan vil Kaapiranga ak fanmi l, te ekri komite sekou a yon lèt. Nan yon pati nan lèt la, li te di: “Mèsi anpil pou èd nou ban nou an. Sa nou fè pou nou an ede n wè jan Jewova renmen nou. Pa gen dout, se yon gwo privilèj pou nou pou n fè pati fanmi entènasyonal sa a.”

Frè k ap sèvi nan komite sekou a jwenn ankourajman tou grasa inisyativ sa a. Isaac Emannuel Ramalho de Oliveira, yon ansyen k ap sèvi nan komite sekou a, te di: “Chak jou m fè ap travay nan komite sekou a mwen santi lafwa m vin pi djanm. Mwen sèten travay m ap fè nan komite sekou a pral plis ede m pase l ede frè ak sè yo.”

Lè n wè jan Jewova gen sousi pou sèvitè l yo, kèlkeswa kote yo ye, menm nan peryòd pandemi an, sa fè lafwa nou vin pi djanm. — Sòm 94:14.