Al gade sa k anndan l

8 FEVRIYE 2021
NOUVÈL ENTÈNASYONAL

Kanpay konsènan Wayòm nan pou ane 2020 an: Yon evènman ki te bay frè ak sè toupatou sou tè a fòs e yo “pap janm bliye l”

Kanpay konsènan Wayòm nan pou ane 2020 an: Yon evènman ki te bay frè ak sè toupatou sou tè a fòs e yo “pap janm bliye l”

Mwa novanm 2020 an ap rete kòm yon mwa espesyal Temwen Jewova yo pap janm bliye. Pifò moun oblije ret lakay yo akoz yon pandemi k ap touye moun e nou fè yon ti kanpe sou metòd nou abitye itilize pou n preche yo. Malgre sa, nou rive fè yon kanpay predikasyon sou tout tè a konsènan Wayòm Bondye a. Toupatou sou tè a, plizyè milyon Temwen Jewova te fè tout sa yo kapab pou yo distribye Toudegad No 2 2020 an nan biznis yo, bay otorite nan gouvènman yo, pwofesè yo, zanmi yo, fanmi yo e bay piblik la an jeneral. Tout moun ki te dispoze koute yo te jwenn ankourajman e yo te kontan. Se pa yo menm sèlman ki te kontan. Tout frè ak sè ki te patisipe nan kanpay sa a te jwenn ankourajman ak fòs.

Men kèk eskperyans ak kòmantè frè ak sè toupatou sou tè a te fè:

OSTRALAZI

Sè Lucinda Furkin.

Men sa Lucinda Furkin, yon sè ki fèk batize ki gen 18 an e k ap viv nan peyi Ostrali, te ekri: “Malgre mwen te gen gwo pwoblèm sante nan mitan kanpay la, mwen te santi Jewova ankouraje m anpil anpil, li te kenbe men m e li te ban m fòs mwen te bezwen pou m andire.”

Men sa yon papa k ap viv nan peyi Nouvèl Zelann di sou fason kanpay la te ede fanmi l: “Nou gen kat tifi, ki gen laj 7 an, 9 an, 11 an ak 13 an. Nou te konsidere kanpay sa a k ap fèt sou tout tè a kòm yon asiyasyon Jewova, Papa ki renmen nou an, ban nou. Sa te ede fanmi nou kontinye preche chak jou pandan kanpay la.”

BOTSWANA

Kagiso ak Lydia Marumo, ki nan sèvis sikonskripsyon, te voye peryodik la sou fòma elektwonik bay fanmi yo ki pa kwayan. Yo te resevwa anpil mesaj kote moun yo te voye di yo mèsi. Gen youn nan fanmi Kagiso yo, yon doktè, ki te di peryodik la te rive nan bon moman. Li te esplike gen kèk nan moun l ap pran swen yo ki te gen kesyon sou Bondye ak sou Bib la, e pwòp pitit li te mele nan bagay ki gen rapò ak movèzespri. Fanmi Marumo te pran kontak ak dam sa a, e yo te kòmanse etidye Labib avèk li menm jou swa a. Kounye a, etid la fèt de fwa pa semèn.

Frè Kagiso Marumo ak madanm li, Lydia.

KANADA

Sè Soroya Thompson.

Men sa yon pyonye ki rele Soroya Thompson k ap viv Ontaryo ekri: “Kanpay la te ede m konsantre sou sa ki gen plis enpòtans e sou kantite travay ki rete pou fèt. Epitou, sa te fè m sonje Jewova renmen nou e m wè jis nan ki pwen li pa vle pyès moun detwi. Lefètke m te wè bagay yo konsa, sa te fè m anvi preche plis toujou pandan kanpay la.”

Men sa yon sè nan Kolonbi Britanik di: “Nan peryòd sa a ki gen anpil strès, mwen te deside pran sèvis pyonye oksilyè pou m sispann santi m kraze. Sa te ede m santi m pi byen, e sa te ede fanmi m tou.”

Filyal Kanada fè konnen kanpay la te ede fanmi yo vin pi pwòch youn ak lòt. Li te fè timoun yo santi yo pi itil nan travay predikasyon an, paske yo te ka ekri pwòp lèt pa yo oswa yo te ka ede fanmi an mete etikèt sou anvlòp yo, mete tenb, e yo te ka chèche adrès.

FENLANN

Men sa frè ak sè Tuomisto, ki nan sèvis sikonskripsyon, di: “Mwa novanm se mwa ki pi fènwa nan ane a isit la nan nò Ewòp. Donk, frè ak sè yo, sitou pyonye yo, te rekonesan anpil pou kanpay la ki te ede yo rete pozitif.”

