Al gade sa k anndan l

Yon konferans pou laprès nan vil Moskou nan dat ki te 1ye avril 2021 an pou komemore 70yèm anivèsè depòtasyon Temwen yo yo te voye Siberi nan tren.

30 AVRIL 2021
NOUVÈL ENTÈNASYONAL

REZIME | Yo te fè yon seri konferans nan peyi Mòldavi, Larisi ak Ikrèn pou komemore 70yèm anivèsè depòtasyon Temwen Jewova yo nan Siberi

REZIME | Yo te fè yon seri konferans nan peyi Mòldavi, Larisi ak Ikrèn pou komemore 70yèm anivèsè depòtasyon Temwen Jewova yo nan Siberi

Yo te fè yon seri konferans sou Entènèt, an prezans yon seri espè ak jounalis, nan peyi Mòldavi, Larisi ak Ikrèn pou komemore 70yèm anivèsè Operasyon nò a, sa vle di depòte Sovyetik yo te depòte 9 793 Temwen Jewova nan tren pou yo ale Siberi nan ane 1951.

Pandan konferans yo, yo te ankouraje moun ki te la yo pou yo ale sou sit Entènèt 1951deport.org, yon sit Entènèt yo fè pou pale de Operasyon nò a. Se Temwen Jewova yo ki fè sit Entènèt sa a e li disponib ann anglè, ris ak ikrényen. Li bay bonjan enfòmasyon ak esplikasyon sou sa k te pase lè yo te depòte Temwen yo.

1ye avril | Konferans akademik nan peyi Mòldavi

Doktè Lidia Padureac, nan Inivèsite Eta Alecu Russo nan Balti, di: “USSR te sèvi ak depòtasyon 1951 an kòm yon avètisman piblik pou anpeche lòt ide ki pa ide kominis gaye.”

Frè Victor Dornicenco (anlè agoch) k ap pale pandan yon konferans twa enstiti akademik nan peyi Mòldavi te fè nan dat 1ye avril 2021 an.

Men, doktè Nicolae Fustei, yon espè k ap fè rechèch pou Enstiti istwa a, di: “Operasyon nò a pa t atenn objektif li. [...] Òganizasyon Temwen Jewova yo pa kraze, e manm li yo pa sispann pataje kwayans yo ak lòt moun. Okontrè, yo menm fè sa ak plis kouraj toujou.”

Doktè Virgiliu Birladeanu, yon espè k ap fè rechèch pou Enstiti istwa a e ki anmenmtan prezidan konferans lan, te pale sou atitid estrawòdinè li wè Temwen yo te depòte yo genyen nan entèvyou li te fè ak kèk nan yo nan rechèch li t ap fè. Men sa l di: “Mwen te sezi wè jan yo pozitif, yo pa kenbe Eta sovyetik la sou kè akoz sa yo te andire yo.”

Frè Victor Dornicenco, ki nan filyal peyi Mòldavi a, fè konnen se menm move tretman Sovyetik yo te bay Temwen yo peyi Larisi ap reba yo ankò jodi a. Li di: “Malerezman, pa gen anyen ki chanje. Ann ete 2017, san okenn baz legal, yo te entèdi aktivite Temwen Jewova, ki gen 175 000 moun, nan peyi Larisi. Akoz move enfòmasyon yo bay sou Temwen Jewova yo ak prejije yo gen kont yo, sa lakòz yo pèdi yon seri dwa ki enpòtan anpil, tankou dwa pou yo panse, pou yo chwazi relijyon yo vle e pou yo suiv sa konsyans yo di yo.”

1ye avril | Konferans pou laprès nan vil Moskou

Jan nou te di sa nan yon atik anvan, te gen senk espè nan relijyon ak nan dwa moun, ansanm ak frè Yaroslav Sivulskiy ki se reprezantan Asosyasyon ewopeyen Temwen Jewova yo, ki te reponn kesyon jounalis yo te genyen konsènasyon Operasyon nò a ak pèsekisyon ki gen kounye a nan peyi Larisi. Yo te pase konferans lan an dirèk sou Entènèt nan lang anglè ak ris.

6 avril | Òganizasyon Memoryal entènasyonal te òganize yon chita pale nan vil Moskou

Jan nou te di sa anvan, yo te pase evènman sa a an dirèk sou Entènèt nan lang ris sèlman.

8 avril | Konferans akademik nan vil Kyèv

Katòz espè ki soti nan sis peyi, ansanm ak frè Ivan Riher ki nan filyal peyi Ikrèn, te fè yon seri diskou byen kout. Nan rechèch espè yo te fè, gen nan yo ki te fè bonjan entèvyou ak moun yo te depòte ki vivan toujou yo. Yo te pase kèk pati nan videyo sa yo pou moun ki te la yo.

Doktè Tomasz Bugaj, istoryen e k ap fè rechèch pou Enstiti syans ak kilti nan Inivèsite Silezi nan peyi Polòy, di: “Malgre move kondisyon Temwen Jewova yo t ap viv e yo t ap travay nan Siberi, yo te rete fidèl ak prensip moral yo e ak sa yo kwè. Yo pa t menm gen lide fè konpwomi pou yo ka jwenn pi bon travay ak pi bon kondisyon pou yo viv oswa pou yo ka jwenn manje.” Doktè Bugaj fè konnen Temwen yo “san parèy” paske relijyon yo a pa disparèt sou rejim kominis la.

Pwofesè Liudmyla Fylypovych, vis prezidan Asosyasyon ikrényen etid relijye, te fè konnen kounye a Temwen Jewova yo nan peyi Ikrèn distribye piblikasyon ki baze sou Bib la nan 36 lang. Epitou, li te mete aksan sou jan travay predikasyon y ap fè a pote byenfè menm pou moun ki pa Temwen yo. Li di: “Temwen yo rezoud anpil gwo pwoblèm sosyal Ikrényen yo ap fè fas.” Pa egzanp, li remake Temwen yo fè sa yo kapab pou yo ede moun ki gen pwoblèm pou yo tande e pou yo wè pou yo rive konnen verite ki nan Bib la, e konsa pou moun sa yo santi yo gen valè nan sosyete a.

Yo te pase evènman an an dirèk nan lang anglè, ris ak ikrényen.

9 avril | Konferans pou laprès nan vil Kyèv

Pwofesè Fylypovych te di laprès: “Temwen Jewova yo te montre jan yo ka byen adapte yo ak divès kalite sitiyasyon. Mete sou sa, yo te byen sèvi ak move kondisyon sa yo pou yo ka rive gaye prensip yo aprann nan Bib la [...]. Nan epòk sovyetik la, moun te respekte Temwen Jewova yo poutèt yo fidèl ak prensip yo aprann.”

Pwofesè Igor Kozlovskyy, ki prezidan Sant rechèch relijye ak relasyon espirityèl entènasyonal nan peyi Ikrèn, di: “Pou nou ka konnen kiyès nou ye, nou bezwen sonje istwa nou [...]. Yo pa ta dwe pale de enfòmasyon konsènan depòte yo te depòte Temwen Jewova yo kòm yon bagay ki pa gen enpòtans. Yo dwe mete l nan istwa jeneral peyi Ikrèn.” Epitou, li di: “Se responsablite espè nan relijyon yo pou yo eseye elimine move pawòl ak manti y ap bay sou Temwen Jewova yo ak sou lòt relijyon.”

Yo te pase evènman an an dirèk ann anglè ak ikrényen.