Al gade sa k anndan l

19 OUT 2024
NOUVÈL ENTÈNASYONAL

Siklòn Debby lakòz gwo inondasyon nan pati lès Amerik dinò

Siklòn Debby lakòz gwo inondasyon nan pati lès Amerik dinò

Nan kòmansman mwa out 2024, gen yon tanpèt twopikal ki te pran nesans nan oseyan Atlantik la. Rapidman, li te vin tounen siklòn Debby. Apre sa, nan dat 5 out 2024, siklòn nan ki te nan kategori 1 te frape toupre Steinhatchee, nan Florid, Etazini. Vitès van ki te frape zòn nan te rive 130 kilomèt alè. Mete sou sa, pandan siklòn nan t ap vanse li te lakòz yon douzèn tònad. Akoz gwo van ak gwo lapli, plizyè santèn milye moun pa t gen kouran. Gen omwen uit moun ki mouri Etazini.

Apre siklòn Debby fin frape Florid, li te pèdi fòs, li vin tounen yon tanpèt twopikal, e li pran direksyon Kanada. Nan vandredi 9 out 2024, nan mwens pase 24 èdtan, gen 22 santimèt lapli ki tonbe sou Kebèk, yon pwovens nan Kanada. Gwo lapli a te lakòz plizyè kay inonde e sèvis debaz yo pa t fonksyone byen kèk kote. Epitou, plizyè santèn moun te oblije deplase al yon kote ki plis an sekirite. Selon rapò yo, gen yon moun ki mouri Kanada.

Sitiyasyon frè ak sè nou yo

Etazini

  • Pa gen okenn nan frè ak sè nou yo ki mouri

  • 1 pwoklamatè te entène lopital

  • 23 pwoklamatè te oblije kite kay yo

  • 7 kay sibi gwo domaj

  • 60 kay sibi ti domaj

  • 1 Sal Wayòm sibi ti domaj

Kanada

  • Pa gen okenn nan frè ak sè nou yo ki mouri. Men, nou regrèt aprann gen yon etidyan Labib ki mouri nan yon glisman teren

  • 1 pwoklamatè blese

  • 23 pwoklamatè te oblije kite kay yo, men pifò nan yo gentan tounen lakay yo

  • 2 kay sibi gwo domaj

  • 165 kay sibi ti domaj

  • Pa gen okenn Sal Wayòm ki sibi domaj oswa ki kraze

Dispozisyon pou pote èd

  • Siveyan sikonskripsyon ak ansyen Ozetazini ak Kanada ap ede tout moun ki viktim yo nan domèn espirityèl e yo ba yo èd ki nesesè.

  • Nan peyi Kanada, yo mete yon komite sekou sou pye pou bay èd ki nesesè.

Nou kontinye priye pou moun ki viktim anba gwo tanpèt sa a. Sa ki ankouraje n se paske n konnen Jewova pap manke pa montre li se “delivrans nou lè nou nan malè”. — Ezayi 33:2.