Al gade sa k anndan l

1YE JEN 2022
NOUVÈL ENTÈNASYONAL

N ap rekòmanse Temwayaj an piblik

N ap rekòmanse Temwayaj an piblik

Nan dat 31 me 2022 a, Kolèj santral Temwen Jewova yo te fè tout komite filyal yo konnen yo kapab rekòmanse ak tout kalite Temwayaj an piblik sof predikasyon kay an kay. Chak komite filyal ap egzamine sitiyasyon nan tèritwa ki sou kont yo e y ap bay kongregasyon yo enstriksyon anvan lontan, toutpandan y ap pran an konsiderasyon kèlkeswa restriksyon gouvènman yo bay (Women 13:1). Nou kontan paske nou pral gen lòt posiblite pou n pataje bon nouvèl Wayòm nan ak pwochen nou yo! — Matye 28:19, 20.