Al gade sa k anndan l

16 AVRIL 2021
NOUVÈL ENTÈNASYONAL

Memoryal 2021: Foto ki soti toupatou nan monn nan

Memoryal 2021: Foto ki soti toupatou nan monn nan

Nan dat ki te 27 mas 2021 an, Temwen Jewova toupatou sou tè a te reyini pa mwayen videyo konferans pou yo asiste Memoryal lanmò Kris, yon fason pou yo montre rekonesans yo genyen pou Jewova ak Jezi Kris, Pitit Gason l lan. Sa fè dezyèm ane pandemi an anpeche frè ak sè yo reyini an pèsòn pou yo komemore Memoryal lanmò Kris. Epoutan, yo tout detèmine pou yo obeyi kòmandman Jezi te bay la ki di: “Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m.” — Lik 22:19.

Pi ba a, n ap wè foto frè ak sè nou yo toupatou nan monn nan k ap prepare yo oswa k ap asiste Memoryal 2021 an.