Al gade sa k anndan l

Frè ak sè ki nan prizon kounye a nan peyi Larisi ak Krime.

3 JANVYE 2022
NOUVÈL ENTÈNASYONAL

Plizyè nasyon siyen yon dokiman pou mande sispann pèsekisyon kont Temwen Jewova yo

Plizyè nasyon siyen yon dokiman pou mande sispann pèsekisyon kont Temwen Jewova yo

Nan dat ki te 17 desanm 2021 an, plizyè nasyon ki manm Alyans entènasyonal pou libète relijyon a (IRFBA) te siyen yon dokiman pou soutni Temwen Jewova k ap sibi pèsekisyon pou lafwa yo. Nan dokiman an, yo mande pou yo lage tout Temwen ki nan prizon yo prese prese, epi pou yo fini ak kesyon tòtire Temwen yo, maltrete yo, rantre nan kay yo avèk fòs e gen prejije kont yo.

Gen plis pase 150 Temwen sou tout tè a yo mete nan prizon pou lafwa yo. Pami peyi kote yo mete yo nan prizon, gen Krime, Eritre, Larisi, Sengapou ak Tajikistan. Manm IRFBA yo fè konnen “gwo enkyetid” yo genyen akoz “yo ogmante pèsekisyon kont Temwen Jewova yo” epi yo tou fè konnen Temwen yo gen dwa pou yo pratike lafwa yo “san kè sote, san yo pa ba yo pwoblèm, san yo pa gen prejije kont yo oswa pèsekite yo”.

Nou rekonesan paske gen gouvènman ki byen wè bagay yo lè yo defann dwa nou genyen pou nou adore. Finalman, nou konnen se Jewova k ap kontinye pwoteje frè ak sè nou yo y ap pèsekite, yo menm ki met tout konfyans yo nan li, e l ap “ba yo lapè nètale”. — Ezayi 26:3.

a Alyans sa a se yon gwoup peyi ki met tèt yo ansanm pou yo soutni libète relijyon kèlkeswa kote sou tè a.