Frè Timo Tuomisto ak madanm li, Eeva.

Gen yon mari ak madanm li ki te voye yon peryodik bay yon moun yo konnen e moun nan te voye yon lèt pou di yo mèsi. Men kèk nan pawòl moun nan te ekri: “Jodi a, [mwen t ap li Bib la nan liv] Jak la. Li di lafwa ki pa gen aksyon ki mache avè l la mouri. Temwen Jewova yo toujou fè efò pou yo jwenn moun yo pou yo pale de Labib avèk yo. Yo fè aksyon ki fè lafwa yo rete vivan.”

LAGRÈS

Men ki kòmantè filyal peyi Lagrès te fè: “Anpil moun santi yo fatige ak pandemi an ak restriksyon ki mache avèk li yo. Kanpay la se egzakteman sa yo te bezwen pou ba yo fòs. Anpil moun di kanpay la te tankou yon ‘ti sous dlo nan yon tè ki sèk’.”

Sè Suzie Kontargiri.

Sè Suzie Kontargiri te deside pran sèvis pyonye oksilyè malgre li gen pwoblèm sante e mari l pa Temwen Jewova. Men sa l di: “Kanpay la fè tout santiman negatif mwen yo ale. Lè m leve nan maten, mwen kontan, mwen fè travay nan kay la, mwen fè manje, mwen pran swen mari m epi apre sa mwen kòmanse preche. Byen souvan, mari m konn mande m ‘si m pap preche jodi a?’ paske li abitye wè m kontan lè m ap preche ak sè yo.”

JAPON

Sè Tamaki Hirota te ekri otorite nan gouvènman yo lèt. Men sa l di: “Se Jewova an premye ki vin ak kesyon bay temwayaj pa mwayen lèt. Li te fè ekri 66 lèt pou lèzòm, e yo li l plizyè fwa pandan anpil ane pou yo ka pwoche bò kote l. Jewova konnen jan metòd sa a efikas. Se yon evènman nou pap janm bliye.”

Sè Tamaki Hirota.

SRI LANKA

Akoz yon erè ki te fèt, sè Meharaja Vijaya ak sè Imayanathan Amutha te ekri nan menm adrès la. Moun ki t al pran lèt yo te jete premye lèt la san li pa menm ouvri l. Apre sa, li te wè dezyèm lèt la. Li di tèt li mesaj ki nan lèt sa yo dwe enpòtan anpil si yo voye l de fwa. Li te li peryodik la, li te rele sè ki te voye dezyèm lèt la e li te aksepte yon etid Labib.

Soti agoch al adwat: Sè Meharaja Vijaya ak Imayanathan Amutha.

Yon otorite lokal te rele filyal Sri Lanka a apre li te fin resevwa peryodik la. Se te yon dam. Li di li pa t janm rankontre Temwen Jewova yo aktout li se yon kretyèn. Apre li te fin di anpil bon bagay sou peryodik la ak sou sit Entènèt nou an, li di: “Ki sa pou m fè pou m vin Temwen Jewova?” San pèdi tan, frè yo te pran dispozisyon pou yon moun vizite l.

ETAZINI

Gen yon pwoklamatè ki gen 13 an, ki nan yon lekòl kote byen souvan yo pale de politik, ki fè konnen jan kanpay mwa novanm nan te ede l. Men sa l di: “Mwen santi m gen plis konviksyon pou m pale ak pwofesè m yo sou rezon ki fè m pa konn patisipe nan deba politik yo. Sa fè lafwa m vin pi djanm.”

Sè Margit Haring.

Sè Margit Haring santi l menm jan an. Men sa l ekri: “Mwen te vin plis chofe e m te gen plis kouraj. Okòmansman, lè m te aprann m ap gen pou m pale ak mèt biznis yo e ak otorite nan gouvènman yo, sa te fè m santi m strese. Men, lefètke m aprann defann kwayans mwen avèk dousè kounye a, sa ap ede m anpil alavni.”

Men sa yon ansyen di: “Sa k te plis touche m se lè m wè kantite frè ak sè ki te pran sèvis pyonye oksilyè malgre y ap soufri akoz gwo pwoblèm sante. Yo te gendwa di yo pa ka pran sèvis la. Okontrè, yo te pwofite patisipe nan kanpay la. Lajwa ak rekonesans yo genyen pou Jewova ak frè ak sè yo byen souvan fè dlo sot nan je nou.”

Gen anpil lòt eksperyans frè ak sè yo fè toupatou sou tè a, men nou pap ka rakonte tout nan atik sa a. Vrèmanvre, nou te kontan pale ak plizyè milyon moun konsènan mesaj Wayòm nan. — Jan 15:11.