Al gade sa k anndan l

JW Stream–Studio pèmèt pwoklamatè yo (agoch) wè oratè nan zòn yo (adwat) k ap fè diskou an dirèk nan asanble sikonskripsyon yo.

1YE AVRIL 2021
NOUVÈL ENTÈNASYONAL

JW Stream–Studio parèt

JW Stream–Studio parèt

Kounye a, pwoklamatè yo ka suiv pwogram asanble sikonskripsyon pa yo an dirèk

Tou dènyeman, Temwen Jewova yo vin ak yon nouvo sit Entènèt pou pèmèt moun asiste an dirèk asanble sikonskripsyon ak siveyan sikonskripsyon yo. Sit la rele JW Stream–Studio. Nan dat ki te 6 mas ak 7 mas 2021 an, te gen 340 asanble sikonskripsyon ki te fèt toupatou sou tè a grasa sit sa a. Te gen plis pase 500 000 moun ki te asiste asanble sa yo.

Yon frè k ap bay èd teknik pou yon asanble sikonskripsyon.

Yon ti tan apre pandemi an te kòmanse, Komite pou ansèyman nan Kolèj santral la te mande Depatman Broadcasting ki nan syèj mondyal la pou l fè yon sit Entènèt k ap pèmèt siveyan sikonskripsyon yo fè asanble sikonskripsyon an dirèk. Objektif la se te kreye yon sit Entènèt k ap pèmèt plizyè milye moun asiste pwogram nan an dirèk.

Depatman Broadcasting nan te bay yon ti gwoup frè ak sè responsablite pou yo travay sou pwojè sa a. Pandan yo t ap travay sou pwojè a, yo te vin jwenn yon seri pwoblèm difisil pou yo rezoud.

Pa egzanp, sit la te dwe fasil pou moun ki pa twò abitye ak teknoloji ka itilize. Epitou, li te dwe byen mache menm lè vitès Entènèt la pa rapid. Mete sou sa, Depatman Broadcasting nan te travay ak Depatman enfòmatik syèj mondyal la pou ka gen ase sèvè akoz plizyè milye moun t ap gen pou itilize sit la anmenmtan.

Men sa Alex Hernandez, ki nan Depatman Broadcasting nan, di: “Se yon gwo travay pou nou fè yon sit k ap gen plizyè santèn asanble k ap fèt sou li anmenmtan, men nou te renmen sa. Nou te gen yon ekip ki pa t gen anpil pwogramè, e pou anpil nan yo se te premye fwa yo t ap travay sou yon sit Entènèt kote moun ap ka kominike sou li an dirèk.”

Yo te fin kreye sit JW Stream–Studio nan mwa me 2020. Nan mwa oktòb 2020 sèlman senk mwa annapare, Depatman Broadcasting nan te kòmanse fè tès sou sit la lè yo konekte siveyan sikonskripsyon nan sis peyi. Tès sa a te ede Depatman Broadcasting nan wè pwoblèm yo epi ranje yo anvan yo fè premye asanble sikonskripsyon yo. Te gen yon ekip ki gen 17 frè ak sè ki te pare pou ede pou nenpòt pwoblèm ki ta genyen nan premye asanble sikonskripsyon an dirèk yo.

Fanmi Amadiz, Etazini, k ap fè foto anvan asanble sikonskripsyon yo pral gade an dirèk sou JW Stream–Studio a kòmanse.

Alex di: “Chak fwa mwen te jwenn yon pwoblèm, nou te kanpe travay la pou nou priye sou sa. Lè nou vin jwenn yon solisyon, nou te gen konviksyon se Jewova ki te ede nou.”

Anpil frè ak sè di jan yo rekonesan pou nouvo sit sa a.

Men sa frè Jairo Espinosa, nan peyi Kolonbi, di: “Nou santi pwogram asanble nou asiste pa mwayen JW Stream–Studio fòtifye inite nou antanke kretyen e pèmèt nou santi nou pi pwòch frè ak sè nou yo. Mete sou sa, lefètke nou konnen pwogram nan te an dirèk, sa te ede nou rete konsantre sou diskou yo. Nou pa t vle manke yon yota nan pwogram nan, se te yon gwo benediksyon!”

Sè Magaly Reymundo, Etazini, di: “Mwen konnen se menm enfòmasyon yo ki nan pwogram ki tou anrejistre a, men mwen vrèman kontan paske mwen konnen oratè k ap bay diskou yo an dirèk.”

Depi lè JW Stream–Studio parèt, yo deja fè plis pase 800 asanble sikonskripsyon sou li. N ap di Jewova mèsi paske li ban nou yon lòt zouti ki ede nou rete pwòch avè l e ki ede nou ini ak frè ak sè nou yo. — Sòm 133:1.