Al gade sa k anndan l

26 FEVRIYE 2021
NOUVÈL ENTÈNASYONAL

Malgre pandemi COVID-19 la, Temwen Jewova yo pote sekou pou frè ak sè yo pandan yon ane ki bat rekò nan zafè katastwòf

Malgre pandemi COVID-19 la, Temwen Jewova yo pote sekou pou frè ak sè yo pandan yon ane ki bat rekò nan zafè katastwòf

Ane sèvis 2020 an se te kòmansman pi gwo pwogram sekou òganizasyon nou an te janm reyalize. E travay sa a ap kontinye. Yo te fòme plis pase 950 komite sekou nan lemonnantye. Anplis pandemi an, ane 2020 an te gen yon pakèt katastwòf natirèl ak lòt sitiyasyon ijan ki pa sispann ogmante. Komite sekou yo te nonsèlman pote sekou pou frè ak sè nou yo rapidman, men tou yo te respekte konsiy sekirite anrapò ak COVID-19 la. Frè ak sè ki te enplike nan travay pote sekou a di sa fòtifye lafwa yo. Pi ba a, n ap jwenn kèk evènman ki te afekte frè n ak sè n yo:

Siklòn ki fè gwo dega

Pandan ane sèvis 2020 an, gen 126 gwo siklòn ki te afekte frè n ak sè n yo. Kantite sa a reprezante yon ogmantasyon 11,5 pousan parapò ak ane sèvis 2019 la. Anpil nan siklòn sa yo lakòz gwo inondasyon ak glisman teren.

Pa egzanp, plizyè siklòn twopikal te frape peyi Filipin, e anpil pwoklamatè te oblije deplase kite kay yo.

Inondasyon nan Filipin akoz siklòn Vamko, jis kèk semèn apre ouragan Goni te frape peyi a, youn nan pi gwo siklòn ki te janm frape peyi a.

Gwo lapli ki te tonbe toupatou nan Nijerya kraze jaden frè ak sè nou yo.

Inondasyon nan Eta Rivers, nan Nijerya, apre anpil lapli te fin tonbe.

Yon sezon lapli ki te long anpil lakòz gwo dega nan Kore disid.

Inondasyon nan Kore disid pandan sezon lapli ki pi long nan istwa peyi a.

Gwo dife

Gwo dife te ravaje anpil peyi. Gen kèk zòn, se premye fwa yo te gen gwosè flanm dife sa yo.

Pa egzanp, gen kèk frè ak sè nou ki te fè fas ak gwo tonton dife, dife ki boule 313 000 kawo tè pou pi piti.

Se sa ki te rive Ozetazini.

Gwo dife nan Kalifòni, Etazini.

Gwo tonton dife te afekte frè ak sè nou yo nan peyi Ostrali tou.

Dife forè nan Ostrali.

Travay sekou ki efikas e ki respekte konsiy sekirite

Tousuit apre katastwòf sa yo te frape, òganizasyon an te tabli yon seri konsiy sekirite ki pèmèt ni moun k ap bay èd yo ni moun k ap resevwa èd yo pwoteje sante yo.

Frè Han Chan-hee.

Frè Han Chan-hee, ki te ede yon komite sekou nan Kore disid, pale sou kèk nan dispozisyon yo te pran pou pwoteje frè ak sè yo: “Chak maten, nou te verifye tanperati chak moun epi nou toujou kenbe distans antre nou. Nou te limite kantite volontè k ap travay sou plas yo e nou te evite reyini ansanm lè n ap manje ak lè nou pran yon ti poz. Mete sou sa, volontè yo te dwe dezenfekte zouti travay yo anvan e apre travay.”

Frè Chris Shirah.

Gen kèk nan frè ak sè nou yo ki te oblije deplase kite kay yo e genyen ki pèdi kay yo pandan katastwòf sa yo. Men sa frè Chris Shirah, ki te ede yon komite sekou lè dife te frape kot lwès Etazini, fè konnen: “Nou te jere kesyon kantite moun ki loje nan yon menm kay pou n te ka asire n nou byen suiv konsiy sekirite anrapò ak COVID-19 la.”

Frè Philips Akinduro.

Nan anpil zòn, kantite moun ki te ka ede nan travay sekou yo te limite akoz restriksyon ki genyen nan zafè vwayaje e akoz konsiy sekirite yo. Men sa frè Philips Akinduro, ki te travay ak yon komite sekou nan Nijerya, di: “Pi gwo defi nou te genyen sèke [gouvènman an] te limite deplasman yo. Sa te fè li pa t fasil pou n jwenn kantite volontè nou te bezwen.”

Frè Kim Joon-hyeong.

Men ki kòmantè frè Kim Joon-hyeong, ki te travay ak yon komite sekou nan peyi Kore disid, fè sou etadespri volontè yo: “Piske se lanmou pou Bondye ak lanmou pou pwochen nou ki te pouse nou fè travay sekou sa a, nou te toujou veye sou lavi ak sante tout moun pandan n ap fè travay sa a. Kidonk, malgre prekosyon anplis nou te oblije pran, nou te rive kenbe jwa nou pandan n ap fè travay sekou a.”

Travay sekou a fòtifye lafwa

Moun ki te enplike nan travay sekou yo vin gen plis lafwa ak konfyans nan Jewova lè yo wè bèl rezilta yo jwenn malgre difikilte yo.

Pa egzanp, frè Chan-hee t ap mande tèt li si komite sekou a t ap jwenn ase volontè pou derape travay sekou a nan mwens pase 24 èdtan. Li di: “Nan kèk èdtan sèlman, m te vin rann mwen kont m pa t bezwen ap enkyete m pou sa. Plizyè santèn frè ak sè toupatou nan peyi a te ofri tèt yo kòm volontè pou ede. Te tèlman gen anpil volontè, genyen nou pa t rive itilize.” Men sa l di pou l fini: “Mwen te ka santi Jewova te avèk nou, e sa te ankouraje nou.”

Frè Brad Benner.

Menm jan an tou, frè Brad Benner, nan peyi Ondiras, esplike ki jan l santi l apre l te fin ede nan travay sekou apre yon siklòn: “Byenke se yon sitiyasyon ki te pote strès, frè ak sè nou yo ki te oblije deplase kite kay yo te jwenn manje, kote pou yo rete ak ankourajman espirityèl yo te bezwen. Mwen te ka wè ak je m de siklòn ki met ansanm ak yon pandemi pa t ka detwi lanmou ki gen nan òganizasyon nou an.”

Frè Alquin Dayag.

Men sa frè Alquin Dayag, ki te ede yon komite sekou nan peyi Filipin, di pou fini: “Eksperyans sa a ede m wè plis toujou se toutbonvre Jewova ban nou yon pisans ki depase pisans nòmal la e l ban nou sajès nou bezwen pou n fè travay la.” — 2 Korentyen 4:7.

Nou apresye travay di biwo filyal yo, komite sekou yo ak pakèt frè ak sè ki te ede nan travay pote sekou a te rive fè. Travay di volontè yo te fè avèk lanmou ak ofrann nou bay ak tout kè nou te pèmèt nou ede frè ak sè nou yo pandan yon ane ki bat rekò nan zafè katastwòf. — 1 Tesalonisyen 1:3.