Al gade sa k anndan l

21 MAS 2023
NOUVÈL ENTÈNASYONAL

JW.ORG gen dizan — 3yèm pati

Soutni travay predikasyon an

JW.ORG gen dizan — 3yèm pati

De premye atik nan seri sa a te fè konnen ki jan nou sèvi ak sit jw.org la pou n fè moun jwenn piblikasyon ak videyo sou Entènèt, e pou n bay enfòmasyon ki egzak konsènan frè ak sè nou yo sou tout tè a. Dènye atik nan seri a pral pale sou fason nou sèvi ak sit jw.org la pou n soutni travay predikasyon an sou tout tè a.

Lang: Nan mwa out 2012, lè yo te lanse nouvo fason sit Entènèt nou an te prezante, paj akèy la te disponib nan 139 lang. Men, rive out 2014, ane nou te fè yon kanpay kote nou t ap distribye feyè ki pale de sit la, paj akèy la te vin disponib nan plis pase 500 lang. Yon bagay ki enteresan pou n note sèke pami lang sa yo te gen 22 lang siy. Jounen jodi a, nou gen enfòmasyon ki disponib sou sit la nan plis pase 1 070 lang, pami yo gen plis pase 100 lang siy.

Atik nan bon moman: Nan mwa oktòb 2019, yo te refè paj akèy sit jw.org la pou l ka gen yon atik prensipal ki parèt anlè paj la ak yon imaj ki atiran ak twa lòt atik pa anba l. Fòma sa a fèt yon fason pou atire atansyon sou atik ki gen rapò ak travay predikasyon an. Annapre, Depatman redaksyon ak Depatman atistik te fè yon fason pou atik sa yo ak imaj ki mache avèk yo parèt byen vit sou paj akèy sit la. Konsa, paj akèy la toujou gen atik ki gen rapò ak sa k ap pase nan monn nan. Pa egzanp, paj akèy la te gen atik konsènan pandemi COVID-19, gè ki genyen ant Larisi ak Ikrèn, ak pwoblèm refijye gè a vin lakòz.

Bay bonjan enfòmasyon sou nou: Sit jw.org la ede moun ki enterese yo pou yo jwenn enfòmasyon ki egzak sou òganizasyon nou an ak travay n ap fè a. Epitou, li bay posiblite pou moun pran kontak ak Temwen Jewova yo si yo vle aprann plis. Gen yon dam ki soud ki te etidye Labib ak Temwen Jewova yo lè l te adolesan, men l te pèdi kontak avèk yo lè l te deplase al rete yon lòt kote. Li te vle rekòmanse etidye, men l potko jwenn vizit yon Temwen Jewova nouvo kote l t al abite a. Li te vin sonje sit jw.org la, li t al sou li e l te sèvi ak fòmilè ki sou li a pou l mande pou yo vizite l. Kèk jou sèlman annapre, gen de pyonye espesyal ki te frape pòt li. Nonsèlman li te rekòmanse etid la, men tou, li te kòmanse asiste reyinyon. Kounye a, li batize e l ap ede twa pitit li yo aprann konn Jewova. Li di: “Mwen di Jewova mèsi pou sit la paske si m pa t ranpli fòmilè sa a sou sit la, mwen t ap oblije ret tann jis mwen rankontre ak Temwen Jewova yo pa aza.”

Toutpandan nou kontinye ap preche plis moun posib, sa ankouran pou n konnen òganizasyon Jewova a ap kontinye ban nou tout zouti ki nesesè pou n ede moun ki enterese yo. — Ezayi 60:22.

  • Kantite videyo moun telechaje chak mwa

  • Rapò pou chak mwa ki fè konnen kantite moun ki al sou sit la chak jou

  • Logo ofisyèl jw.org la parèt (mas 2013).

  • Sit la disponib nan kèk lang siy (jiyè 2014).

  • Yo refè paj akèy la yon fason pou l pi atiran pou moun yo (oktòb 2019).

  • Liv Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an parèt (janvye 2021).