Al gade sa k anndan l

Pandan de dènye ane yo, pwoklamatè ak moun ki avèg oswa ki pa wè byen ki enterese yo te pwofite kongrè a nan deskripsyon odyo.

26 JANVYE 2022
NOUVÈL ENTÈNASYONAL

Deskripsyon odyo ede moun ki avèg ak moun ki pa wè byen yo pwofite kongrè a

Deskripsyon odyo ede moun ki avèg ak moun ki pa wè byen yo pwofite kongrè a

Sa pral fè twa ane youn dèyè lòt depi yo sèvi ak deskripsyon odyo pou kongrè nou fè chak ane yo. Videyo ki gen deskripsyon odyo yo gen esplikasyon sou imaj ak sa k ap pase nan videyo a, e yo fè yo sitou pou moun ki avèg oswa moun ki pa wè byen yo. Temwen Jewova yo kontinye pwodui videyo ki gen deskripsyon odyo pou yo ka pèmèt verite ki nan Bib la disponib pou anviwon 43 milyon moun nan monn nan ki avèg ak 295 milyon moun ki pa wè byen.

Men sa doktè Joel Snyder, ki se prezidan Asosyasyon deskripsyon odyo e yon espesyalis moun byen konnen ki travay nan deskripsyon odyo, di konsènan efò sa yo: “Mwen enpresyone pou m wè fason Temwen Jewova yo mete enfòmasyon yo disponib pou moun ki avèg ak moun ki pa wè byen yo. Pifò moun pa mete deskripsyon odyo nan videyo yo fè yo pou moun ki avèg yo ka pwofite yo. Donk, chapo ba pou Temwen Jewova yo paske yo rive fè sa.”

Akoz pandemi an, Kolèj santral la te deside anrejistre kongrè 2020 an pou yo pase l sou Entènèt, e yo te deside mete deskripsyon odyo nan videyo yo. An 2020, Sèvis tradiksyon nan Syèj mondyal la nan Wòwik, Nouyòk, Etazini, te pwodui deskripsyon odyo pou kongrè a. An 2021, yo te transfere Sèvis tretman tèks la nan Sant ansèyman Temwen Jewova yo ki nan Patèsonn, Nouyòk. Ekip deskripsyon odyo yo te resevwa fòmasyon nan yon seminè yo te suiv sou Entènèt sou fason pou yo pwodui bonjan deskripsyon odyo.

Doktè Snyder esplike “ou ka fòme moun pou yo fè deskripsyon sa k ap pase yo”. Li di sa mande pou yo “sèvi ak mo ki senp, ki klè e ki ede moun imajine”.

Etap pou deskripsyon odyo a: 1) Ekip deskripsyon odyo a koute odyo ki nan videyo a; 2) Ekip la prepare dokiman ki gen pawòl yo; 3) Yon moun anrejistre deskripsyon odyo a; 4) Yo mete materyèl pou pwodui deskripsyon odyo yo disponib pou tout filyal.

Lè yon ekip ap travay sou yon videyo kongrè, okòmansman ekip la, ki se Temwen Jewova, pa gade videyo y ap egzamine a, yo jis koute odyo a. Konsa, yo ka gen yon ide sou jan moun ki avèg oswa ki pa wè byen yo ap konprann sa yo pral koute a. Chak moun nan ekip la ekri premye efè sa yo tande a gen sou yo. Apre sa, ekip la jwe videyo a ankò, yo note poz ki gen ant de dyalòg, paske se la y ap ajoute pawòl k ap nan deskripsyon odyo a.

Sa ka vrèman difisil pou w rive jwenn bonjan pawòl kòm deskripsyon odyo pou mete ant de dyalòg nan yon videyo. Men sa Michael Millen, ki travay ak ekip deskripsyon odyo Temwen Jewova yo, di: “Kòm pa gen anpil espas pou mete pawòl yo, nou gen pou n deside ki sa ki pi enpòtan k ap ede moun yo konprann videyo a. Nou eseye esplike epòk la, kote bagay yo ap pase, pèsonaj yo, ak aksyon ki genyen yo.”

Ekip deskripsyon odyo a dwe evite di sa yo panse sou sa yo wè nan videyo a. Nan liv doktè Snyder ekri ki rele Met pawòl sou sa nou wè (anglè), men konsèy li bay moun k ap fè deskripsyon odyo: “Depi sa posib, kite se moun k ap koute yo ki imajine sa k ap pase yo sou baz sa yo tande yo dekri a. Sa vle di pa di: ‘Li fache’ oswa ‘li move’. Okontrè, di pito: ‘Li mare pwen l’ oswa ‘l ap kriye”.

Apre ekip deskripsyon odyo a fin ekri skrip yo a, yon moun anrejistre deskripsyon odyo a. Moun k ap li a dwe li sou yon ton ki kalm e li pa dwe ap chanje ton vwa l. Michael Millen di: “Li pa dwe difisil pou moun fè diferans ant vwa moun k ap li a ak vwa moun ki nan videyo a. Si moun k ap li a twò chofe oswa li met twòp santiman nan sa l ap li a, sa ka lakòz moun k ap koute a panse vwa moun k ap li deskripsyon odyo a se youn nan aktè ki nan videyo a.”

Yon ekip teknik pwodui travay final ki fèt sou videyo a, epi yo mete dokiman ki bezwen tradui yo disponib pou tout filyal yon fason pou filyal sa yo ka tradui yo nan lang pa yo epi anrejistre yo. Michael esplike pandan de dènye kongrè yo, pou ekip la te rive pwodui tout sa sa mande pou gen deskripsyon odyo, yo te fè twazèdtan ap travay pou chak minit nan videyo yo.

Rive jodi a, Temwen Jewova yo tradui piblikasyon ki baze sou Bib la nan plis pase 1 000 lang. Byenke yo pa konte deskripsyon odyo ladan l, gen kèk moun ki konsidere l kòm yon lang. Michael di: “Deskripsyon odyo se vrèman yon tradiksyon pou moun ki avèg yo. Yo esplike imaj k ap pase nan videyo yo.”

Nou rekonesan anvè Jewova paske li asire l tout moun, kèlkeswa sitiyasyon yo, rive pwofite pakèt manje espirityèl ki genyen an! — Ezayi 65:13.