Al gade sa k anndan l

Sè Fumiko Takehara ak Naoki, pitit gason l, k ap egzamine seri atik nan seksyon Nouvèl konsènan Temwen Jewova yo nan adorasyon an fanmi.

8 MAS 2021
NOUVÈL ENTÈNASYONAL

Anpil paran sèvi ak atik ki nan seksyon Nouvèl konsènan Temwen Jewova yo pou ede pitit yo andire yon seri eprèv avèk kouraj

Anpil paran sèvi ak atik ki nan seksyon Nouvèl konsènan Temwen Jewova yo pou ede pitit yo andire yon seri eprèv avèk kouraj

Anpil paran ki Temwen Jewova sèvi ak seri atik ki parèt nan seksyon Nouvèl konsènan Temwen Jewova yo pou yo fòtifye lafwa pitit yo.

Sè Fumiko Takehara, yon manman ki nan peyi Japon, li atik ki nan seksyon Nouvèl la ak Naoki, pitit gason l ki gen 12 an, e yo pale sou sa yo li yo. Yo enprime foto frè ak sè ki nan atik yo e yo mete yo sou mi lakay yo. Men sa Fumiko di: “Nou site non yo chak nan priyè nou yo. Nou santi nou pran fòs lè nou konnen Jewova bay pèp li a kè kontan, menm lè yo nan prizon. Nou ka wè [lajwa] sou vizaj frè ak sè nou yo. Bon egzanp yo ede pitit gason m nan rete fidèl ak Jewova nan lekòl li.”

Fanmi Zannou k ap sèvi ak seri atik nan seksyon Nouvèl konsènan Temwen Jewova pou yo gen plis kouraj pou yo preche.

Men sa frè Kilanko Zannou, yon papa nan peyi Kotdivwa ki gen de pitit, di: “Chak jou, mwen gade si yo mete atik nan seri Nouvèl konsènan Temwen Jewova yo sou sit jw.org la. Byen souvan, Kilanko sèvi ak atik yo nan adorasyon an fanmi li fè. Li te twouve fanmi l, san wete Matthias pitit gason l lan ki gen setan, te aprann anpil bagay nan men frè nou yo ki andire pèsekisyon avèk kouraj.

Matthias te pè preche kamarad lekòl li. Men sa Kilanko di: “Apre nou te fin fè adorasyon an fanmi, Matthias te chofe pou l di: ‘Mwen pa pè preche ankò!’”

Frè Holmes Simatupang, yon papa nan peyi Endonezi, te li ak pitit li de atik konsènan jèn Temwen nan peyi Endonezi yo te mete deyò nan lekòl yo paske yo pa t vle salye drapo.

Fanmi Simatupang k ap pale sou yon atik nan seksyon Nouvèl konsènan Temwen Jewova yo sou jèn frè ak sè ki rete fidèl ak Jewova nan lekòl yo.

Men sa frè Simatupang di: “De pitit nou yo fè fas ak menm pwoblèm yo nan lekòl yo. Y ap andire presyon nan men pwofesè yo ak kamarad lekòl yo pou yo salye drapo, pou yo chante im nasyonal la e pou yo patisipe nan aktivite relijye yo. Akoz presyon sa yo, pitit nou yo te pè ale lekòl pandan yon tan.”

Men sa Homes di ankò: “Apre nou te fin pale sou de atik yo nan adorasyon an fanmi, kounye a yo met kouraj sou yo pou yo esplike rezon ki fè yo pa vle salye drapo. Yo pa bay tèt yo twòp pwoblèm ankò poutèt yo ka mete yo deyò nan lekòl yo.”

Men sa sè Lady Nery Passos ki nan peyi Brezil di: “Lè Pedro, pitit gason nou an, te gen senkan oswa sizan, li te gen pou l esplike rezon ki fè li pa fete anivèsè nesans.” Lè sè nou an t ap reflechi sou pi bon fason pou l ede pitit gason l lan, li te panse ak sa anpil frè ak sè yo pale de yo nan seri atik ki parèt nan seksyon Nouvèl konsènan Temwen Jewova yo te fè pou prepare tèt yo pou eprèv k ap vini. Men sa l di: “Pandan adorasyon an fanmi, nou te fè seyans pratik sou sitiyasyon li ka jwenn, sa ki te ede l konnen sa pou l fè lè y ap fè fèt pou anivèsè nesans nan lekòl li.” Seyans sa yo te ede Pedro pou l pi byen prepare l pou l defann kwayans li.

Frè ak sè Passos k ap sèvi ak seksyon Nouvèl la pou yo anseye pitit gason yo a fason pou l defann kwayans li.

Seri atik ki parèt nan seksyon Nouvèl konsènan Temwen Jewova yo fè nou sonje jan Jewova byen pran swen sèvitè fidèl li yo epi ba yo fòs. Nou gen bonjan prèv lè n ap fè fas ak pwoblèm, n ap ‘gen anpil kè kontan e n ap ranpli avèk lespri sen’. — Travay 13:50-52.