Al gade sa k anndan l

12 AVRIL 2022
NOUVÈL ENTÈNASYONAL

Tradiksyon monn nouvo a disponib an bray nan twa lòt lang

Tradiksyon monn nouvo a disponib an bray nan twa lòt lang

Pandan mwa ki sot pase yo, Tradiksyon monn nouvo a parèt an bray nan twa lang: alman, koreyen ak ikrényen. Fichye elektwonik yo disponib sou jw.org. Yon moun ka sèvi ak machin pòtatif pou fè transkripsyon bray pou fichye bray koreyen ak ikrényen yo. Yo ka sèvi ak yon lektè ekran pou li fichye bray alman yo.

Yon frè koreyen k ap li yon fichye elektwonik sou yon machin pòtatif pou fè transkripsyon bray.

Gen moun avèg ki koute piblikasyon yo e ki sèvi ak machin pou fè transkripsyon yo, men, gen anpil moun avèg ki prefere sèvi ak piblikasyon an bray yo sou papye. Yo gentan pwodui premye volim Bib la an bray alman e yo gentan voye yo bay pwoklamatè yo. Y ap voye Bib an bray koreyen an ale nan mwa k ap vini yo. Akoz gè ki genyen ann Ikrèn nan, yo fè yon ti kanpe sou distribisyon Bib an bray ikrényen an.

Travay pwodui Bib an bray la gen ladan l mete mo yo, san wete tout referans ki genyen nan Tradiksyon monn nouvo a, nan karaktè bray. Yo oblije mete bagay moun ka wè tankou kat ak tablo nan yon fòma moun avèg la ap ka konprann.

Men sa yon sè ki avèg e k ap viv ann Almay di: “Lè m li yon bagay an bray mwen sonje l. Sa pi bon pou mwen pase lè m jis tande. Sa fè m renmen Jewova plis e m gen plis konfyans nan li.”

Anwo agoch: Y ap sèvi ak yon anbosez pou fè pwen bray yo sou yon papye espesyal. Nan mitan: Yon sè k ap relye plizyè paj bray pou l fè yon volim. Adwat: Y ap prepare plizyè volim bray pou yo voye bay pwoklamatè ki avèg yo.

Se Wòlkil, nan Nouyòk, Ozetazini, yo enprime tout Bib an bray yo e yo sèvi ak yon machin ki rele anbosez. Machin sa a se li menm ki fè pwen bray yo sou yon papye espesyal e apre sa yo mete tout papye yo ansanm pou fè yo fè yon volim. Apre sa, yo voye volim sa yo nan filyal yo pou bay pwoklamatè yo. Tradiksyon monn nouvo a ann antye an bray kapab gen plis pase 30 volim e l ka fè plis pase 2 mèt longè nan yon bibliyotèk.

Youn nan moun ki te travay pou transkri mo an bray koreyen fè konnen: “Lè nou sonje tout byenfè frè ak sè nou yo ki avèg pral jwenn lè yo resevwa Bib sa a, e jan sa ap fè yo santi yo byen, sa fè nou vin gen plis rekonesans pou Jewova.”

Nou gen konfyans tradiksyon Bib sa yo an bray pral ede frè ak sè nou ki avèg yo toutpandan Jewova ap fè yo jwenn “anpil bon bagay”. — Sòm 107:9.