Al gade sa k anndan l

4 JEN 2020
NOUVÈL ENTÈNASYONAL

Lakou siprèm Repiblik Krime kondane frè Artem Gerasimov pou sizan prizon

Lakou siprèm Repiblik Krime kondane frè Artem Gerasimov pou sizan prizon

Jedi 4 jen 2020, Lakou siprèm Repiblik Krime kondane frè Artem Gerasimov pou sizan prizon sèlman poutèt l ap adore Bondye. Li te fè apèl devan Lakou siprèm nan paske l t ap chèche pou yo anile yon desizyon tribinal vil Yalta a te pran kont li kote yo te mande l peye yon amann 400 000 woub (anviwon 6 000 dola ameriken). Piske desizyon Lakou siprèm nan aplikab tousuit, yo mete frè Gerasimov nan prizon. L ap gen pou l fè apèl desizyon sa a.