Al gade sa k anndan l

Agoch: Filyal peyi Brezil la ki andeyò vil Sawo Polo. Adwat: Volontè k ap patisipe nan travay renovasyon filyal peyi Brezil la.

6 ME 2022
BREZIL

Renovasyon filyal Brezil la derape

Renovasyon filyal Brezil la derape

Gen yon gwo renovasyon k ap fèt nan filyal peyi Brezil la, ki nan yon distans 140 kilomèt nan lwès vil Sawo Polo a. Y ap fè renovasyon sa a pou pote amelyorasyon nan bilding Betèl la e pou ranplase materyo konstriksyon ak finisyon bilding yo. Li pa toujou fasil pou fè renovasyon nan yon lokal Betèl ki deja ap fonksyone. Yo dwe planifye epi fè travay renovasyon yo san aktivite k ap fèt nan Betèl la pa kanpe. Pa egzanp, Betelit yo dwe rete nan yon seri lojman tanporè pandan y ap fè renovasyon nan chanm yo. Dapre kalkil yo fè, travay renovasyon yo ap pran senkan.

Frè yo ap gen pou yo fè renovasyon sou yon espas ki mezire anviwon 75 000 mèt kare, san wete tout biwo yo ak 650 chanm yo. Travay renovasyon yo ap fè filyal la vin pi adapte pou travay k ap fèt ladan l yo, e sa ap fè yo ka fè chanjman ladan l pi fasil. Pa egzanp, biwo yo ap gen mi ki ka demonte epi deplase byen fasil pou pèmèt frè yo pi byen jere espas yo lè sa nesesè. Chak chanm ap vin gen yon ti espas kizin, ansanm ak yon espas pou lave epi pase rad. Y ap enstale nouvo aparèy ki pi bon pou anviwònman an k ap pèmèt filyal la itilize mwens dlo ak kouran.

Frè ak sè ki volontè pou travay renovasyon sa a ap rete sou menm teren filyal la sou li a nan yon seri kay pwovizwa. Pa egzanp, gen yon depo yo te fè vin tounen 25 chanm pwovizwa. Anplis de sa, yo te fè 91 konntenè ki nan fèm Betèl la, bò kote filyal la, vin tounen lojman tanporè.

Konntenè yo fè vin tounen lojman tanporè pou volontè yo.

Men sa frè Joel Grigor, yon sèvitè nan konstriksyon k ap travay sou pwojè a, di: “Nou wè fason Jewova ap fè travay la vanse ak fason l ap fòme pèp li a. Anpil nan volontè yo pa t vrèman konn anyen nan konstrisyon lè yo te vini, men kounye a, grasa tout fòmasyon yo te resevwa, yo ka fòme lòt moun.”

Nou gen konfyans Jewova ap beni pèp li a anpil, toutpandan y ap “ofri tèt yo san fòse” nan pwojè sa a ak nan lòt pwojè òganizasyon an genyen. — Sòm 110:3.