Al gade sa k anndan l

Frè Miguel Silva ak Mónica, madanm li, k ap egzamine eksperyans frè Konstantin Bazhenov nan seksyon Nouvèl sou sit jw.org la.

9 AVRIL 2021
NOUVÈL ENTÈNASYONAL

Seksyon Nouvèl konsènan Temwen Jewova yo ini frè ak sè yo toupatou sou tè a e li ba yo fòs

Seksyon Nouvèl konsènan Temwen Jewova yo ini frè ak sè yo toupatou sou tè a e li ba yo fòs

Atik ki parèt sou sit jw.org la nan seksyon Nouvèl la konsènan jan frè ak sè toupatou sou tè a ap fè fas ak pèsekisyon ede nou andire. Enfòmasyon yo bay sou frè ak sè sa yo ede nou konnen yo, e eksperyans frè ak sè sa yo fè ak sa yo di ban nou fòs, yo fè nou ini e yo ban nou prèv yo pa pèdi lajwa yo malgre eprèv yo jwenn. Eksperyans ki vin apre yo montre byenfè frè ak sè toupatou sou tè a jwenn lè yo li atik sa yo.

Nou dwe konsantre sou sa nou ka fè

Menm jan ak anpil nan nou, frè Miguel Silva ak Mónica, madanm li (nou wè pi wo a) se de pyonye espesyal nan peyi Pòtigal. Aktivite nòmal yo te kanpe akoz pandemi an. Sitiyasyon konsa ka dekouraje nou e fè nou pèdi fòs pafwa. Men, lè yo te li atik nan seksyon Nouvèl la ki pale konsènan frè Konstantin Bazhenov, sa te ba yo fòs. Konstantin te vle li Labib, men li pa t ka jwenn youn nan prizon an. Li pa t kite dekourajman fini avè l, okontrè li te fè pwòp bib pa l lè l ekri tout vèsè li sonje yo. Sa te aprann Miguel ak Mónica yon gwo leson. Miguel di: “Pandan pandemi an, nou pa dwe konsantre sou sa n pa ka fè, okontrè, nou dwe konsantre sou sa n ka fè pandan nou lakay nou, epi chèche gen rekonesans pou sa.”

Epitou, Miguel ak Mónica te deside amelyore lekti Labib ak meditasyon yo fè chak jou. Men sa Mónica di: “Nou gen asirans Jewova ap fè nou sonje tout sa nou te etidye yo lè nou bezwen sa.” Men sa Miguel ajoute: “Eksperyans frè Bazhenov la motive n tou pou n wè se yon posiblite nou genyen pou nou ankouraje lòt moun, pou nou chante pou Jewova e pou nou priye plis pandan nou oblije rete lakay nou an.”

Nou vin pa pè pesekisyon

Sè Christine Mouhima Etonde k ap li enfòmasyon sou frè ak sè nou nan peyi Larisi k ap andire pèsekisyon.

Sè Christine Mouhima Etonde, yon pyonye pèmanan nan peyi Kamewoun, admèt pandan plizyè ane li te pè lè l li istwa konsènan pèsekisyon. Men, li esplike kounye a li pa wè bagay yo menm jan an ankò. Li di: “Lè m li atik nan seksyon Nouvèl la sou jan frè ak sè nou yo andire pèsekisyon, sa fè m vin wè bagay yo yon lòt jan nèt. Lè m li atitid frè yo genyen ak priyè presi yo fè, e lè m wè souri yo genyen ak fason yo te prepare alavans pou pèsekisyon, kèlkeswa laj yo genyen, sa motive m pou m chèche konn Jewova pi byen. Mwen vin tèlman renmen Jewova, kounye a, mwen ka imajine tèt mwen ki jwenn pèsekisyon san m pa pè, ki kontan, k ap priye e k ap medite sou Jewova.”

Nou dwe prepare pou nou defann lafwa nou

Frè Iulian Nistor ak Oana, madanm li, k ap pale sou atik nan seksyon Nouvèl la ki pale sou fason frè ak sè yo defann lafwa yo.

