Al gade sa k anndan l

Yon gwo lapli ak glisman teren lakòz anpil dega nan vil Petwopolis, yon vil ki nan mòn.

23 FEVRIYE 2022
BREZIL

Gwo lapli ak glisman teren lakòz anpil dega nan yon vil nan peyi Brezil

Gwo lapli ak glisman teren lakòz anpil dega nan yon vil nan peyi Brezil

Nan dat ki te 15 fevriye 2022 a, gwo lapli te lakòz glisman teren nan vil Petwopolis, nan eta Rio de Janeiro, nan peyi Brezil, sa ki te lakòz moun mouri e te gen kay ak biznis ki kraze. Gen 26 santimèt lapli ki te tonbe nan 24 èdtan, yon bagay ki pa abitye fèt.

Sitiyasyon frè ak sè nou yo

  • Gen yon frè ki blese grav e yo te mennen l nan yon lopital ki nan zòn nan. Malerezman, pitit gason l lan ki gen dezan mouri akoz glisman teren an.

  • Gen 1 lòt frè ki mouri tou.

  • 86 pwoklamatè oblije kite kay yo.

  • 2 kay kraze.

  • 15 kay sibi gwo domaj.

  • 2 Sal Wayòm sibi ti domaj.

Dispozisyon pou pote èd

  • Yo te nome yon komite sekou pou òganize travay pote sekou a.

  • Siveyan sikonskripsyon an ak ansyen nan kongregasyon yo te ede frè ak sè ki viktim yo jwenn manje, dlo, rad e yo te sèvi ak Bib la pou ankouraje yo.

  • Frè ak sè ki te oblije kite kay yo rete pou kounye a ak fanmi yo oswa ak lòt fanmi ki Temwen.

  • Tout moun ki patisipe nan travay pote sekou a respekte prekosyon moun dwe pran kont COVID-19 la.

N ap priye pou frè ak sè ki viktim akoz katastwòf sa a, e nou konnen Jewova ap ‘konsole yo e l ap fè yo vin fèm’, sitou sila yo ki gen moun pa yo ki mouri. — 2 Tesalonisyen 2:16, 17.