Al gade sa k anndan l

Frè Aleksandr Ursu.

4 DESANM 2020
NOUVÈL ENTÈNASYONAL

Frè Aleksandr Ursu, ki gen 80 an, pale sou jan li te bezwen gen andirans pandan lavi l

Frè Aleksandr Ursu, ki gen 80 an, pale sou jan li te bezwen gen andirans pandan lavi l

“Jewova te pran swen nou, e m konnen l ap kontinye pran swen nou.”

Jou swa ki te 15 novanm 2018 la, frè Aleksandr Ursu, ki te gen 78 an nan epòk la, te soti anndan lakay li nan vil Djankòy, nan Krime, pou l akeyi Viktor, pitit gason l, nan antre kay la. Aleksandr te sezi lè yon limyè te flache egzakteman devan pòt li a. Li vanse tou dousman nan direksyon limyè a. Bridsoukou, li tande yon vwa ki rele: “Kanpe la! Polis!”

Aleksandr te panse se kèk frè k ap jwe avè l, men li pa t pran tan pou l wè se pa t yon jwèt. Yon mesye, ki gen kagoul nan tèt li, bap li kenbe bra Aleksandr epi li vire yo dèyè do Aleksandr. Yon lòt mesye, ki gen kagoul tou, bay Aleksandr yon kout pwen nan machwè. Sis ajan Sèvis sekirite federal la (FSB), ki te gen mitrayèt, te fouye Aleksandr ak Viktor anvan y al fouye kay la.

Nina, madanm Aleksandr, te nan kuizin nan lè ofisye yo te rantre nan kay la. Gen yon ajan ki rale aparèy mobil ki te nan men sè a epi li mande l sa l t ap gade sou aparèy la. Ajan yo te fè plizyè èdtan ap fouye kay la, men yo pa t jwenn okenn piblikasyon ki nan lis piblikasyon peyi Larisi konsidere kòm piblikasyon ekstremis yo.

Frè Aleksandr Ursu ak Nina, madanm li, nan ane 2020.

Yo pa t arete frè nou an. Men, Aleksandr ak tout Temwen k ap viv nan peyi Larisi ak nan Krime yo konnen lapolis ka debake lakay yo nenpòt lè epi arete yo. Sa ki ede Aleksandr andire sitiyasyon sa yo se medite li medite sou bon egzanp moun nan fanmi l ki te fidèl e li reflechi sou eksperyans li te fè pandan li t ap andire pèsekisyon sou rejim sovyetik la.

Nan dat ki te 6 jiyè 1949 la, lè Aleksandr te gen nevan, sòlda sovyetik yo te rantre lakay yo avèk fòs nan mitan lannuit e yo te fouye kay la. Yo te chavire bagay ki nan kay la atè, epi yo te mande fanmi an pou yo prepare yo pou y al avèk yo. Men sa Aleksandr sonje: “Pandan sòlda yo pap gade, manman m te mete piblikasyon ki baze sou Bib la, tankou liv Hap Bondye a (anglè), nan mitan bagay nou t ap pran pou n ale yo.” Sòlda yo te mennen tout fanmi an nan estasyon tren an.

Avèk kouraj, fanmi Aleksandr ak lòt Temwen ki te nan tren an te chante kantik Wayòm nan pandan yo t ap mennen yo Siberi, kote yo t apral rete a. Yo te pami plizyè milye frè ak sè yo te depòte nan Siberi ant 1949 ak 1951.

Nan Siberi, pandan ane 1950 yo, frè yo te reyini an sekrè nan jaden pou yo fè reyinyon. Gen kèk fanmi ki te konn mache jiska 20 kilomèt pou yo ka asiste reyinyon.

Bon egzanp moun nan fanmi Aleksandr ki te fidèl yo kite te ede l anpil. Men non kèk nan moun sa yo ki se trè bèl egzanp moun ki te andire fidèlman: Makar, gran gran papa l bò kot papa; Maksim, gran papa l; Vladimir, frè gran papa l; ak Pyotr, papa l.

