Al gade sa k anndan l

28 DESANM 2020
BREZIL

Inondasyon ak glisman teren lakòz anpil dega nan Sannta Katarina, nan peyi Brezil

Inondasyon ak glisman teren lakòz anpil dega nan Sannta Katarina, nan peyi Brezil

Zòn li frape

Vale Riyo Itajayi nan Sannta Katarina nan sid peyi Brezil.

Katastwòf

  • Nan dat ki te jedi 17 desanm 2020 an, gwo lapli ki t ap tonbe te lakòz gwo dega ak glisman teren.

Sitiyasyon frè ak sè nou yo

  • 22 pwoklamatè te oblije kite kay yo.

  • Malerezman, gen yon sè ki gen 65 an ki mouri paske gwo dlo labou t ale ak kay li.

Dega

  • 15 kay sibi ti domaj.

Dispozisyon pou pote èd

  • Frè yo ki nan komite sekou a, siveyan sikonskripsyon an ak ansyen nan zòn nan bay frè ki viktim yo, sa gen ladan l fanmi sè ki mouri a, èd ak rekonfò.

  • Komite a te òganize yon ekip frè nan zòn nan pou al vizite vil ki viktim yo pou yo ka wè ki kalite èd yo bezwen, e pou yo ede nan netwaye kay ki inonde yo. Epitou, komite a te pran dispozisyon pou yo bay pwoklamatè yo manje ak plis pase 2 000 lit dlo potab. Toutpandan èd sa yo t ap bay, yo te veye pou yo respekte prekosyon yo dwe pran kont COVID-19 la.

Sa fè nou mal dèske yon sè nou mouri nan katastwòf la. N ap tann moman kote pap gen katastwòf natirèl ankò e “pap gen lanmò ankò”. — Revelasyon 21:4.