Al gade sa k anndan l

Frè Artem Shabliy.

1YE AVRIL 2022
NOUVÈL ENTÈNASYONAL

Pwoteksyon Jewova bay tankou ‘yon mi an wòch’

Pwoteksyon Jewova bay tankou ‘yon mi an wòch’

Nan dat ki te 16 fevriye 2022 a, tribinal vil Kèch nan Repiblik Krime kondane frè Artem Shabliy pou l pase dezan nan prizon si yo arete l pou menm bagay yo ankò. Li pa gen pou l al nan prizon pou kounye a.

Dat ak evènman ki te pase

  1. 26 me 2020

    Lapolis te rantre ak fòs lakay Artem ak lakay kat lòt fanmi Temwen Jewova nan Krime. Pandan yo t ap rantre ak fòs lakay Artem, yo te kase vit nan yon fenèt e gen moso vit ki t al blese pye yon pitit gason Artem ki gen katran. Apre otorite yo te fin fè twazèdtan ap fouye kay la, yo te mete Artem yon kote poukont li pandan twa jou.

  2. 9 jen 2020

    Artem te mande tribinal vil Kèch la pou l montre l rapò ankèt ki te ouvri kont li a. Malgre lalwa ba l dwa pou l wè rapò a, tribinal la te refize montre l rapò a.

  3. 24 me 2021

    Pwosè a kòmanse. Anpil frè ak sè te vin nan tribinal la pou bay sipò yo, men yo pa t kite yo antre kote yo t ap fè pwosè a.

Enfòmasyon pèsonèl

Eksperyans Artem nan montre Jewova pa lage sèvitè fidèl yo, li ede yo. Nou gen konfyans Jewova ap kontinye vin yon fòtrès ak yon kote ki an sekirite pou tout frè ak sè yo nou yo nan Krime ak nan Larisi. — Sòm 18:2.