Al gade sa k anndan l

Frè Hamilton Vieira, ak yon entèprèt lang siy, k ap anonse Bib la nan lang siy brezilyen e moun nan oditwa a ap bat bravo.

26 septanm 2022
BREZIL

Tradiksyon monn nouvo a disponib kounye a ann antye nan lang siy brezilyen

Tradiksyon monn nouvo a disponib kounye a ann antye nan lang siy brezilyen

Jou dimanch ki te 18 septanm 2022 a, frè Hamilton Vieira, yon manm komite filyal Brezil la, te fè konnen Labib — Tradiksyon monn nouvo a disponib ann antye nan lang siy brezilyen sou jw.org e sou aplikasyon JW Library Sign Language la. Pwogram nan te fèt nan yon oditoryòm nan filyal Brezil la e gen plis pase 36 300 moun ki te kapab suiv li sou Entènèt.

Kèk frè ak sè k ap fè fè foto pandan y ap montre Bib la nan lang siy brezilyen sou aparèy yo.

Se premye tradiksyon Labib ann antye nan lang siy brezilyen e se twazyèm tradiksyon ann antye nan lang siy nan monn nan. Pwojè tradiksyon an te kòmanse an 2006 avèk liv Matye a. Apre sa, lòt liv yo te vin disponib ofiramezi yo te fin tradui yo.

Angellyca, yon sè ki soud, di: “Lontan, mwen te eseye li Bib la nan lang pòtigè, men li te difisil pou m konprann li. Kounye a, grasa Bib la ki nan lang siy brezilyen, mwen tèlman konprann li se kòmsi mwen t ap viv istwa yo!”

Kèk moun nan ekip tradiksyon lang siy brezilyen an k ap anrejistre nan stidyo yo genyen.

An 1982, Temwen Jewova yo te fòme premye kongregasyon lang siy nan Rio de Janeiro. Jodi a, gen 9 500 pwoklamatè k ap sèvi nan 246 kongregasyon lang siy brezilyen, 337 gwoup ak 63 avangwoup.

Tradiksyon Labib sa a ki parèt la montre aklè Jewova renmen frè ak sè ki soud yo. N ap priye pou kado ki gen anpil valè sa a ede plis moun konnen Jewova ak Pitit Gason l lan pou yo ka jwenn chemen lavi ki pap janm fini an. — Jan 17:3.