Al gade sa k anndan l

Agoch: Yon kat jeyografi ki montre zòn frè ak sè yo te preche pandan kat mwa kanpay la. Foto (soti agoch al adwat): Frè ak sè nan lang wapichana, chavannte ak onnsrik k ap patisipe nan travay predikasyon an.

8 OUT 2024
BREZIL

Yo simen semans verite ki nan Bib la nan 11 lang nan peyi Brezil grasa yon kanpay predikasyon

Yo simen semans verite ki nan Bib la nan 11 lang nan peyi Brezil grasa yon kanpay predikasyon

Soti 1ye mas pou rive 30 jen 2024, gen plis pase 1 000 Temwen Jewova ki te patisipe nan yon gwo kanpay predikasyon ki te fèt toupatou nan peyi Brezil. Yo te òganize kanpay la nan menm peryòd piblikasyon ki rele Viv ak kè kontan pou toutan an te parèt nan 11 lang yo pale nan peyi a. Kòm rezilta, te gen prèske 300 moun ki te mande yon etid Labib.

De sè k ap pale ak yon mesye nan Nova Petropolis ki pale lang onnsrik.

Temwen Jewova yo te pale ak yon dam nan Kanmpinapolis ki pale yon lang yo rele chavannte. Dam nan te mande pwoklamatè yo: “Èske nou se nou menm ki fè videyo nan lang mwen an? M ap chèche nou depi yon bon ti tan. Mwen resi jwenn nou!” Li fè yo konnen li te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo, men, li te kanpe etid la paske li pa t konprann pòtigè. Men, apre li te fin aprann piblikasyon nou genyen ki baze sou Bib la disponib kounye a nan lang chavannte, li te kòmanse chèche Temwen yo. Li te rekòmanse etid la.

Nan Santa Maria de Jetibá, gen yon sè ki te fè twa bèl konvèsasyon ak yon dam ki enterese ki pale lang pomerànyan. Twazyèm fwa sè a te vizite dam nan, dam nan te di sè a lavèy premye konvèsasyon yo a, li t ap priye pou l mande Bondye ede l konnen ki jan pou l adore l bon fason an. Li te kontan aksepte yon etid Labib.

Nan yon ti bouk nan sidès Brezil, frè nou yo te rankontre yon dam ki pale lang kinggeng e ki pa t janm rankontre Temwen Jewova yo anvan sa. Frè yo te li Sòm 83:18 avè l epi yo fè l konnen Jewova se non Bondye. Sa te touche l anpil, li te di pa t janm gen yon moun ki te fè l konnen Bondye gen yon non. Li te aksepte yon etid Labib san pèdi tan.

Bwochi Viv ak kè kontan pou toutan an nan lang chavannte, ennhengatou, kaywa, kinggeng, makouchi, onnsrik, pomeranyan, satere-mawe, talyann, toukouna ak wapichana. Yo te òganize kanpay la nan menm peryòd bwochi a te parèt nan lang sa yo.

Menm jan ak frè ak sè yo nan Brezil, nou kontan paske gen tout moun sa yo k ap aprann plis bagay sou “bon nouvèl k ap dire pou toutan” nou jwenn nan Pawòl Bondye a. Konsa, yo ka mete ansanm avèk nou pou yo bay Jewova glwa. — Revelasyon 14:6, 7.