Al gade sa k anndan l

Frè ak sè toupatou sou tè a ki reyini pou Memoryal la.

21 AVRIL 2022
NOUVÈL ENTÈNASYONAL

Plizyè milyon moun te reyini pou yo selebre Memoryal lanmò Kris

Plizyè milyon moun te reyini pou yo selebre Memoryal lanmò Kris

Frè ak sè k ap salye youn lòt nan peyi Chili.

Nan dat ki te 15 avril 2022 a, plizyè milyon Temwen Jewova toupatou sou tè a ak moun yo te envite te selebre Soupe Seyè a. Dènye fwa yo te selebre Memoryal la an pèsòn se te an 2019. Moun ki pa t ka asiste evènman sa a an pèsòn te konekte pa mwayen Entènèt pou yo suiv pwogram nan nan zòn yo a.

Memoryal lanmò Kris se reyinyon ki pi enpòtan nan ane a pou Temwen Jewova yo. Akoz pandemi COVID-19 la, evènman sa a ki fèt chak ane te konn fèt pa mwayen videyo konferans pandan dezan. Gen plis pase 21 milyon moun ki te asiste Memoryal la an 2021.

Pou kèk moun, tankou Markensia Remy k ap viv ann Ayiti, se te premye fwa yo te asiste Memoryal la an pèsòn. Men sa Markensia, ki gen ennan depi l batize, di: “Mwen te vrèman kontan asiste Memoryal la nan yon Sal Wayòm. Mwen pa gen mo pou m esplike jan m santi m. Mwen santi m fè pati yon gwo fanmi.”

N ap di Jewova mèsi paske li te beni Memoryal ane sa a, e nou sitou rekonesan anvè Jewova Dye ak Jezi Kris, Pitit Gason l lan, pou pi gwo aksyon ki fèt ki demontre lanmou. — Jan 3:16.

 

Ajantin

Bolivi

Brezil

Kanbòj

Repiblik santrafrikèn

Zile Kouk (Rarotonga)

Ekwatè

Endonezi

Izrayèl

Japon

Kazakstan

Kosovo

Meksik

Paragwe

Pewou

Filipin

Polòy

Woumani

Espay

Taywann

Ikrèn

Etazini

Venezyela