Al gade sa k anndan l

Yon reyinyon k ap fèt nan yon Sal Wayòm anvan pandemi COVID-19 la.

15 OKTÒB 2021
NOUVÈL ENTÈNASYONAL

Kolèj santral la fè konnen gen kèk kote yo pral rekòmanse fè reyinyon nan Sal Wayòm yo

Kolèj santral la fè konnen gen kèk kote yo pral rekòmanse fè reyinyon nan Sal Wayòm yo

Kolèj santral Temwen Jewova yo fè konnen li mande kèk filyal pou yo patisipe nan yon pwogram tès kote y ap rekòmanse fè reyinyon nan kèk Sal Wayòm nan tèritwa yo. Filyal sa yo ap chwazi kèk Sal Wayòm nan zòn kote gen anpil moun ki pran vaksen e pa gen anpil moun ki enfekte. Nòmalman, tout aspè nan pwojè sa a ap fèt ann amoni ak lwa gouvènman yo bay pou zòn ki konsène a anrapò ak kesyon reyini nan espas fèmen. Yo te li anons sa a pou tout fanmi Betèl yo nan lemonnantye vandredi 15 oktòb 2021.

Selon rezilta yo jwenn nan tès sa a, y ap deside si y ap bay lòt kongregasyon pèmisyon pou yo rekòmanse reyini nan Sal Wayòm yo. Anons lan te fè konnen tou, an jeneral, aktivite òganizasyon an ki gen rapò ak rankontre moun fizikman ap kontinye sispann jiska 1ye janvye 2022 pou pi piti.

Nou vrèman apresye fason Kolèj santral la gen sousi pou frè n ak sè n yo sou tout tè a ak fason l montre li pridan pandan l ap reprann aktivite òganizasyon an tikras pa tikras. Tanpri, priye Jewova pou l kontinye gide aranjman sa yo e pou l beni yo. — Pwovèb 14:16.