Foto ki agoch la, soti agoch vire desann: Frè Aleksandr Ursu ki kenbe Viktor, pitit gason l; Nina, madanm li; Nadezhda, manman l; Pyotr, papa l, ki kenbe Dina (pitit fi Aleksandr). Foto ki adwat la: Frè Vladimir Ursu ki se frè Maksim, granpè Aleksandr bò kot papa. Ni Vladimir ni Maksim mouri fidèl nan prizon.

Nan ane 1944, yo te kondane papa Aleksandr pou l pase dizan nan prizon paske li pa t vle al nan lame. Li te retounen lakay li apre li te fin pase twazan nan prizon paske li te paralize akoz yon pwoblèm li te genyen nan youn nan zo ki nan kolòn vètebral li. Aleksandr sonje papa l te konn rakonte l istwa David, Golyat ak amitye David te genyen ak Jonatan.

Men sa Aleksandr sonje tou: “Vladimir, tonton m, te toujou konn koute WBBR epi resevwa piblikasyon ki baze sou Bib la. Nan epòk sa a, li te ilegal pou yon moun gen yon radyo. Se sa k fè, tonton m te fè yon ti chanm pa anba kay la, kote li menm ak moun ki enterese yo te ka tande emisyon radyo WBBR yo san pwoblèm.”

Yon lè, toujou nan ane 1940 yo, gen yon moun ki te pran pòz li enterese nan laverite ki te fè konnen ki kote ti chanm sa a ye. Yo te arete tonton Aleksandr ak granpè l, e yo te mete yo nan prizon nan vil Kotin, nan lwès peyi Ikrèn, nan yon distans 80 kilomèt anviwon parapò ak bouk yo t ap viv la.

“Grann mwen te mache apye pou l al vizite yo nan prizon an. Li te di nou lafwa yo ede yo kenbe jwa yo, men li te ka wè yo te bat yo.” Malerezman, tonton Aleksandr ak granpè l te mouri nan prizon an.

Aleksandr di: “Nou pa janm rive konnen sa k te rive yo, fason yo te boule avèk yo, fason yo te mouri ak kote yo te antere yo. Men, lefètke nou konnen yo te rete fidèl ak Jewova jiskaske yo mouri, sa ankouraje nou.”

Egzanp fanmi Aleksandr ki te fidèl ak Jewova ak pwòp eksperyans Aleksandr te fè nan Siberi te prepare l pou pèsekisyon l ap jwenn kounye a. Men sa l di: “Mwen abitye ak kesyon rantre fouye kay moun nan, paske sa te konn rive tou lè m te piti. Jewova te pran swen nou, e m konnen l ap kontinye pran swen nou.”

Aleksandr di: “Lòt bagay ki ede m se li Labib chak jou, medite, asiste reyinyon yo regilyèman epi pale ak frè ak sè yo.”

Epitou, li abitye li istwa lòt frè ki te jwenn eprèv paske yo t ap pèsekite yo, e kouraj frè sa yo te genyen ba l fòs. Men sa l di:“Mwen te li sa kèk frè te di devan tribinal nan dènye pawòl yo te di yo. Temwayaj pisan yo te bay te reyalize pwofesi Jezi te bay la ki di: ‘Y ap mennen nou devan gouvènè, devan wa poutèt mwen. Sa ap ban nou okazyon pou nou bay ni yo menm ni nasyon yo temwayaj.’” — Matye 10:18.

Frè ak sè nou yo rive andire pèsekisyon, e yo pap bay vag paske Jewova, Bondye nou an, ede yo. Yo montre pawòl Bondye te pouse David ekri yo se verite: “Tout moun ki pran refij bò kote [Jewova] yo ap rejwi. Y ap toujou rele ak kè kontan.” — Sòm 5:11.