Al gade sa k anndan l

8 ME 2024
NOUVÈL ENTÈNASYONAL

Gwo lapli lakòz inondasyon nan peyi Kenya ak nan peyi Tanzani

Gwo lapli lakòz inondasyon nan peyi Kenya ak nan peyi Tanzani

Pandan mwa avril 2024, gwo lapli lakòz inondasyon nan peyi Kenya ak nan peyi Tanzani. Sa ki fè gen plis pase 185 000 moun nan peyi Kenya ki oblije kite lakay yo, e gen anviwon 200 moun ki mouri. Gen anviwon 200 000 moun nan peyi Tanzani, yon peyi ki toupre a, ki oblije kite lakay yo e gen prèske 200 moun ki mouri. Nan semèn k ap vini yo, li posib pou gen gwo lapli ankò.

Sitiyasyon frè ak sè nou yo

  • Malerezman, 1 sè ak pitit fi l mouri

  • 59 pwoklamatè oblije deplase

  • 14 kay sibi domaj

  • 3 Sal Wayòm ak yon Lokal òganizasyon an itilize pou lekòl biblik yo sibi domaj

Dispozisyon pou pote èd

  • Siveyan sikonskripsyon yo ak ansyen yo nan zòn nan sèvi ak Bib la pou ankouraje tout moun ki viktim akoz inondasyon an, epi yo ede yo nan yon fason ki pratik.

Nou priye pou frè n ak sè n yo ki soufri akoz katastwòf natirèl sa a. Byenke nou viv nan tan ki difisil, nou gen konfyans talè konsa, nou “pap pè anyen e pa gen anyen k ap fè [n] pè”. — Ezayi 54:14.