Frè Iulian Nistor ak Oana, madanm li, ap viv nan peyi Woumani. Sa te touche yo pou yo wè fason frè Anatoliy Tokarev te defann lafwa l devan tribinal. Li te kalm, li te gen respè pou moun yo e li te gen bonjan detèminasyon pou l kenbe entegrite l. Egzanp li te fè Iulian ak Oana reflechi sou fason yo t ap defann lafwa yo si yo ta devan tribinal. Men sa Oana di: “Pandan adorasyon an fanmi, nou te imajine nou devan tribinal e n ap defann lafwa nou. Li pa fasil pou nou pale sou kwayans nou avèk tak ak respè, jan frè nou an te fè sa. Nan fen adorasyon an fanmi an, nou te santi nou vin pi pwòch frè ak sè nou yo. Epitou, nou te wè jan sa enpòtan pou nou prepare pou nou defann lafwa nou, e sa te fè nou wè rezon ki fè nou fyè dèske n se Temwen Jewova.”

Nou dwe analize kalite priyè nou yo

Sè Anna Ravoajarison, nan peyi Madagaska, k ap gade dènye atik ki parèt sou sit jw.org la nan seksyon Nouvèl la.

Sè Anna Ravoajarison k ap viv nan peyi Madagaska te konprann li enpòtan pou l analize kalite priyè li fè yo. Apre Anna te fin li eksperyans frè Jovidon Bobojonov, li di: “Pafwa, lè m okipe anpil ak aktivite mwen genyen chak jou yo, mwen santi m jis priye pou priye. Si m pa pran kèk minit pou m reflechi ak sa m pral di Jewova, se rete m ap rete epi m wè m ap di menm bagay yo.” Lè l te fin pi byen medite sou egzanp Jovidon, li te eseye mete l nan plas Jovidon. Li di: “Ki bagay presi m te ka di si m t ap jwenn pèsekisyon menm jan an?” Epi li di: “Sa te aprann mwen enpòtans pou m pran yon ti tan anvan m priye pou m medite sou sa m ap di Jewova. Se pa ti apresye mwen apresye eksperyans sa yo.”

Nou ka gen plis konpasyon pou frè nou yo

Frè Ruben Catarino ak Andreia, madanm li, k ap li enfòmasyon sou yon mari ak madanm nan peyi Larisi yo jije akoz lafwa yo.

Frè Ruben Catarino ak Andreia, madanm li, ap sèvi kòm pyonye pèmanan nan peyi Pòtigal. Yo santi yo vin pi pwòch frè ak sè yo. Ruben di: “Nan tan lontan, nou te konnen frè nou yo nan lòt peyi jwenn pèsekisyon, men nou pa t konnen yo. Nou pa t konnen kiyès yo ye, jan lavi yo te ye oswa difikilte yo t ap fè fas. Kounye a, grasa atik sa yo nou ka vrèman konnen yo. Mèsi anpil! Nou ka priye espesyalman pou yo pou yo andire sitiyasyon yo ye a. Sa fè nou santi nou pi pwòch frè ak sè yo, e nou santi priyè nou fè yo ka gen plis fòs.”

Li enpòtan anpil pou nou fè etid pèsonèl

Sè Cecilia Cardoso k ap sèvi ak seksyon Nouvèl ki sou sit jw.org la nan etid pèsonèl li.

Pa gen dout, anpil nan nou santi nou menm jan ak sè Cecilia Cardoso, yon pyonye pèmanan nan peyi Pòtigal ki di: “Lè m li eksperyans frè ak sè yo, kounye a, mwen vin bay etid pèsonèl plis enpòtans toujou. Grasa etid pwofon mwen fè nan Bib la, mwen vin fè Jewova plis konfyans, e mwen vin pi renmen l. L ap ede m wè laperèz mwen genyen tankou yon ti grenn sab bò lanmè. Mwen vin aprann laperèz ap paralize nou sèlman si nou sispann konte sou Jewova.”

Ala rekonesan nou rekonesan paske nou gen egzanp sa yo nan epòk nou an, yon seri frè ak sè ki gen kouraj, e nou kontan paske yo pibliye yo sou jw.org. Istwa sa yo ban nou “anpil kouraj e n ap kapab di: ‘Se Jewova ki èd mwen, mwen pap pè.’” — Ebre 13:6.