Al gade sa k anndan l

Soti agoch pou al adwat: Frè Vladimir Maladyka; Frè Vladimir Sakada ak madanm li, Svetlana; Frè Yevgeniy Zhukov

9 ME 2022
NOUVÈL ENTÈNASYONAL

Plizyè fanmi nan Krime ap andire anba pèsekisyon grasa èd Jewova

Plizyè fanmi nan Krime ap andire anba pèsekisyon grasa èd Jewova

Tribinal distri Nakhimovskiy nan Sevastopol gen pou l fè konnen desizyon li pran nan ka ki konsène frè Vladimir Maladyka, frè Vladimir Sakada, ak frè Yevgeniy Zhukov. Komisè a poko fè konnen ki santans li ta renmen yo ba yo.

Dat ak evènman ki te pase

  1. 1 oktòb 2020

    Ajan FSB yo te fouye kay nèf fanmi Temwen Jewova nan Sevastopol, sa ki gen ladan l kay fanmi Maladyka, fanmi Sakada, ak fanmi Zhukov. Pandan yo t ap fouye kay fanmi Maladyka, ajan yo te jwenn pake lèt an poud. Otorite yo te fè konnen sa ki nan pake yo te jwenn nan sanble ak “dwòg” se poutèt sa yo te voye frè Maladyka ak madanm li, Nataliya, nan yon sant sikyatri pou yo ka egzamine yo. Yo te lage Nataliya yon tikras pita nan menm jou a. Yo te mete frè Maladyka, ansanm ak frè Sakada ak frè Zhukov, nan yon sant detansyon pwovizwa. Apre sa, nan demen, yo te voye yo nan prizon annatandan yo jije yo.

  2. 23 mas 2021

    Yo te libere frè Sakada e yo te entèdi l kite kay la. Yo te mete yon aparèy sou li pou suiv tout mouvman l, yo te entèdi l itilize Entènèt, fè apèl, oubyen menm kominike ak lòt frè ki enplike nan ka a.

  3. 30 mas 2021

    Yo te libere frè Maladyka e yo te entèdi l kite kay la.

  4. 17 me 2021

    Yo te libere frè Zhukov apre plis pase sèt mwa li te fè nan prizon e yo te entèdi l kite kay la.

  5. 30 septanm 2021

    Pwosè a te kòmanse.

Enfòmasyon pèsonèl

Nou gen konfyans Jewova bay frè sa yo k ap jwenn pèsekisyon nan Krime plis kouraj toujou. — 1 Tesalonisyen 3:12, 13.